Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
18 septembre 2021

Meditasyon pou 25e Dimanch B

Imilite, vrè grandè Kretyen tout bon an

 ~Mak 9, 30-37 ~

Etre comme un enfant

Frèm ak sem yo, Pawòl Bondye a pou 25e Dimanch B a mete devan nou de (2) chemen ki prezan nan lavi chak jou nou, men ki konplètman opoze. Se chemen grandè a ak chemen imilite a. Se te tousuit aprè Jezi te fin transfigire devan Pyè, Jak ak Jan. Li te parèt nan tout glwa Li, e se te avalwa Leve byen vivan Li. Alòske lap montre Apot yo kòman chemen Lap pran pou antre nan bèlte a se chemen imilite a, chemen ki pi ba a, chemen depouyman an, Disip yo, bò kote yo, ap fè diskisyon sou kilès ki pi gran nèg. Kifè distans ki te separe Jezi ak Disip yo parèt byen klè.

Epoutan, si nap gade jounen jodi a, plis pase 2000 an avèk Jezi, nap wè byen vit kòman distans sa toujou la ; e pètèt pi laj toujou, pa sèlman ant moun ki pa nan zafè Legliz ak moun kap suiv Jezi, men sitou ant moun ki di yo se kretyen ak sa yon vrè disip ta dwe ye. Ann pran kèk egzanp pandan nap kòmanse ak dezyèm kategori a.

Jounen jodi a, pètèt plis pase avan, gen plis moun ki di yo se moun Bondye. Sa tèlman vre, nap sezi wè nan anpil peyi, espesyalman lakay, gen plis legliz pase lekòl, gen plis pastè (nan sans jeneral mo a) pase pwofesyonèl, moun pase plis tan nan adore, fè jèn pase travay (kòm tou pa gen), gen plis moun – tèlman yo kwè nan Bondye – kap tann mirak ke moun kap debouye yo pou voye men yo nan bouch yo, lis la tap twò long si n ta vle fè foto tout reyalite sa yo… Epoutan se menm lakay sa a moun plis gen foli grandè, plis vle vin premye, plis kiltive atitid ki pa sanble ak Jezi ditou.

Lakay, olye moun ki pote non Jezi-Sèvitè yo ta sèvi, yo prefere transfòme tèt yo an prens ak prensès kap egzije, nan yon fason ou yon lòt, pou lòt yo sèvi yo. Jis gade rèskonsab Legliz yo ak fidèl yo, reyalite a ap parèt aklè byen vit : lè se pa aktivite « èspirityèl » yo òganize san rete pou ranmase lajan, se pa mwayen lekòl. Kifè, lekòl sa yo ki te gen misyon pou favorize sila yo ki pi demini yo vin tounen mwayen pou konkretize foli grandè yo. Kòm rezilta, etidyan jounen jodi a pa wè nan pwofesyon yo yon mwayen pou sèvi pwochen yo, men yon enstriman pou yo menm tou, demen, yo dechèpiye sila yo ki vin reklame entèvansyon yo.

Lòt gwoup la menm, se moun ki pa nan zafè Bondye ditou, epi foli grandè, foli parèt, foli chèf fè yap mare move konplo ak kriminèl patante sou do tout yon nasyon, menm si yo ap avili tèt yo san yo pa rann yo kont, tèlman foli sa yo avegle yo. Se nan mitan tout konfizyon sa yo Jezi envite nou chanje fizi nou zepòl. E Li bay atitid pou moun vin gran devan je Li. E ki atitid?

Atitid moun ki gran nan je Jezi a se imilite. « Sila ki vle pase pou premye a, se pou l konsidere tèt li kòm dènye ! » Epi touswit, Li bay kòman yon moun ka akèyi L tout bon vre. E pou Li fè sa, Li sèlman pran yon timoun, Li mete l kanpe nan mitan yo. Sen Mak di, “Li anbrase L.” Epi Li di, “ nenpòt moun ki akeyi yonn nan ti piti sa yo nan non M, se Mwen li akeyi ! » Men poukisa se yon timoun ?

Yon timoun paske, li klè, li piti, sosyete a pa twò konsidere l, li paka defann tèt li, li ka sibi abandon byen fasil, refij li se bra manman l, li depandan (si yo pa sèvi l, li pap manje, li pap benyen, lap ret sal, li pap edike, li pap devni yon bon sitwayen, li pap ka reyalize rèv li…), li senp, li pa konplike, li pa fè diferans, li pa konn rayi, li toujou nan bezwen, kè li pwòp… Se konsa Jezi envite nou pou nou bati relasyon nou ak Papa Li.

Si nou gade byen, depi nan anons Nesans Jezi (ki pat chwazi yon rèn ki pou ba L nesans nan yon palè, men yon pòv ki te ba L nesans kote yo te konn bay bèt manje) rive nan lanmò Li (Papa, nan men ou Mwen remèt lespri Mwen), nap wè lè Jezi envite Disip yo akeyi timoun yo, se de pwòp tèt Li Li tap pale. Li vle non sèlman nou akeyi L an pèsonn, men tou Li vle nou akeyi L nan lavi lòt yo : sila yo ki nan mizè yo, sila yo kap pran imilyasyon tout kote nan mond la, paske lakay yo pa pèmèt yo espere, sila yo ki nan bezwen yo, sila yo ki grangou, swaf, malad, lopital, nan prizon yo. Li vle nou bay jèn yo yon chans pou yo reve, e fasilite yo mwayen pou reyalize yo. Li lè pou rèv pèp la sispann yon boul Sendomeng, Chili, Tiki, Brezil… ak Meksik nan espwa pou yo antre USA, si yo pa mouri nan wout, oubyen sibi tout kalite lanfè, vòl ak vyòl, apre yo pase kont mati yo nan pase konbyen jou anba pon.

Swiv Jezi se pa yon bagay nou ka fè ak yon pye anndan yon pye deyò. Se swa nou sa, se swa nou pa sa. Se swa nou desann pou nou akeyi Li nan sila yo ki an nesesite yo, se swa nou monte pou nou trete L ak endiferans oubyen nou repouse L. Si nou akeyi L, nou se vrè disip Li ; e si nou pa akeyi L, nou otomatikman tankou Ewòd, Pilat, Farizyen yo, Pwofesè yo ak Pèp la jou vandredi sen an.

Frèm ak sèm yo, jodi a, Jezi ap raple nou de chemen posib ki genyen : monte (pou yo bliye nou kèk tan apre) oubyen desann (pou nou viv avèk Li pou tout tan). Ou menm, kilès ki chemen pa w la ? Lap raple nou kòman mache dèyèy Li, se aksèpte depouye tèt nou. Ou menm, èske w aksèpte rabese w e fè ou piti ? Ki atitid ou nan wòl wap jwe nan sosyete a ou nan Legliz la? Kòman w itilize sèvis ou a? Kisa w fè pou w ede jèn yo reyalize rèv yo?

Pitit gason ak pitit fi Bondye yo, delivrans mond la an jeneral ak peyi nou an patikilye depann de nou, e pi plis toujou de moun ki pote non Jezi, ki ta supoze sèl pou tè a ak limyè pou mond la. Ou menm, kòm kretyen, ou enplike. E si Jezi ap rele w, se pou L raple w sa e envite w bay kò w twa tap. Kifè, si w tande vwa Li, pa fèmen kè ou !

 

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 548 426
Publicité