Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
14 mai 2022

Meditasyon Pou Senkyèm Dimanch Pak - C

Si nou renmen yonn lòt – Jan 13, 31-33a.34-35

Jesus instruit ses disciples

Ak tout sa kap pase nan mond la : move trètman fanmiy ap sibi, yon mond kote ideyoloji ak relativism vle pran plas laverite, kote yon ti gwoup ap chèche redefini laverite sou moun, jèn yo pedi tout espwa yon demen miyò, lagè, menas ak gwo zàm nikleyè, movèz fwa, prediksyon famin, menas mank enèji, konplo, lagè sivil, move trètman moun ap sibi, anbago, lòbi pasi pala, eksklizyon enjis, asasina ak menas asasina, menas twazyèm gè mondyal ak anpil lòt bagay ankò, kilès, apre moun ki anime ak move entansyon, ki pata swete yon lòt van soufle? Kilès ki pata swete, tankou sen Jan te wè nan vizyon, nan dezyèm lèkti a (Rev 21,1-5a), yon mond tounèf: yon mond kote Bondye siye dlo nan tout je, kote pa gen lanmò, kote pa gen ni dèy, ni kriye, ni doulè? Epoutan se mond sa a Jezi, pandan l tap pran dènye soupe l ak Disip li yo, ofri nou. Toutfwa, pou nou eksperimante mond sa, nou bezwen pratike grenn kòmandman Jezi ban nou an. Men, ki kòmandman sa ?

Nan zafè larelijyon, oubyen Labib tou kout, depi mo “kòmandman” an sonnen, premye bagay ki vin nan tèt nou, se 10 Kòmandman Moyiz yo. Laverite, sèke 10 Kòmandman yo pa pèdi anyen nan enpòtans yo; epoutan Jezi, jis avan li tounen kay Papa a, pral rezime tout an yon sèl Kòmandman, ki se Kòmandman Renmen an.  Wi, Jezi pat kite ni 2, ni 3, ni 10 kòmandman pou nou, men yon sèl : kòmandman renmen an (Jan 13, 34). Li di : « Mwen ban nou yon lòd pou swiv : se pou nou yonn renmen lòt. Se konsa sèlman tout moun ak rekonèt nou kòm disip mwen. » E li mande nou pou nou rete nan renmen sa a, menm jan li menm li rete nan renmen Papa a. Frè m ak sè m yo, pa gen okenn chans pou yon moun, e pi plis toujou yon kretyen, pratike larelijyon, si li pa gen renmen nan kè li. Sen Pòl di : «Menm si m pale an lang, lang zanj yo, menm si m pataje tout sa m gen… Si m pa renmen, m se yon twonpèt ou yon senbal kap fè bri…(nou konn rès la ; 1 Korent 13,1-8). E kèk ane pita, sen Augusten te pral di: « Renmen, epi fè sa w vle.»

Lè nou li tout Levanjil la, nou reyalize kijan renmen sa pa fè diferans, li pa kite okenn moun deyò. Se yon renmen ki touche ni farizyen, ni pibliken, ni moun malad yo, ni fi ki tap mennen move lavi, ni timoun, ni jèn, ni granmoun, ni Jwif, ni Romen ki tap toupizi Jwif yo, menm asasen ki te kloure sou kwa a ; yon renmen ki pa mete okenn moun nan prizon pase li. Men pi plis toujou, se yon renmen ki janbe baryè. Nan finisman Levanjil la selon sen Matye ak nan kòmansman Travay Apot yo, Jezi voye Apot yo anonse renmen sa jis nan bout tè a. E se sa nou remake nan premye Lèkti a (Travay 14, 21b-27), nou wè sen Pòl ak Banabe ki bay tout enèji yo pou rete solidè ak tout moun, o non renmen sa a, espesyalman sila yo ki akeyi lafwa a, nan chèche òganize tout kominote yo, nan mete ansanm sa yo genyen pou pa kite pèsonn nan bezwen.

Jounen jodi a, tout moun, tout peyi pretann yo renmen, yo solidè, yap ede. Men, kisa ki gen dèyè sa? Kòman swa dizan renmen ak solidarite sa manifèste? Pou moun ki gen je yo louvri, nou konnen trè byen se senpleman enterè ak ipokrizi ki kache dèyè tout similak sa yo. Se « map ba w pou w banm ». Se itilize yap itilize yo pou regle pwòp zafè yo, menm si sa koute lavi yon bann ak yon pakèt inosan. Map ba w, men se pou w aplike politik mwen, se pou w legalize tout sa m dikte w, espesyalman lwa anti-moun. Se « map ba w, men pou w kite m pran tout resous natirèl ou yo.» Kifè, ti peyi pa janm ka soti nan lamizè, malere pa janm ka jwenn delivrans. Solidarite pou jodi a, se « pa dyaloge pou twouve yon solisyon pou lapè, map ba w zàm ak lajan, paske w souveren, ou lib, fòk demokrasi a renyé. » Ki demokrazi, (sila yap vann nan byen-entandu) ? Yon rèv, you siwo pou fè moun dòmi, yon mansonj, ki an reyalite yon monachi / diktati prezidansyèl.

Jodi a, si Jezi rele kòmandman renmen an “Kòmandman nouvo”, se pa paske li tounèf. Nan premye Lèt sen Jan te ekri (2,7), li di klè kòman Kòmandman sa a pa nouvo, men se yon kòmandman ki ansyen. Jezi rele kòmandman an nouvo se paske nou fèl pedi sans li. Nou jis itilize mo a pou nou regle zafè pèsonèl nou, sa kap ranje nou, sa kap fè pase pwojè dyabolik nou yo, men ki pa gen anyen pou wè ak sa Jezi mande. Jodi a, Jezi mande nou pou nou viv vrè renmen an yon fason ki sanble ak jan li menm li te viv li lè li tap mache sou tè a. Jezi mande n pou n pase de « renmen demokrasi » a « demokrasi renmen. » Li mande nou pou n fè renmen an repran sans orijinèl li. Se pa yon bagay fasil, sa mande anpil kouraj. Se pousa, chak Lamès, li ranfòse nou ak Pawòl la epi Kò l ak San li ; konsa, chak moun ki gade kominote nou yo, yo kapab di : gade kijan yonn renmen lòt ! »

Pitit gason ak pitit fi Bondye yo, li pa fasil pou nou renmen. Anpil fwa, nou konfonn renmen ak egoyis. Nou montre jès renmen sèlman lè sa vini nan avantaj nou ; epoutan Bondye ban nou prèv renmen pandan l livre sèl grenn Pitit Li a. Pou nou renmen tankou Li, ak yon renmen ki pa chèche enterè - sinon pwovoke renmen -, nou bezwen konkou Lespri Sen an. An nou mande L aprann nou sa sa ye renmen tout bon. An nou mande l tou aprann nou pwouve l nan lavi chak jou nou, pou n fèl tounen yon reyalite pou n viv ; konsa kè kontan Jezi a va nan nou, e kè nou va kontan nèt ale.

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 547 209
Publicité