Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
21 mai 2022

Meditasyon Pou Sizyèm Dimanch Pak – C

Si Yon Moun Renmen M, Lap Kenbe Pawòl Mwen / Jan 14:23-29

 

Paix du Chrsit

Frè ak sè Jezikri yo,

Chak fwa nou rive nan sizyèm Dimanch Pak, lespri nou panse a yon gran fèt : Lasansyon. Jezi ki monte kòm avoka nou bò kot Papa a, pou al pare plas pou nou. Avan nou selebre gran fèt sa a, Litiji Lapawòl la envite nou reflechi sou yon pati nan konvèsasyon Jezi te gen ak disip yo nan moman yo tap manje ansanm dènye soupe yo, kote li tap fè ledikasyon yo, montre yo kòman yon sèl fason yo kapab bay li prèv renmen yo pou li, se si yo rete fidèl a pawòl li yo.

Pi lwen nan konvèsasyon an, Jezi montre yo kòman fidelite sa pap rete san rekonpans. Yonn nan premye rekonpans, sèke Jezi ak Papa a ap fè kè tout moun ki fidèl tounen kay kote yo fè ladesann. San dout, Apot yo te rann yo kont kòman li pa fasil pou yo rete fidèl. Dayè kèk minit apre, yo tout te pral abandone Jezi, lè sòlda yo te pral vin arete l. Pyè te menm pral di, pandan 3 fwa, li pa rekonèt Jezi. Men Jezi te wè bòn volonte yo. Se poutèt sa li pat kite yo mize sou pwòp fòs yo, li pwomèt yo yon lòt Avoka, ki se Lesprisen an, kap fè yo sonje tout bagay.

Pi plis toujou, Jezi ba yo yon kado nou tèlman bezwen jounen jodi a, ki se lapè. Wi, lè nou rete fidèl a Jezi, nou eksperimante lapè ; e pèsonn paka rache l nan kè nou. Jodi a, si se moun ki te bay lapè, kilès ki ta ka di lap viv nan lapè, lè nou konnen jounen jodi a, lèzòm kreye zàm ki ka rase tout yon peyi nan kèk segond, lèzòm pwovoke lagè san rezon, ajoute ak tout kalite maladi etranj kap gete e menm gantan touye anpil pwochen nou.

Wi, tout kote, se kè sere ak vyolans, tout kalite vyolans. Jodi a, Jezi ban nou lapè li a ; men se senpleman si nou rete fidèl ak kòmandman li a nap kapab jwi li. Nou imajine kòman mond la ta bèl si nou te mete an pratik kòmandman renmen an ? Nou imajine kòman tap gen souri sou tout vizaj si lajan kap depanse nan lagè te depanse pou ede timoun ki pa janm pase yon jou san yo pa enkyete yo paske yo pa konn kisa yo pral manje ? E si lajan sa yo te sèvi pou ede moun kap pran lanmè sou kanmtè, pafwa ak tibebe nan men yo, paske yo pa gen chwa ? E si lajan kap alimante bandi yo te sèvi pou relanse pwodiksyon nasyonal la, peye lapolis ak pwofesè, kreye lwazi pou timoun, bèl mache, pase men nan transpò a, fè wout, bay moun yo enèji, bay etudyan yo prè, pase men nan lopital yo, espesyalman lopital jeneral, elatriye ?

E si lajan kap bay pou fè moun leve kanpe yo te sèvi pou pase men nan katye popilè yo ? E si lajan sa yo te achte materyèl pou lopital yo, konsa enfimyè ta sispann achte twal gaz ak ak pwòp gan yo lè yo al nan staj ? Nou panse pitit peyi a tap aksepte pran desepsyon kay vwazen, pase mizè anba pon, fè yo maltrete yo, lanse yo ak kòd tankou bèt, fè jounen jodi a yo wont di se Ayisyen yo ye, alòske nan 19yèm syèk, tout moun te anvi vin Ayisyen ?

Epoutan, lapè Jezi ap bay la kapab fè nou reyalize tout ideyal sa yo, e menm plis, paske li se yon lapè total. Lapè sa, se pa jan lemond bay li a. Lapè mond la bay la chita senpleman yon rapò fòs : se mwen k bòs ou, m gen pigwo zàm, m di w silans, m di w vote konsa, m ba w tèl prezidan, ou dwe obeyi. Okontrè, lapè Jezi ap bay la, li fè nou vin solidè e tounen frè ak sè ki pap goumen yonn kont lòt, ni yonn akote lòt sèlman, men li fè nou goumen yonn pou byen lòt. Wi, lapè sa fè nou gade yonn lòt tankou yon frè, tankou yon sè, kèlkeswa sa yo ta fè nou, menm jan Jezi te gade bouro l yo, epi li di : « Papa, padone yo, yo pa konn sa yap fè. » Wi, lapè Jezi a, ki mennen nou nan solidarite ak nan fratènite a, se inik chemen kap mennen nou nan kè kontan tout bon an.

Pitit gason ak pitit fi Bondye yo,

Nan moman sa a, se pa Apot yo, men se nou chak pèsonèlman Jezi ap gade epi li di, « si w renmen m, gade kòmandman m nan, kòmandman renmen an. » Sètènman, nou chak ta vle reponn tankou Pyè, « Granmèt, ou konnen m renmen w » (Jn 21 :15). Men, kòman nou manifeste renmen sa, ki dwe pase pa lantremiz pwochen an ? Laverite, sèke nou se pwostitiye èspirityel. Wi, nou pa toujou fidèl. Jezi konnen sa. Se poutèt sa li pwomèt nou Lesprisen ki pou fè lafwa ak fidelite nou grandi. Wi, li vle prepare kè nou chak dekwa pou nou kapab akeyi lapè li ofri nou an. Men lè nou fin resevwa l, nou gen misyon pou n pataje l ak tout moun, kòmanse ak pwochen ki akote nou an.

Vwa Granmèt la ap rele w pou fè w tounen yon enstriman lapè ; si w tande l, pa fèmen kè ou.

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 548 426
Publicité