Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
31 juillet 2021

Travay pito pou manje kap bay lavi ki pap janm fini an

Meditasyon pou 18tyèm Dimanch B – Jan 6,24-35

 

 

2 Sermon sur la montagne - Copy (5) - Copy

 Frèm ak sèm yo, Pawòl Bondye pou dizwityèm Dimanch ane litijik B a envite nou medite sou epizòd kote foul la tap chèche Jezi pou yo mete L wa. Se te apre mirak 5 pen ak 2 pwason ki te bay 5 mil moun manje, san konte fanm ak timoun. Apre mirak sa a, Jezi te chape kò L pou L te fè ti repoze. Men foul la pran chèchè L tout kote ; e efèktivman, yo jwenn Li. Chèche epi twouve, se 2 vèb ki gen anpil enpòtans nan Levanjil daprè Sen Jan. Se yon dimansyon natirèl ki nan moun. Moun toujou ap chèche. Men kisa moun ap chèche ?

Moun gen kèk bezwen fondamantal li toujou bezwen satisfè tankou grangou, swaf, lasante, ak ledikasyon. Pi plis tan moun pase, se nan lide pou rezoud bezwen sa yo ; moun kap viv nan peyi pòv fè l pa nesesite ; moun kap viv nan peyi devlope fèl pa obligasyon, paske jan de sosyete sa yo mande anpil, bil yo anpil e yo obligatwa.

Jezi pa gen pwoblèm ak moun kap travay anpil. Dayè se nan travay, ki se dezyèm misyon Bondye te bay moun (Gn 1 :28), moun jwenn diyite yo ; menm si lakay, moun pèdi, oubyen paka jwi dwa sa. Pap Franswa raple nou sa lè l di nou : « Jezi pa entèdi moun chèche manje yo bezwen chak jou ; non. Li pa gen pwoblèm ak yon moun kap fatige kò li pou l mennen yon lavi miyò. Men Jezi ap fè nou sonje legzistans nou sou tè a jwenn vrè sans li nan lavi ki pap janm fini an, nan rankont nou fè ak Li, Li menm ki se alafwa Kado a e Sila kap fè kado a. Se nan liy sa a nou dwe wè lavi nou sou tè a, yon vi ki fèt ak soufrans e lakontantman. E rankont nou ak Jezi ap klere lavi chak jou nou. Si nou panse ak rankont sa, ak gran kado sa, tout ti kado nan lavi a, tout soufrans yo, tout sousi nou yo tou ap vin klere gras a lespwa rankont sa. »

Frèm ak sè m yo, li nòmal, li lejitim, nou gen tout dwa nou pou nou chèche manje ki ka plen vant nou, pou nou ak pou pwòch nou ; men, dèyè aktivite sa a, gen yon danje ki kache. Simone Veil eksplike nou sa trè byen ; li di : « lajan, avansman/pwogrè, dekorasyon, selebrite, pouvwa, moun nou renmen, tout moun ak tout bagay ki fè nou ka aji, se tankou pen. Si yonn nan sa nou atache a yo a antre nan zantray nou, jis nan rasin sa ki fè legzistans kò nou viv, lè nou pèdi yo, sa ka brize nou e menm fè nou panse nou mouri. Yo rele sa mouri ak chagren. Se tankou mouri grangou. Se tout bagay sa yo, nou kole sou yo a, yo rele pen isi ba sou tè a. Se pa chak sikonstans ki pou di nou si nou dwe kole kò nou sou yo oubyen si nou dwe refize yo. Nou pa gen anyen pou nou mande osijè sikonstans yo, sinon si yo tonbe daplon ak sa Bondye vle.

Se pousa, nan envite Jezi envite nou wè diferans ki genyen ant 2 kalite pen sa yo, Li envite nou wè diferans ki genyen ant 2 kalite lavi. Li di foul la : « Nou manje pen pou plen vant nou… » Se byen, se bèl, se lijitim ; men pa travay pou manje kap gate, yon manje ki soti anba tè a. Gen yon lòt manje ki desann sot nan syèl la. Travay pou manje sa pito, manje sa kap konsève, manje sa kap bay lavi ki pap janm fini an. Se manje sa kap rasazye nou tout bon. E si nou manje l, nou pap janm grangou ankò ; paske se pa travay moun ak tè a ki bay li. Sèl jefò nou bezwen fè, se aksèpte pen sa nan lafwa. Frèm ak sè m yo, men kisa Bondye ap tann nan men nou : kwè nan Jezi ki se Pen Lavi a.

Frèm ak sèm yo, menm jan ak foul moun yo ki te bò lak Tiberyad la, ki tap vasiye ant kè kontan òdinè ak kè sere, lavi nou ap dewoule nan mitan sousi ak bagay ki pote satisfaksyon pou nou, men elas satisfaksyon pou yon ti tan. E se nan lavi sa a Granmèt la vin rankontre nou. Se vre, nan pwovidans Li, Li pa inyore bezwen materyèl nou yo, men se pou Li envite nou wè kòman Li gen yon pi gran pwojè pou nou. Se pousa Li di nou : « Pa travay pou manje kap pase, travay pito pou Pen kap dire jis nan lavi tout tan an. »

Kifè, Pawòl Bondye nan okazyon an, se yon envitasyon ki lanse a nou tout e a nou chak. Kisa nap tann nan men Bondye ? Ki pi gran grangou nou ? Se vre, sa ka rive nou gen anpil jou, semèn, mwa e menm ane ap lapriyè, nap mande pen tè a : lasante, kè kontan pou nou menm ak pou pwòch nou, reyisit nan travay nou, pou pwojè nou yo reyalize… Tout bagay sa yo lejitim, nou gen dwa mande yo, men èske se pou sa Pitit Bondye a te desann sot nan syèl e te bay tèt Li pou nou ? Kisa nap tann nan men Li : lamàn ou byen lavi tout tan an avèk Li ? Kisa nou mande l : bagay kap pase sèlman oubyen byen spirityèl tou ? Eske nou mande L fè nou fè favè pou nou toujou gen kouraj reponn apèl Lap fè nou ?

Ni ou menm, ni mwen menm kap viv nan yon sosyete kote prèske tout moun ap kouri dèyè lajan e an menm tan kap eseye antre nan kontèks Levanjil la, èske nou wè reflè atitid nou ladan l ? Nou menm kap chèche reviv epizòd sa a, ki fraz, ki mo ki touche nou pi plis ? Aprè nou fin resevwa anpil favè nan men Jezi, malgre tout sa Li ansénye nou ak egzanp Li ban nou, èske nou toujou fè dilijans ap chèche L ? Lavèy jou lanmò Li, Li te kite Kò L pou nou sou fòm sakreman, sakreman Lekaristi a : nan ki eta nou resevwa repa sa a ? Eske nou deside fè yon bon jan kominyon èspirityèl avèk Li ? Eske nou gen kouraj di L : « Granmèt, toujou ban nou Pen sa ? »

Pitit Gason ak Pitit fi Bondye yo, pou Bondye vini rankontre ak nou, kote Li te desann, se nan Mari. Kifè, pi bon wout pou nou rive jwenn Jezi, pou nou demere avèk Li, se Manman Mari. An nou abandone nou a Manman sa a ki te pote Sila ki toujou ap pote n sekou a. Depi nan pye lakwa, Li se Manman Legliz la ki toujou vle nouri Pitit li yo ak Nouriti Nazarèt la dekwa pou yo ka grandi, pou yo gen fòs ak kouraj, pou yo toujou viv ak kè kontan nan wout lavi isi ba a jiskaske nou rive nan kè kontan tout tan an ; sa Jezi Li menm vle pou nou a. Dayè se pou sa Lap rele nou ; ou menm, si w tande vwa L, pa fèmen kè ou !

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 548 751
Publicité