Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
11 juin 2022

Gran fèt Lasent Trinite- C

Bondye, se Twa ki fè Yonn / Jn 16 : 12-15

Trinite

 Frèm ak sèm yo, chak Dimanch apre Lapannkot, Litiji Legliz la envite nou selebre yon gran fèt ; pa sèlman yon gran fèt, se sitou yon gran mistè ki twouvel nan sant lavi nou ak nan sant lafwa nou kòm kretyen. Mistè sa a, se la Trinite ki sen anpil la. Nimewo 232 ak 234 Katechis Legliz la di Mistè sa a, se pi gwo nan pami tout verite Bondye fè moun konnen yo. Sa ki pi fasil pou di osijè mistè sa a, epoutan ki pi difisil pou konprann, sekè Trinite a, se mistè yon sèl grenn Bondye a ki, an menm tan, nan nati li, 3 Pèsonn egal e ki diferan.

Chak fwa nou patisipe nan Lamès le Dimanch oubyen lè gen gran fèt (solanite), nou pwofese lafwa nou nan sèl grenn Bondye sa. E nou deklare sèl grenn Bondye sa a, li se Papa, Pitit la ak Lesprisen an. Si nap gade mistè sa a pa deyò, nap wè l sanble yon kontradiksyon. An reyalite, kòman Bondye fè yonn epi an menm tan, li twa? Epoutan, se mistè sa a nap chèche konprann yon ti kras epi kontanple.

Men, fòk nou raple tou, mo Trinite a pa nan Bib la ; epoutan Bib la pale nou anpil de reyalite a. Nan Ansyen Testaman, lide yo te gen de Bondye, se sa nou rele « Monothéisme unitaire / yon sèl Bondye ki yonn). Epoutan, depi nan premye vèsè yo, ekriven sakre a di nou : Bondye (Papa a) kreye ak Pawòl la (Pitit la : Jn 1 :1-3.14), e Lespri Bondye a tap plane sou dlo yo pou te fè lavi jayi (Jenèz 1 :1-2). Men kote ki ban nou bon jan referans la, se nan vèsè 26 la, kote Bondye tap pale o pliryèl. Li di, «kounye a, an nou fè moun.» Daprè Pè Legliz yo (premye defansè lafwa kretyèn nan), se premye Pèsòn nan tap pale ak dezyèm nan, oubyen dezyèm nan ki tap pale ak twazyèm nan. Yon lòt egzanp ankò, se fason yo te konn rele Bondye nan Ansyen Testaman an, Yahweh/Yave, Elohim / Eloyim, El/Èl, ki se yon mo pliryèl ki vle di : Sila ki voye a ak sila yo voye a. Se yon endikasyon ki montre deja, nan Bondye, gen de (2) Pèsòn. Kanta twazyèm Pèsonn nan, yo konn pale de Lesprisen oubyen Lespri Bondye a ; men li pat janm konn konsidere kòm Bondye, men pito yon fòs ki soti nan Bondye, ki bay lavi, ki klere, ki ede moun fè sa ki bon.

Men lè nou chavire nan Nouvo Testaman an, nou jwenn anpil referans a Trinite a. Levanjil yo ban nou kèk egzanp. Dabò, le nou gade nan Sen Lik (1:35), nou wè Zanj Gabryèl di Mari: « Lesprisen an pral vini sou ou, e fòs Sila ki gen anpil pouvwa pral kouvri ou anba lonbraj li, e Pitit ou pral fè a pral vin sen, Pitit Bondye a. » Epoutan, si Lik pale klè de Papa a ak Pitit kòm Pèsòn, pou Lesprisen an, li poko fin klè. Se liv Travay Apot yo (ki ekri pa menm Sen Lik la) ki pral fè nou fin konprann (5:1-11). Se istwa Anani ak Safira. Yo vann yon byen yo te gen, men yo sere nan lajan an. Pyè di yo: « poukisa nou bay Lesprisen an manti? Se pa moun nou bay manti non, men se Bondye li menm. » Menm kote a, yo mouri. Pou Pyè, Lesprisen an, se Bondye menm.

Nou sonje nan Batèm Jezi. Trinite a manifeste a klè : Papa a pale de Pitit la, ki tap batize. Lesprisen an vini sou fòm yon pijon. Se menm jan sou Mòn Tabò a, lè Jezi te transfigire. Papa a pale, rad Pitit la chanje, Lesprisen an kouvri yo sou fòm yon nyaj. Yon lòt egzanp ankò, se lè Jezi tap pran dènye soupe li ak patizan l yo. Li di yo « Lè Defansè a va vini, Sila ki soti bò kote Papa a map voye pou nou an, Li menm, Lespri verite a, lap temwaye pou mwen» (Jn 15 :26). Yon lòt kote Trinite a manifeste l pi klè, se nan finisman Levanjil selon Matye a (28 :19), kote Jezi tap bay mesye yo dènye konsiy yo. Li di yo : « Ale sou tout tè a, anonse Bòn Nouvèl la, batize yon nan Non Papa ak Pitit la ak Lesprisen an. »

Nan premye lèt Sen Pyè te ekri a, li itilize yon fòm benediksyon ki soti nan Trinite a pou l salye kretyen yo. Se nan menm fason sa a Sen Pòl fini toulede lèt li te ekri moun Korent yo. Si n pran dezyèm nan pa egzanp, Sen Pòl di : « Se pou favè Granmèt nou Jezikri, renmen Bondye Papa ansanm ak kominyon Lesprisen an toujou avèk nou tout. » Pòl kòmanse ak Jezi, paske se gras a li, ak li epi nan li nou antre nan mistè a. Si nou byen gade, nap wè fòmil sa a se yonn nan fòmil Pè a itilize pou louvri Lamès la, paske ak fòmil sa a, nou pwoklame tout mistè a.

Frè m ak sèm yo, Latrinite nap sèlebre a pote yo bèl leson pou nou chak. Li raple kòman, se vre, nou pa Bondye, men nou kreye pòtre Bondye. Kifè, se lè nou chèche imite Bondye nap rive jwenn vokasyon nou, nap rive jwenn akonplisman nou, nap rive jwenn inosans orijinèl nou. Bondye sa a se renmen (1Jn 4 :8.16). Yon moun ki renmen paka renmen pwòp tèt pa li. Sa rele egoyis. Se pousa Bondye fè yon mouvman nan li menm, li dekonsantre nan li menm depi tout tan e pou tout tan, e voye Pitit li a ki, etan l tounen moun, louvri yon chemen kominyon pou nou ki pèmèt nou antre nan mistè sila.

Se mistè sila a Lijiti a envite nou akeyi nan kè nou. Men pou nou akeyi l, nou bezwen pran egzanp sou solèy la. Nou pap janm ka fin gade li byen anfas ; nou pap janm fin konprann pozisyon l paske lap bwouye je nou. Epoutan, solèy la klere nou et klere tout tè a. se menm jan pou Trinite a ; se yon mistè ; nou pap janm fin konprann li, epoutan li klere lavi nou. Li ede nou bay sans a tout sa ki rive nou. Li nouri lesperans nou, e li ban nou asurans nou pa pou kont nou.

Kifè, pitit gason ak pitit Bondye yo, etan nap selebre gran fèt Trinite a, nòmalman, premye enpresyon n ta gen, se chèche apwofondi gran mistè sa; epoutan menm fèt nap chèche konprann nan ap poze nou chak yon kesyon pèsonèlman : kilès Bondye ye pou mwen ? Ki wòl Bondye jwen nan lavi m ? E an menm tan lap envite nou kite se renmen sa ki mennen lavi nou. Men pa bliye, kote renmen ye, egoyis paka pran pye. Se pousa nou bezwen lapriyè pou renmen sa pa rete sèlman nan kè nou pou yon ti gwoup moun, men pou l depase fwontyè zanmitay nou yo, fwontyè fanmiy nou, fwontyè vil nou yo, fwontyè peyi nou, pou l rive kòmande tout kè nan mond la ; konsa nou tout ansanm nan  tounen sèl pèp kote nou tout se frè ak sè, ki ansanm, ap bay Bondye Glwa ; Li menm ki Papa, Pitit ak Lesprisen.  

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 548 481
Publicité