Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
10 juillet 2021

Li voye yo 2 pa 2 san sak, san lajan, san manje, sèlman yon baton

Meditasyon pou 15yèm Dimanch Òdinè B – Mak 6,7-13

 

Mission

Frèm ak sèm yo, tan nap viv jounen jodi a pa manke moun ki bay tèt yo tout kalite non: pwofèt, apot, evanjelis, elatriye. Men Litiji lapawòl 15yèm Dimanch la fè nou sonje yon bagay: nan zafè Legliz, pèsonn pa ka bay tèt li misyon, pèsonn paka bay tèt li tit. Nan premye lèkti a, pwofèt Amos fè Amazyas konprann sa. Li fè l konprann kijan li pat pwofèt, se latè l te konn travay ak pye sikomò li te konn pran swen; se Bondye Li menm ki rele l epi voye l Betèl pou l pwofetize. Nan levanjil la tou, nou wè se Jezi Li menm ki rele Apot yo epi li komanse voye yo 2 pa 2, san lajan, san manje, san sak, sèlman ak yon baton.

Sen Mak di « Jezi kòmanse voye yo 2 pa 2». Lè l di l konsa, li vle montre nou kòman Jezi se yon bon pedagòg. Li konnen travay Apot yo pral anpil, Li kòmanse eseye yo. Misyon sa a se tankou yon staj. E 2 a, se chif temwanàj. Sa fè nou konprann kòman misyon an se pa zafè yon moun, yon bagay pèsonèl, men zafè yon ekip, se toujou nan kominyon ak lòt la, se an Egliz. Yon lòt kote Li di : « kote 2 ou 3 moun rasanble nan Non Mwen, Mwen la nan mitan nou. » Jezi ale lwen pou l reprann sa Papa l te di nan liv Jenèz la : « Li pa bon pou moun nan viv sèl. » Li vle montre nou tou kòman lanfè a, se pa lè w ak lòt la, men se lè w sèl.

Nan yon prèch, Pap Franswa di : « Li voye yo nan vilaj yo, 2 pa 2, pou yo anonse Wayòm Bondye a tou pre rive. Se yon bèl bagay ! Jezi pa vle fè anyen pou kont li, Li te vini pou pote renmen Papa a nan mond la e Li gaye l ak stil kominyon ak fratènite. Se poutèt sa, san pèdi tan, li fòme yon kominote disip, ki se yon kominote misyonè. Li entrene yo tousuit nan misyon an, e Li voye yo» 2 pa 2, paske yon sèl yo tap ale pi vit, men a 2, yap rive pi lwen. 2, yap ka soutni lòt, ankouraje lòt…

Pa pran ni sak ni anyen : misyonè a dwe fay, anyen pa dwe jennen li. Li pa bezwen rad anplis ki pou fè l lou sou wout li. Atansyon ! Pa pran mesaj sa alalèt. Wout sa Jezi ap pale a se wout lavi a. Jezi montre nou kòman nan wout lavi a, anyen pa dwe gen priyorite sou anonse pawòl Bondye. Sa pa vle di nesesèman ale jis nan bout mond la, men pito ale jis nan bout tèt nou. Fè nou vid, disponib. Si nou bezwen akonpli misyon nou nan mitan pwoblèm lavi a, nou dwe lejè. Pa pran ni sak, ni lajan, ni manje… se yon envitasyon pou nou aprann mize sou pwovidans Bondye ki toujou ap fè wout avèk nou.

Menm jan ak yon tigranmoun oubyen yon mandyan ki bezwen kouri dèye chyen kap rive sou li, Jezi mande nou pran baton misyonè nou paske nan misyon an, ap gen atak, ap gen tèt rèd, ap gen pèsekisyon : misyonè a ta sipoze rankontre menm difikilte ak Amos. Men tou, baton an senbolize Lesprisen an Jezi envèsti nou ki pou ede kouri dèyè tout sa ki gen pwojè distrè nou nan misyon an. Jezi bay Apot yo otorite sou demon ak malad yo. Men kisa pawòl sa yo vle di pou nou jodi a? Ki demon, ki maladi Jezi mande nou chase jodi a ?

Demon Jezi mande nou chase jodi a, se solitid, sa ki fè moun pè, grangou, mizè, injistis ki kenbe anpil moun ak anpil pèp nan yon esklavaj modèn. Se tout kalite maladi nap soufri nan kò nou, nan nanm nou ak nan lespri nou. Gen nan nou ki tèlman ap soufri, nou ta swete yon entèvansyon kounye a la. Lòt demon ankò, se tabak, twòp alkòl, egoyism, egosantrism, materyalism kap tiye elan nan fanmiy yo, jwèt daza, renmen lajan twòp… tout bagay jounen jodi a ki fè nou tounen esklav.

Kanta maladi yo, gen anpil ki se travay medsen. Men anpil lòt moun, se yon ti lanmou, yon akonpayman, yon pawòl akourajman, yon kout men, padon nou yap tann. Geri malad, se yon ti vizit nan lopital ak nan prizon ak nan kay pòv yo, se al lapriyè epi pote lakominyon pou moun ki, akoz laj, paka rejwenn nou nan lamès. Lòt maladi Pap Franswa envite nou geri, se pale anpil, se plenyen, ak fè manti sou moun. Yon moun ki pale anpil, se yon mou ki danjere anpil paske lè l pa jwenn anyen pou l di, li pral kreye koze sou do pwochen li. E sa pral transfòme l an moun kap simen zigzani, (menm jan ak Satan nan levanjil la), yon moun kap sal repitasyon lòt yo, yon kòlèg yon konfrè, yon konsè. Pap Franswa di ankò : « renmen bavade, se maladi moun ki lach yo ki pa gen kouraj pale ak moun dirèkteman ; yo prefere pale nan do yo. Se yonn nan maladi nou vrèman bezwen geri nan sosyete nou yo. »

Pitit gason ak pitit fi Bondye yo, pawòl Bondye pou jodi ap di nou kijan, wi, nou kapab. Nou kapab kwape vyolans, trayizon, asasina, enjistis, solitid, dekourajman, ak tout lòt bagay kap fini avèk nou yo. Men tout moun poko konnen sa. Se pousa Jezi te voye Apot li yo. Nou menm tou, li fè nou konfyans. Jodi a, se nou menm Li chwazi kòm pye li, men li, je li ak kè li nan mond la, yon mond ki tèlman bezwen renmen ak tendrès. Wi, Li voye nou al pwoklame Bòn Nouvèl la. Pa bliye, se misyon Li ; Li sèlman asosye nou. Men pou nou reyisi misyon sa, fòk nou fè ekip, fòk nou kite solitid, egoyis ak egosantris pou aprann met tèt ansanm, se pou nou aprann renmen lòt epi viv tankou frè ak sè, se pou nou aprann voye je yonn sou lòt.

Se misyon Jezi, e ki tounen misyon chak batize depi jou batèm yo. Men ou menm tou, nan gran e bèl aktivite sa a, Jezi bezwen w. Lap rele w. Si w tande vwa Li, pa fèmen kè ou ! 

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 548 751
Publicité