Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
20 novembre 2021

Gran Fèt Kris la, Wa tout linivè a - B

«  Wayòm Mwen an pa nan Mond sa »

 Jijman devan Pilat

Jan 18,33-37

Jezikri-Wa

Frèm ak sèm yo, chak ane, nan Dimanch ki vini apre 33e Dimanch tan Òdinè a, nou selebre gran fèt Kris la, Wa tout linivè a. Se vre, tout Levanjil la prezante nou Jezi kòm Wa, men se an 1925 Pap Pi 11 te wè nesesite pou enstitiye gran fèt sa a, yon desizyon ki te kòmanse ak Pap Benwa 15. Se te yon epòk kote anpil gwo diktatè, sitou nan Lewop, tap chèche twoke kòn yo. Yo te panse se yo ki mèt latè. Pi 11 pibliye yon ansiklik, Quas Primas, kote li raple kòman se Kris sèlman ki gen otorite sou tout moun ak tout enstitisyon. Ladan l, li raple kòman tout nasyon dwe obeyi sèlman kòmandan Kris la, sèl grenn Wa tout bon an ki pa gen anyen pou wè ak wa, chèf, lidè ki sou latè yo. Kris la se sèl grenn Mèt nou dwe swiv. Wayòm Li a pa baze selon modèl wayòm tè a. Se pa yon wayòm pouvwa, richès ak privilèj, men yon Wayòm renmen, sèvis, fratènite ak laverite.

E se vre, Wa sa diferan de tout lòt wa yo sou latè. Kouwòn li pa fèt ak lò, men yon kouwòn pikan ki fè mal anpil, ki pike anpil akòz peche nou yo. Nan men L, Li pa gen yon sèpt pou li kòmande, men yo rozo frajil, baton Li antanke Bèje, ki la sèlman pou endike chemen an a sila yo ki pèdi yo, san Li pa fòse pèsonn. Li pa gen rad an poup ki koute chè anpil, men yon gran vye rad ki gen yon kapichon, ki koz yo ridikilize l e fèl pase pou Wa moun fou yo, paske li pa kite zanj yo vin goumen pou Li, Li prefere chèche rale tout moun sou Li ak zam Laverite. Li pa gen bag, li pa pote lòt bèl bijou ki koute chè anpil, ki pou fè kò L bèl, men pito san kap kouri sou fontenn Li.

Anyen paka pi byen di kilès Li ye tout bon vre : Wa sa pa gen anpil kòmandman, men yon sèl, kòmandman renmen an. Wayòm li a pa gen limit, men tout linivè a se pou Li. Li pa antre nan kòripsyon kote Lap chèche pran tout ti sa ki pou pèp la pou mete yo nan pwòp sèvis Li ak sèvis zanmi l, ti klan pa L ; okontrè, Li pa gen kote pou L poze tèt li. Twón li pa yon chèz boure, yon chèz an lò ki sisite jalouzi, kerèl ; twón Li se Lakwa kote Li monte ak tout libète li, yon fason pou montre renmen Li, pa sèlman pou Jwif yo, men pou tout linivè. Palè Li pa kèk chanm kay, souvan pentire an blan, kote tout mechanste, tout krim, tout abi planifye ; palè li se kè tout moun bòn volonte, tout nanm ki deside akeyi Li.

Wa sa ankò kontinye epate nou : jou envèstiti Li, Li pa resevwa yon echap, men yon pankat yo kloure anlè tèt Li ak pawòl sa : « Sila, se Wa Jwif yo ! » Sekirite Li, se pa inite èspesyalize ki kenbe gwo zam fann fwa, men de (2) kriminèl. Li pa rete nan palè Li, epi voye patizan L yo sakrifye tèt yo pou bagay ki pap menm kontribiye pou byen moun, men se Li menm ki bay pwòp tèt pa Li pou zanmi L yo. Li di « Pa gen pi gran prèv renmen pase lè yon moun bay lavi l pou sila yo li renmen yo. » Li di l, e Li pwouve l. Kris la se Wa ki di patizan L yo : «Nou konnen ki jan chèf nasyon yo trete pèp la tankou esklav. Grannèg yo renmen fè moun santi jan yo gen pouvwa. Men, se pa konsa pou sa fèt nan mitan nou. Okontrè, si yonn nan nou ta vle vin grannèg, se pou l sèvi nou tout. Si yonn nan nou ta vle chèf, se pou l esklav nou tout (Mt 20, 25-27).

Pi lis toujou, nou wè kòman depi nan ministè piblik Li, Li te deja montre kòman Li diferan de tout moun. Li se yon Mèt, men L pa gen okenn domèstik. Li pa te elèv okenn Rabi, epoutan Li pale ak otorite. Li se yon doktè ki geri moun san medikaman. Wa sa pa gen lame, epoutan tout gwo towo ki sou tè a pè Li. Li pa fè anyen ki mal, epoutan yo krisifye Li. Anplis de sa, li pran yon lanmò Li pat merite, paske selon lalwa Jwif yo, yon moun kap pale mal sou Bondye dwe mouri ak kout wòch. Kloure sou kwa se te pou esklav ak kriminèl. Li pat ni yonn ni lòt, epoutan yo te menase lapide l ; men nan dènye moman lavi istorik Li sou tè a, yo kloure l sou yon kwa. Kris la se inik chèf lame ki ranpòte laviktwa sou mond la nan Li pa angaje okenn batay militè. Li mouri, yo antere L L, men Li toujou vivan.

Se poutèt sa, okenn moun pa fòse sèvi Wa sa, men se ak tout libète yo moun nan tout kontinan ap fè lwanj ak konpliman pou Li ; Li menm ki vle kreye yon wayòm tounèf nan relasyon nou yo, nan fanmiy yo, nan pawas yo, nan travay la, nan mond la kote nasyon ak goumen san rete pou gen plis pouvwa politik ak ekonomik, e poutèt sa, pa sispann fè ti pèp yo abi, pa sispann fè yo konnen move moman, kifè yo pa sispann ajite e plonje nan gè sivil. Men wayòm tounèf sa, Kris la pap etabli l san patisipasyon nou. Men, kòman nou kapab bay patisipasyon nou ? Dènyè repons Jezi bay Pilat la montre nou kòman: «Mwen fèt pou M di verite a jan li ye a. Wi, se pou sa menm mwen vin sou latè. Tout moun ki patizan laverite ap koute vwa mwen. »

Se pa premye fwa Jezi pale de laverite. Men lè Li bay Pilat repons sa, Li pa fè lòt bagay sinon pale de Papa li. Se konsa Ansyen Kontra a te konn prezante Bondye. Egzòd 34,6 ak Sòm 30 la pale de Bondye kòm yon Bondye ki plen tandrès ak kè sansib, ki pa fè kòlè fasil, men ki plen renmen ak laverite. Sa vle di, Laverite, se yonn nan lòt non Bondye Papa a genyen. Yon lòt kote Jezi te di, « Si nou kenbe pawòl Mwen, nap tounen disip Mwen tout bon, nap konnen laverite, e laverite ap libere nou. » Dayè se pousa Li resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou latè (Mt 28:18).

Men kisa nou konstate pandan jijman li? Pilat pat sou bagay konsa. Laverite pat yon preyokipasyon pou li. Jounen jodi a, li parèt klè kòman anpil moun kontinye fèmen kè yo, yo pa vle akeyi laverite. Swa paske yo rayi laverite, swa paske yo pè laverite ; e bagay sa yo rann nou soud vizavi vwa Bondye kap pale nan kè nou, menm jan ak Pilat. Sa fè nou chak gen pwòp verite pa nou ke nou vle enpoze kòm laverite. Se sa Pap Benwa 16 rele relativism la e ke, depi premye jou li monte kòm Pap, lap envite nou chase nan kè nou. E kòman nou ka antre nan pwogram Laverite a ?

Nou antre nan pwogram laverite a, se lè nou wè klèman diyite moun an danje, dwa fondamantal moun pa rèspèkte, lavi ap pèdi valè, fanmiy ap atake, lajistis ap bafwe, òganizasyon yo ap pèdi misyon yo epi nou angaje nou. Ghandi te di : « Sa ki fè m pè, se pa move zak mechan yo ap fè, men se silans sila yo ki kòrèk yo. » Martin Luther King te di prèske menm bagay la : « sa k fè m pè, se pa sa mechan yo ap fè moun pase, men pito se sila yo ki kanpe ki pa di anyen yo. » Kifè, akeyi Kris la kòm Wa nou, se leve kanpe pou nou di non ak moun ki vle chanje lwa natirèl yo, ki vle fè nou trayi konsyans nou, ki vle efase prensip fondamantal lwa moral natirèl yo, elatriye. Se kanpe pou nou di non ak tout koripsyon ak lòt bagay ki pa mache nan site a.

Kifè, frèm ak sèm yo, si nou vle fete Kris-Wa tout bon vre, nou dwe deside tounen patizan laverite. Nou dwe louvri bouch nou pou n denonse sa ki fè nou ak sosyete a mal. E nou tounen patizan laverite, se lè nou pa kite egoyis ak egosantris fè nou tounen lénmi sa ki kòrèk, paske se lè sa nap pare pou nou koute vwa laverite.

Pitit gason ak pitit fi Bondye yo, nan yon mond ki dejou an jou ap montre rebelyon kont Wayòm Kris la e ki prefere fè plas ak kilti lanmò sa a, nap koupab tankou Pilat si nou pa deside swiv Kris la nan pote laverite tout kote manti ap taye banda. E jodi a, si Kris la envite nou selebre l kòm Wa tout linivè, se pa sitou al chita Legliz pou selebre l ak bèl chante, men si sitou kite l rénye tout bon nan nanm nou, nan pran o serye angajman batèm nou, kote nou te fèt nan Lesprisen an ak dife e ki te fè  nou tounen temwen laverite nan tout detay lavi nou. Ou menm, si w tande vwa L, pa fèmen kè w.

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 548 751
Publicité