Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
26 décembre 2021

Dimanch Fanmiy ki sen an - C

Li desann avèk yo al Nazarèt. Li te toujou obeyi yo

Lik 2, 41-52

LD SF

 

Frèm ak sèm yo, pwobableman tout radyo, tout televizyon deja sispann pase mizik Nwèl. Epoutan nan Legliz la, nou kontinye ap savoure kè kontan gwo evénman sa a. Nou kontinye ap chante Glorya viv Bondye nan syèl la, kè poze sou tè a pou moun ki gen bòn volonte. Wi, nou kontinye ap fè lwanj pou Li ki fè Pitit li a tounen moun. Men Dimanch ki vini touswit aprè jou Nwèl la, Legliz la envite nou medite sou mistè Fanmiy ki sen an, Fanmi Jezi-Mari ak Jozèf la, Fanmiy Nazarèt la.

Frèm ak sèm yo, Jezi te ka parèt sou tè a tou granmoun. Li te ka vini tankou yon kout zeklè ou yon kout loray ; konsa, li patap bezwen yon fiy ak yon gason ki pou manman L ak papa L. Men non, Papa Bondye te prefere konfye yon fanmiy Li, e yon fanmiy tou senp kote Jezi te kontan viv e aprann fè tout bagay. Li te chwazi pran menm chemen ak moun pou Li sove nou, pa tankou yon etranje, men tankou yonn nan nou, tankou yon frè. Wi, Jezi te viv nan yon fanmi. Si Bondye te vin tounen moun, se pat pou l te vin viv tankou touris. Katyèm lapriyè Ekaritik la di nou, lè Li te vini sou tè a, li te viv tankou nou, sof peche Li pa te konn fè. Konsa, Bondye envite nou pran konsyans kòman fanmiy nan enpòtan ; Li prezan nan mitan fanmiy yo, Li prezan nan tout eprèv, tout difikilte fanmiy yo ap rankontre.

Frèm ak sèm yo, nan tan lontan, lè yon fanmiy pa gen timoun, yo te konn panse se pini Bondye te konn pini paran yo. Se sa ki fè, plis yon fanmiy te konn gen anpil timoun, se plis yo te konn panse fanmiy sa se yon fanmiy ki beni. E poutan, Sen Lik prezante nou Fanmiy Nazarèt la, ki te gen yon sèl timoun, kòm fanmiy ki pi sen tè a pa janm pote, e kòm modèl pou tout fanmiy sou tè a. an reyalite, pèsonn sou tè a pa janm gen renmen nan kè yo pase renmen Jozèf ak Mari te gen yonn pou lòt, yon renmen ki te baze sou Jezi. Sa fè nou konprann kòman, pou Bondye, se pa kantite timoun ki konte, men se ki kalite lanmou de (2) moun kap viv ansanm pataje ; paske de (2) moun ka fè pitit san yo pa gen okenn renmen nan kè yo yonn pou lòt; menm jan an tou, de moun ka renmen lòt jis yap fou pou lòt, men yo pa gen timoun. Se poutèt sa, nan fèt Fanmiy ki sen an, li enpòtan pou nou chak nou egzamine ki kalite lanmou nou genyen : mari pou madanm, madanm pou mari, paran pou timoun, timoun pou paran.

Frèm ak sèm yo, nou pa bezwen fè anpil efò pou nou reyalize kòman jounen jodi a, mond nou an an kriz. Anpil nan kriz sa yo se rezilta fanmiy yo ki fè fayit nan misyon yo. Se konmsi gen yon chanjman wòl : paran tounen timoun, e timoun tounen paran. Paran yo bliye, menm si yo paka bay timoun yo tout sa yo bezwen, yo toujou rete paran. Timoun yo menm panse, paske paran paka satisfè yo nan tout bagay, yo paka tande paran yo. Epoutan yon sosyete, se rezilta edikasyon timoun yo resevwa ; se sa nou di : timoun jodi, granmoun demen. E misyon sa, avan lekòl, se a fanmiy nan li konfye. Yon moun, se pa yon bagay yo jete nan nati a, tankou Martin Heidegger te di l, men nou se kreyati Bondye, nou se pitit Bondye. Bondye renmen nou, li panse nou, li kreye nou, e li konfye nou a paran nou pou yo kapab premye edikatè nou. Katriyèm kòmandman an di, « Onore manman w ak papa w jan Bondye mande l la, konsa wa gen lavi long, kè kontan ak patiraj Bondye sere pou ou a. »

Se sak te rive pou Jezi. Nan fanmiy li te grandi a, bagay yo pat toujou myèl. Fanmiy sa a pat diferan de sa fanmiy nou yo ap viv. Te gen kè kontan, men te gen moman difisil tou. Epoutan, moman difisil sa yo pat anpeche Mari ak Jozèf ranpli misyon yo kòm bon paran ak bon edikatè. Se nan fanmiy sa, kòm moun, Jezi te aprann tout bon kalite Manman l Mari ak Papa l Jozèf te gen. Se yo menm ki te aprann li sèvi Bondye ak moun, gen kè sansib, akonpànye moun ki nan bezwen, respè pou moun. Se nan fanmiy Jezi Li te aprann gen lafwa, imilite, lapriyè, lajistis, lonètete, senserite, sa ki fè yon moun yon bon sitwayen, renmen pou lavi, ak renmen travay byen, dayè se sou non sa yo te konn rele l « Pitit bòs chapent la ». Se nan fanmiy Jezi te aprann konnen kijan tradisyon yo enpòtan. Dayè se pou sa manman l ak papa l te ale avèk Li Jerizalèm pou fèt la.

E sa ki te vo pou fanmiy Jezi a, li kontinye vo pou fanmiy nou yo jounen jodi a. Sen Jean-Paul II di, « fanmiy, se premye lekòl, se lekòl fondamantal lavi sosyete a. » Se nan fanmiy nou aprann tout sa nap bezwen ki pou fè nou viv kòm moun, kòm bon sitwayen, e kòm bon kretyen. Se Bondye ki te vle pou fanmiy konsa, kote chak moun gen wòl pa yo. Nan numewo 55 Amoris Laetitia , Pap Franswa ekri, « nan lavi fanmiy nan, gason an gen yon wòl disizif, ki se pwoteje epi soutni madanm li ak timoun yo. Anpil gason konprann kòman wòl yo enpòtan nan fanmiy nan, e yo viv ak kèk kalite ki klèman pou gason sèlman. Yon fanmiy ki pa gen papa, se yon fanmiy ki manke anpil bagay : manke lavi nan fanmiy sa, timoun yo pap byen edike, entegrasyon yo nan sosyete a ap manke yon bagay. E absans sa kapab fizik, afektiv, o nivo konesans epi espirityèl. Lè timoun nan pa jwenn bagay sa yo, li pap gen yon referans nan sa ki pou wè ak konpòtman papa. »

E se enpòtan pou timoun nan paske renmen papa li sou tè a ba li yon lide de renmen Papa li ki nan syèl la. A pati de tandrès manman li, li konprann tandrès Bondye. E lè yo wè kijan manman ak papa yo fè lòt konfyans, yo vin aprann fè lòt moun konfans tou. Lè yo gade kòman paran yo fè yon sèl nan tout bagay, yo gen yon lide de lavi Trinite a, kote yon sèl renmen fòme yon sèl reyalite ki paka divize, epoutan ki pa pwason kraze nan bouyon.

Malerezman, mond jounen jodi a vle bay fanmiy nan yon lòt definisyon, nan chèche valide yon bann relasyon menm lanati pa vle. Kifè, imaj fanmiy nan defigire. Moun panse se yo ki plase pou yo di tèt yo si yo fiy oubyen si yo gason. Se rezo sosyal yo kap dikte jèn yo ki konpòtman pou yo adòpte. Lasyans pa sispann chèche defigire bote si bèl enstitisyon sa ki deja frajil. Pa gen anpil plas pou fanmiy yo nan pwogràm politik yo. Epoutan sa ki bon pou fanmiy nan, li bon pou leta. Nou bliye si valè sosyete a depann de valè fanmiy yo. Nou bliye si fason nou panse, fason nou aji, fason nou renmen, fason nou evalye aksyon lòt yo ak yon sitiyasyon soti nan fanmiy yo. Nou bliye kòman se nan fanmiy – manman (fiy) ak papa (gason) – timoun yo pran fòs, grandi e devolpe sajès.

Epoutan, pou nenpòt ti krik-ti krak, paran yo mande divòs. Yon lòt kote, yo soti pou yo prezante nou chèf fanmiy nan kòm yon bouro ki la sèlman pou pase lòd. Konpòtman Jozèf nan levanjil Lasent Fanmiy ane C a montre nou se pa sa. Pandan lap envite nou fikse je nou sou tandrès Mari e soumisyon Jezi, Levanjil la envite nou fiske atansyon nou sou Jozèf, li menm Bondye Papa a te bay rèskonsabilite pou edike Pitit li a ki te vini kòm moun. Jezi pat janm bliye konpòtman ak pèsonalite paran L, e se sa ki ede l entegre sosyete a.

Pitit gason ak pitit fi Bondye yo, an nou fè jefò pou kay kote nap viv la tounen yon fwaye, kote inik lwa nou genyen, se renmen, imilite, pataj, lafwa, padon, rekonsilyasyon. Yon fwaye, kote, menm jan ak Jezi, e gras a favè Bondye, pitit nou yo ak pitit pitit nou yo va devlope nan sajès, nan tay, nan gras, devan Bondye ak devan lèzòm.

Nan okazyon bèl fèt sa a, an nou fè konpliman pou Bondye, Papa Granmèt nou Jezikri (Ef 1,3) sous tout fanmiy nan syèl la ak sou tè a, pou kalite lanmou sa Li mete nan kè Jozèf pou Mari, madanm li, ak nan kè Mari pou Jozèf, mari li ; yon renmen yo pat ezite mete nan sèvis Pitit yo Jezi. An nou lapriyè pou tout fanmiy sou latè : pou sila yo Li rele e mete nan sèvis Wayòm nan, epi Li voye byen lwen fanmi natirèl yo. Se pou tandrès Li akonpanye yo chak jou, konsa yo pap pèdi fòs, ya toujou fè travay Li a jan Li mande l la. Nou lapriyè tou pou sila yo ki pèdi yon manb, oubyen ki pa rive reyisi nan renmen yo e ki deside separe, e ki kòz fanmiy sa yo ap soufri. Pou tout fanmiy ki te reve mennen yon bèl lavi, men difikilte ak pwoblèm timoun fè yo pa sispann angwase. Se pou Pitit Li a ki te vin tounen moun e viv nan yon fanmiy apeze doulè yo, se pou li akonpaye yo nan soufrans yo, konsa ya santi soulajman. An nou mande L fè tout kalite fanmiy favè pou yo pratike, menm jan ak fanmiy Nazarèt la, tout sa fanmiy yo bezwen pou yo rete soude e reyalize misyon yo, avan nal viv kè kontan tout tan an, nan lakay Li a.

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 548 426
Publicité