Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
23 octobre 2021

Meditasyon pou 30e Dimanch B

Kisa w vle M fè pou ou?

Mak 10, 46-52

Jesus et Barthimee


«Chante ak kè kontan !» Men ki kalite envitasyon ki louvri Litiji Lapawòl pou 30e Dimanch ane litijk B a. Men, lè nou gade reyalite pèp Ayisyen an, lè nou gade sa nap viv kòm pèp, touswit, yon kesyon vini nan tèt nou: èske envitasyon sa se pou nou tou?

Epoutan, envitasyon sa, wi, li pou pèp Ayisyen tou. E pou nou pran konsyans de sa, nou bezwen ale touswit nan pòsyon Levanjil la ki se istwa Batime. Istwa sa pat pase Jerizalèm, men pito nan sòti lavil Jeriko. Si Jerizalèm vle di « vil lapè », Jeriko li menm vle di « vil plezi. » Dapre moun ki gen konesans nan zafè anviwónman, Jeriko twouve li a 250 mèt pi ba nivo lanmè a. Li reprezante peche. Nou kapab wè nan Levanjil la, Mak rapòte pou nou : Jezi antre Jeriko epi Li soti byen vit : Li antre nan mond peche a pou L vin delivre nou, epi Li touswit retounen Kay Papa L. Se bò wout Jeriko sa a Jezi rankontre Batime.

Lè Batime tande Jezi ap pase, Li pa rele L Jezi, men pito « Pitit David la.» Batime tap chèche delivrans, men li pat konnen, podyab, nan ki pwoblèm li te ka lage Jezi. Pale de Jezi kòm Pitit David, se rele l Wa. E rele yon Jwif wa, se mete Israyèl anfas Seza, wa Women yo. Foul la te konprann sa trè byen, se poutèt sa yo tap chèche fè Batime fèmen bouch li. Men toutan yo tap chèche fèl fè silans, se toutan li menm li tap rele pi fò : « Jezi, Pitit David la, gen pitye pou mwen ! » Nan Levanjil Mak la, Jezi te toujou ap kache Li se Mesi a ; men la, se pou preme fwa Li aksèpte tit sa an piblik.

Frèm ak sèm yo, nou pa bezwen fè anpil kalkil pou nou wè kòman Batime, avèg sa ki te pou kont li bò wout la, se mas pèp Ayisyen an. Se gran mas la ki lage pou kont li bò chemen lavi a, kap rele pasi pala, pran imilyasyon, kap fè fas a tout kalite move aksyon: kòrispyon, lanvi, vòl, vyòl, kidnapin, egoyis, asasina, konplo... Se mas pèp Ayisyen an ki lage pou kont li, tankou yon ti bato sou lanmè, paske ògèy ak foli pouvwa rann rèskonsab yo avèg. Se mas pèp la ki prèske pedi espwa, ki gen ti souf la, men ki pap viv. Se mas pèp la ki pa konn ki sen pou l rele ankò, epi yon ekip moun, tankou foul la nan levanjil la, kap itilize tout mwayen pou yo fèl fèmen bouch li. Se mas pèp la kap rele anmwey sekou, e malgre tout fize detrès nou tire anlè, okenn sekou pa rive, okenn moun pa vle tande apèl-o-sekou nou.

Batime te dezespere, li te panse tout bagay fini, men se egzakteman nan moman Sovè a tap pase. Alòske moun yo tap anpeche l, Jezi menm di yo : “mennen l ban Mwen !” Menm moun ki tap sèvi l baryè yo, se yo menm Jezi sèvi avè yo pou fè Batime jwenn favè.

Frèm ak sèm yo, gen yon aksyon Batime poze nan Levanjil la, e se pa san rezon Sen Mak rapòte l pou nou. Li di : « Batime kite rad li a, epi l al jwenn Jezi. » Rad la se senbòl tout sa Batime te posede. Men tou se senbòl peche a ki te ki kenbe l nan tout kalite mizè. E lè yo fin mennen l bay Jezi, Jezi mande l: “Kisa w vle M fè pou ou ? » Batime mande egzakteman sa li te plis bezwen an : « Mèt, fè m wè ! » Touswuit, Jezi di l : « Ale, lafwa w geri w ! » E se la Levanjil la ap pale avèk nou. Batime te fin wè klè ; men sak te pi enpòtan an vini apre. Konfyans san mank li nan Jezi pèmèt li te geri totalman.

Frèm ak sèm yo, chak fwa nou rasanble pou nou lapriyè, pi èspesyalman nan Lamès, se menm Jezi Pitit David la nou vin antoure kote Lap poze nou, pèsonèlman, menm kesyon ak Batime : « kisa w vle M fè pou ou ? » Men an menm tan, kesyon pou nou poze tèt nou : « Kisa mwen vle tout bon vre ? Kisa mwen prè pou m kite ? Ki kalite konfyans mwen gen nan Bondye ? Lè pwoblèm yo soti pou fè m fè silans, jis kote pèseverans mwen rive ? »

Pitit gason ak pitit fi Bondye yo, Batime avan gerizon reprezante nou nan tout detay lavi nou paske nou paka pèmèt nou pou nou di nap viv : nou izole, nou dezole, nou dezespere. Men rankont li ak Pitit David la montre nou kòman lafwa ban nou posiblite pou nou wè bagay yo yon lòt jan. Li pèmèt nou wè reyalite a pa lantremiz je Bondye e bay lavi chak jou nou, kòm moun e kòm pèp, yon lòt sans. Se lòt sans sa a Jezi vle lavi nou pran; se pousa, menm jan ak Batime, Lap rele nou dekwa pou nou jwi kè kontan pwofèt Jeremi envite nou antre ladan l nan. Ou menm, si w tande vwa Li, pa fèmen kè w.

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 548 751
Publicité