Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
23 juin 2021

Gran fèt Nesans Sen Jan-Batis

Kisa ti pitit sa pral ye menm – Lik 1,57-66.80

 

Son Nom est Jean

Frèm ak sèm yo, chak 24 jyen Legliz la selebre gran fèt Sen Jan-Batis. Òdinèman, Legliz la obsève jou lanmò Sen yo sou tè a kòm jou fèt yo, paske jou sa a make jou antre yo, oubyen jou nesans yo nan syèl la. Nan règ sa a, genyen twa eksepsyon : Jezi (25 desanm), Mari (8 septanm) ak Jan-Batis (24 jyen). Kifè, aprè Jezi ak Mari, Jan se sèl grenn Sen Legliz la selebre fèt Nesans li ; pa tankou nou fete anivèsè nou, kote nou sèten sou jou nou te fèt la ; pou moun sa yo, Legliz la envite nou selebre pito evénman fèt la, sa vle di gras Nesans sa yo pote pou nou an.

 Menm jan ak Jezi, se zanj Gabryèl ki te vin anonse Zakari kòman Madanm li Elizabèt, ki te fin pase laj pou fè pitit, te pral gen yon ti gason kòm siy fidelite Granmèt la ki pa bliye pèp li a. Nesans Jan se te yon mistè ; lavi l tou se te yon mistè. Jan se pwofèt ki fèmen Ansyen Kontra a epi ki louvri Nouvo a. Li te viv yon fason moun pat ka fin konprann. Jan te renmen silans - li te rete nan dezè a, epoutan li te toujou ap pale ak foul la, konvenk yo chanje mòd lavi yo tap viv la ; brèf, li tap envite yo konvèti. Jan te yon moun senp : rad li se te yon po bèt, manje l te myèl sovaj, men li te gen kouraj denonse tout sa ki mal nan sosyete a, èspesyalman enjistis ak imoralite (dayè se sa ki te pral koz li mouri mati). Jan te gen anpil imilite. Li pa te yon vòlè tit. Li pat sispann envite ata disip li yo al suiv Jezi. Li pat wont di se pa li ki Mesi a, se senpleman wout lap pare pou Li, e li pa menm diy pou l delase kòd sapat nan pye Mesi a. Se Jan ki te batize Jezi nan larivyè Jouden an ; batèm sa ki te inogire ministè piblik Jezi.

 Levanjil jodi a di nou : 8 jou aprè nesans li, lè papa l Zakari te fin ekri : « Jan, se non l sa, » (yon non ki vle di : Bonfye fè gras) epi li te rejwenn lapawòl, moun nan vwazinaj la tap poze yon sèl kesyon : « Kisa ti pitit sa a pral ye menm ? » E se Jezi li menm ki te pral bay repons la : Jan se yon gran nèg ; « nan pami tout moun ki soti nan vant yon fi, pa gen yonn ki pi gran pase Jan. » Jan te pi gran pami pitit ki soti nan vant fi, paske li te konsyan de kilès li te ye : yon moun Bondye te chwazi ; e li pat janm bliye sa.

 Frèm ak sèm yo, depi menm moman Bondye te konfye nou a paran nou sou tè a, Li te gen yon misyon pou nou chak. Wi, Bondye kreye chak moun pou yon misyon. Nan lòt mo, pèsonn pap viv sou tè a pou grenmesi. Men lè nou te batize, nou te resevwa yon misyon èspesyal ki se temwanye fidelite ak bonte Granmèt la tout kote nou ye, nan tout sa nap di ak nan tout sa nap fè. Men kesyon nap poze: «Kòman nap rive reyalize misyon sa a? » Kesyon sa a, jèn yo ak timoun yo plis poze li paske yo rann yo kont yo manke modèl devan je yo.

 Nan lide pou reponn kesyon sa a, Sen Augustin di nou : « Gade sen Jan, admire l toutan w kapab paske lè wap admire l, sa fè Jezi byen anpil. Map repete w li : sa fè Jezi byen anpil ; se pa paske wap ofri Jezi yon bagay, men paske chak fwa w gade sen Jan, wap fè anpil pwogrè.»

 Pitit gason ak pitit fi Bondye yo, fete sen Jan, se fete espwa ak kè kontan nou nan Bondye fidèl la ki kontinye fè gras, se yon envitasyon pou nou gade l epi pran li kòm modèl ak èd, si nou vle pwogrese e fyè de misyon nou, ke se swa nan Legliz la ou nan rès sosyete a. An nou imite konpòtman li, konsa na toujou dosil nan men Lesprisen an; an nou imite kouraj li ak imilite li konsa tout silans konplis nou yo va brize, e na denonse, tankou Jan, tout mal kap depafini Legliz la ak sosyete a ; e tou sa va sèvi yon lwanj pou Non Bondye Granmèt la.

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 548 687
Publicité