Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
6 janvier 2023

Wouj, Koulè Litijik Fineray Pap Benwa 16

Pap Benwa 16, funeray (1)

 

Abityèlman, lè nou ale nan yon fineray nan Legliz Katolik, nou toujou wè Litiji a (Pè a, Anfan-d-Kè yo ak kèk kote nan Legliz la) itilize koulyè vyolèt / mov. Fòk nou di tou nan fineray yon Pè, nan tan Pak ak nan anpil peyi tankou Etazini ki nan Amerik la, Kanada, Frans, elatriye, nou wè se koulè blan Legliz la itilize nan fineray yo. Pou Legliz la, koulè vyolèt la pa sèlman senbolize tristès. Nan Litiji a, vyolèt (mov) la senbolize penitans (Karèm) ak Pasyans/esperans (Lavan). Nan kad fineray, koulè sa senbolize lapenn, lesperans ak lapriyè Legliz la ki konfye pitit li yo (ki fè gran vwayaj la) a Bondye Kè sansib la.

Epoutan, jou jedi ki te 5 janvye (2023) a, ki se te jou fineray Pap Benwa 16 nan Vatikan (Wòm, Itali), anpil nan nou te remake 2 bagay ki petèt te etone nou. Premye bagay, sèke nou te wè yon Pap (Franswa) kap chante fineray yon lòt Pap (Benwa 16); yon bagay okenn nan nou potko janm wè. Dezyèm bagay nou te wè, sèke yo te abiye Pap Benwa 16 ak koulè wouj; e Pap Franswa ak tout lòt Evèk, Pè, Dyak ki te la te abiye (litijikman) ak menm koulè sa a. Poukisa ?

Pap Benwa 16, funeray (2)

Sa pou nou konnen dabò, sèke se pa premye fwa fineray yon Pap chante ak koulè wouj. Depi Pap Pòl 6 (ki te fini Konsil Vatikan 2 a), e, apre li, Pap Jan-Pòl premye, Jan-Pòl 2, e, nan kòmansman ane a, Benwa 16, nou konstate kijan tout Pap yo antere ak koulè wouj. Men pwobèm nan, akòz pifò foto yo te nwa e blan, nou pat gen chans konstate sa avan. Pou Jan-Pòl 2, rezo sosyal pat fasil konsa, sa sa ki fè sa te rete yon mistè pou anpil moun paske moun pat gen chans dekouvri sa, tankou jan sa fasil jounen jodi a. Men, poukisa Legliz la chwazi koulè sa pou fineray Pap yo?

Avan nou bay rezon an, ki pa yon chwa konsa konsa, fòk nou konnen sa : jis jounen jodi a, se koulè wouj ki itilize nan fineray yo nan Tradisyon Bizanten nan. Bizanten soti nan Bizans, ki se ansyen non lavil Konstantinòp. Se anperè Konstanten premye ki te chanje non lavil la an pwòp non pa li nan lane 330 A. D. Men nan lane 453 A. D., Tik yo te anvayi e pran lavil Konstantinòp. Konsa, nan lane 1930, yo te chanje non an an Istanboul, ki se kapital peyi Tiki jounen jodi a. Epoutan, yo pa chanje non Rit ou Tradisyon litijik yo. Kifè, rit/tradisyon bizanten ou Konstantinòp la, se yonn nan rit nan Legliz Loryan yo. 17 Legliz Katolik Oryantal ak majorite Legliz Òtodòks itilize Rit Bizanten an. Anpil legliz pwotestan tou enspire de rit sa a.

Nan Rit ou Tradisyon bizanten nan, nou jwenn anpil bagay ki diferan : Klèje a abiye diferan de jan nou wè Pè ak Evèk yo nan peyi nou (ki fè pati de rit Women ou Laten an) ; Legliz yo fèt yon lòt fason (achitèkti ak imaj yo), Selebrasyon Sakreman yo ak lapriyè yo diferan ; e tankou jan sa te di pi wo, koulè yo itilize nan fineray yo, se wouj. Dayè, nan anpil litiji oryantal yo, koulè vyolèt/mov la pa egziste. Poukisa ? Repons la se paske nan kòmansman, anpil kretyen pat konnen yon lanmò natirèl ; se touye yo te touye pifò. Lanmò sa, litiji a rele l Mati. Preske tout kretyen te aksèpte kite san yo koule pou temwaye Levanjil la ak Jezi, Li menm ki te kite San l koule an premye pou delivrans nou ak delivrans tout moun. Dayè se sa mo mati a vle di "Martyrion = temwen." Kretyen òtodòks yo toujou kenbe tradisyon sa a.

Wouj la, se koulè Apot yo ak Mati yo

 Nou konnen kòman lavi tout Apot yo te fini sou tè a. Eksèpte Sen Jan (ki te pi jenn Apot e ki te ekri 4e Levanjil la, 3 Lèt ak liv Apokalips/Revelasyon an), se touye yo te touye tout Apot yo; sa vle di yo tout te pase mati. Kifè, koulè wouj la, se koulè Apot yo. Se dabò koulè Sen Pyè, premye Pap Legliz la; li menm yo te kloure sou yon kwa tèt anba, nan Lavil Wòm, bò lane 64-67 A. D. Tout Pap ki te vini touswit dèyè l yo te pase mati tou. Sen Irene, Evèk Lyon (Frans) drese yon lis ; e nou twouve lis sa nan premye Lapriyè Ekaristik Lamès la ak non kèk Pap ki te vini aprè Sen Pyè : Len, Klèt, Kleman, Siks ak kèk lòt kretyen tankou Kònèy, Sipriyen, Loran, Krizogòn, Jan ak Pòl, Kòm ak Damyen ki te 2 frè. Sa vle di, antanke rèsponsab Legliz la ki vini dèyè Sen Pyè, Pap la se yon mati (spirityèlman).

Wouj la, se koulè Lesprisen an

 Chak Lapennkót, chak Mès a Lesprisen, nan selebrasyon Lakonfimasyon, nou toujou wè Legliz la abiye an wouj. Sa deja montre nou kijan wouj se koulè Lesprisen an. Lesprisen an, se Kado Bondye, Sila ki soude nan renmen nèt ale linite Papa ak Pitit la. Se menm Lesprisen sa nou pwofese nan Kredo a, kòm kado Papa a ak Pitit la bay Legliz la pa lantremiz Apot yo jou Lapennkót la. Li se Fòs ak vrè Gid Legliz la. Se anba pouvwa Li Pap la ap kondi twoupo a nan direksyon sèl grenn bon Gadò a, Jezikri, Mèt twoupo a. Kifè, wouj la itilize nan fineray Pap yo, non sèlman pou kontinye mare nou ak ansyen Tradisyon yo nan Litiji a, ak frè ak sè kretyen nou yo ki fè pati deTradisyon oryantal yo, men tou pou fè nou sonje misyon tout Pap, ki se temwaye nan Lesprisen an renmen Bondye ki pa gen limit la, yon renmen tout moun invite pou resevwa e viv. Se misyon sa Granmèt Jezi te remèt Simon-Pyè ki se premye Pap Legliz la, tout konfrè Apot li yo, yon misyon tout moun ki vini apre Simon-Pyè yo (Pap yo) ak tout Evèk yo (ki vini apre Apot yo) ap kontinye.

 

Antoine Mekary, www.aleteia.org/fr

Adaptasyon : Pè Emmanuel Fenelus

Dyosèz Fòlibète, Ayiti

 

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 548 273
Publicité