Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
7 août 2021

Se mwen menm Pen ki bay lavi a

19vyèm Dimanch B – Jan 6, 41-51

Dominiains de Pontpellier

Frèm ak sèm yo, depi kèk jou, si nou prete atansyon a tout pòsyon levanjil Dimanch yo, nap rann nou kont gen yon mo ki toujou prezan. Mo sa a se ‘pen.’ Pou nou menm, depi mo pen an repete, premye bagay ki vin nan tèt nou, se manje kretyen yo, se dabò Kò Kris la Li ban nou sou fòm sakreman, sakreman Lekaristi a, epi Pawòl li. Yon sèl grenn nouriti, men sou 2 fòm, ki ban nou fòs pou nou kontinye wout lavi a. Frèm ak sèm yo, si Jezi, Rekreyatè nou, ban nou Pen sa a, se paske Li wè se li ki esansyèl pou lavi nou ; e pou nou konprann sa, nou bezwen al revizite istwa pwofèt Eli Litiji 19vyèm Dimanch B a pwopoze nou an.

Nou tout sonje sa ki te rive pwofèt Eli. Li te mete pwofèt Baal yo an defi, li te dezapwouve yo, epi l te touye yo. Rèn Jezabèl ki te madanm wa Akab pat kontan, li sòti pou touye Eli, Eli te oblije chape poul li. Labib la di li mache pandan yon jounen nan dezè a, nan tout sans mo dezè a. Aprè jounen sa, Eli pè, li kòmanse doute, li fatige, e li menm dekouraje ak lavi li. Nou ka al li epizòd sa nan premye liv Wa yo, chapit 18 kòmanse vèsè 17 ak tout chapit 19 la. Pòsyon pou jodi a sèlman bay lapriyè Eli a. E nan lapriyè sa a, li mande lanmò, li di : « Ou mèt repran lavi m, paske mwen pa gen plis valè pase zansèt mwen yo. » Men Bondye pa abandone Eli. Li voye yon zanj ba li pen pou li manje, pou li reprann fòs li bezwen, ni pou kò li ni pou nanm li, pou li kontinye mache jis sou mòn Orèb la, mòn Granmèt la, kote li pral fè rankont ak Li, non pa pa lantremiz tranbleman tè, non pa pa lantremiz dife, non pa pa lantremiz tanpèt, men pa lantremiz yon ti van byen dous.

Frèm ak sèm yo, sitiyasyon pwofèt la, se reyalite nou tout e nou chak. Wi, lè nou pran yon echèk, lè nou malad grav, lè nap fè fas ak move lavi, nou sanble ak pwofèt Eli. Lè, nan tan nòmal, nou te konn rache nap koupe, nou te selèb, tout moun tap pale de nou, nou te abitye pase lòd, pran desisyon, epi yon bon jou, nou twouve n sou yon kabann lopital akòz yon maladi, se enfimyè kap soupriye n pou n pran ti kiyè soup, nap sonje dantan nou, epi doktè poko wè anyen, nou viv eksperyans pwofèt Eli a.

Frèm ak sè m yo, nou renmen di aprè move tan se bon tan ; men apre bon tan, konn gen move tan tou ; se sa pawòl Bondye a raple nou. Se pa yon souwè, men yon jou ou yon lòt, nou gen pou n fè fas ak kriz. Sonje pwofèt Eli. Li fin ranpòte laviktwa sou 400 fo pwofèt, li ta dwe ap triyonfe nan Bondye, epoutan sal te jwenn, se pèsekisyon. Li tèlman jwenn pèsekisyon, li mande lanmò. Nou menm tou, apre jou viktwa a, jou siksè a, jou triyonf la, jou reyisit la, jou eksplwa a, moman kriz la ap vini. Gen defwa nou fin fè yon bagay ki byen pou yon moun, e menm byen sa tounen yo gawòt kap kale nou. E se lè sa nou kòmanse dekouraje, nou santi nou anniye, nou menm regrèt byen nou te fè a. Nou renmen di « rann sèvis bay chagren ! Grenmesi chen se kout baton» Menm si se pa yon pawòl kretyen, puiske yon disip Jezi se sinonim sèvitè. Men li rete yon bagay vrè : lè bagay sa yo rive, nou santi se konmsi lavi nou pa gen sans.

Se sa yo rele « tantasyon pou n chape anba misyon nou. » Nou santi fòk nou ta kraze yon kite sa. Men fuit nou yo ka tounen kòmansman yon pelerinaj, yon wout ki mennen nou nan Sous lavi a, ki se Bondye li menm, paske se egzakteman nan moman sa Bondye pwoche pou l ofri nou pen nou bezwen pou n kontinye avanse nan dezè lavi a, paske Li se yon Bondye ki konn ekri dwat sou liy brize. Se vre, nan mitan detrès yo, pawòl yon zanmi, atansyon yon bon pwochen konn repote konsyans pou nou. Men pawòl Bondye pou jodi a envite nou fè yon pa pi lwen. Li di nou, sa ki ka ban nou fòs tout bon an, se vrè Pen ki desann sot nan syèl la ; e vrè Pen an, se Jezi Li menm ki ban nou l, e Pen sa Li ban nou an, se Li menm menm, pa lantremiz Pawòl Li ak Kò Li.

Men malerezman, toujou gen moun ki refize konprann sa. E sak pi tris la, nan pami moun sa yo, nou konn jwenn moun ki konfese Pen sa, moun ki se enstriman Jezi itilize pou bay Pen sa. Wi, menm jan ak Jwif yo ki te wè nan Jezi sèlman pitit Mari a ak Pitit Jozèf la, gen moun ki toujou rete nan endiferans e ki refize pran pen Lekaristi a pou sa li ye. Yo fèmen kè yo pou Lesprisen an pa antre, e pa konsekan, lafwa paka jèmen nan kè yo. Yon jenn byennere, Carlo Acutis, envite nou wè Lekaristi a ak yon lòt je ; li di : « Pou mwen, Lekaristi a se yon wout byen laj kap mennen m nan syèl la. »

Frèm ak sèm yo, chak fwa Lamès ap selebre, se yon okazyon Bondye ban nou pou nou dekouvri renmen Li gen pou mond sa ki, tankou pwofèt Eli, dekouraje ak pwòp tèt li. Men, ki atitid nou genyen lè gran mistè renmen sa ap selebre ? Eske nou wè yon ti moso farin tou won ki pase nan fou oubyen Jezi Li menm menm ? Eske nou se moun ki atache a yon rit oubyen kretyen kap kontanple Jezi ki kontinye ap livre tèt Li pou nou ? Eske nou wè nan Losti a Pen lavi a Bondye ap ofri nou pou nou kontinye mache jis sou mòn Li a ? Chak fwa nou pran Pen sa a, eske nou rann nou kont se menm pawòl Bondye te di pwofèt Eli a Li di nou: « Leve, manje, paske wout la long ? »

Pitit gason ak pitit fi Bondye yo, chante a di, « si n fè yon pa, Granmèt la ap fè 99. » Men Pawòl Bondye pou jodi a raple nou se Bondye ki toujou fè 99 premye pa yo. Grenn pa Lap espere nou fè a, se louvri kè nou pou n akèyi kado Lap fè nou an. Se fè chante a tounen lapriyè nou : « J’ai tant besoin de ton Pain pour la route, reste avec nous, il est tard ! La nuit nous tient et la peur nous déroute ; ce Pain devient un repas ! » Men atansyon, kado sa a, nou pa dwe gade l pou nou. Pa bliye yon kretyen ka tout bagay, sof egoyis. Se sa menm Lamès la raple nou lè Pè a di : « Ale ak kè kontan ! » Se pa al byen manje ou bay rezo soyal rès jounen an ; men pito al rankontre tout lòt yo pou n pataje ak yo lespwa ki fè nou viv la, al pibliye kè sansib ak renmen Bondye pou yo menm tou, dekwa pou yo ka gen lavi.

Frèm ak sèm yo, Bondye Papa a toujou vle atire nou a Jezi, men Li pap fòse nou. Se nou menm kap konnen si nap louvri pòt kè nou ou si nap kite l fèmen. Men Lesansyèl la, Li fè l, Lap rele nou. Ou menm, si w tande vwa L, pa fèmen kè w.

 

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 548 640
Publicité