Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
2 juin 2021

Gran Fèt Kò ak San Jezikri ki sakre anpil la

images (7)

Dt 8, 2-3.14b-16a ; Ps 147 ; 1 Korent 10, 16-17 ; Jan 6, 51-58

Frè m ak sè m yo, chak ane, aprè gran Fèt Sent Trinte a, nou selebre Gran fèt Fèt Kò ak San Jezikri ki sakre anpil la. E nan fèt sa, tankou nou fèl jou Jedi Sen an ki se somè Lekaristi a, nou selebre lafwa nou nan yon Bondye ki gran, ki tou-puisan. Men, se pa yon grandè, ni yon puisans ki chita nan yon reyalite nou pa kapab sezi, ni konprann. Tout puisans Bondye a, li pa chita ou kache nan yon o-dela ki ta fè nou rete ak yon lide, yon mit, ki ta fè nou konprann Bondye ap domine nou, nan sans lap kraze nou paske nou pa anyen devan l. Okontrè, tout grandè Bondye a, Li manifeste l nan sa ki pi piti a ; tout puisans Bondye a se ofri tèt Li nan sa ki ta parèt pi ensiyifyan an. Fòs Bondye, se bay tèt li nan yon Losti ak yon gout Diven konsakre. E nan Losti sa a, nan gout Diven sa a, nou resevwa tout sa Kris la ye, paske se Li menm ki bay tèt Li ladan n. Se sa kifè, Nouriti sa nou manje a chak Lamès la, se yon nouriti ki espesyal. E se yon epizòd nan premye Kontra a kap ede n dekouvri mistè repa sa a.

Nou sonje aprè Bondye te fin rache Ebre yo nan Lesklavaj nan peyi Lejip, Li te fè yo tounen Pèp Li e Li te pase yon Kontra avèk yo. Alyans sa a, li rezime ak kèk pawòl (Egzòd 19-24). Se te yon fason pou pèp la te viv. Li te senbolize yon lavi tounèf. Se poutèt sa Bondye pat janm sispann tande vwa pèp la, ni pwoteje l, ni bal manje. E Li te bal yon manje espasyal; yon manje ki diferan de lòt manje yo paske li pat soti nan travay lèzòm, men se Bondye Li menm menm ki te bay li, yon nouriti misteryez ; pèp la rele l Lamàn « = ki sa sa ye ? », paske yo pat konn kote l soti. E se sa menm ki kado Bondye a, pa lantremiz Moyiz, Li bay yon nouriti ki vin pase grangou pèp la ; nouriti sa ki pèmèt pèp la reprann fòs e kontinye chemen yo nan direksyon Kanaran, tè Bondye te pwomèt la.

 

Lè Jezi, Pitit Bondye a, vin tounen Moun, li te pral bay pèp la yon manje ki sanble ak manje Moyiz te bay Pèp la. Nou sonje pandan 2 fwa Li miltiplye pen pou pase grangou fizik pèp la. E Jezi ki te konnen sa pat sifi pou pèp la, Li envite yo fè yon pa an plis. Li di yo, nou te byen manje ; men avan nou ale, M pral di nou yon bagay ki enpòtan. Tankou Moyiz te fè pèp la konprann sa, Bondye nou an Li bon, Li jenere, Li te voye Lamàn. Men, Pen ki desann sot nan syèl la, se pa Moyiz ki bay li, se Papa m. Nap chèche M, se pa paske nou kwè, men se paske nou te wè mirak : Travay pou pito pou Pen kap dire a. » E Pen sa a, Jezi pral idantifye l a tèt Li : « Si yon moun pa manje Kò M, li pa bwè San M, li pap gen lavi ki pap janm fini an » (Jan 6,26-47) ; Kò sa ak San sa Li te pral bay avan Li te antre nan soufrans ak lanmò Li.

 

Wi, frè m ak Sè m yo, sa ki te pase jou Jedi sen an, se pat yon senbòl kote Li fè sanblan bay kò L ak San L; se pa yon istwa Li rakonte pou L te fè yo konprann yon bagay. Se te dabò reyalite yon istwa : te gen yon jou, nan Jerizalèm, kote avan Jezi te bay Tèt Li, Li te pran pen an ak diven an tout bon vre ak men Li, Li bay patizan L yo e di yo « : Pran, manje, bwè ladan l nou tout, reyèlman vre, sa se Kò m, sa se San m. se yon manje ki vrèman nesesè pou nou. Sen Curé d’Ars di : « Nou pa diy pou Manje sa a, men nou bezwen L. »

E Jezi pat rete la, Li te di yo, a 2 repriz, : « FÈ SA POU NOU SONJE MWEN ! » Se menm bagay sa yo sen Pòl di nou li te resevwa epi li transmèt nou pandan lap di nou : chak fwa nap selebre l, se lanmò Kris la nap anonse, Lanmò sa ki te ban nou lavi a, jouk tan li retounen (1Korent 11,23…)

Se sa k fè, sa Granmèt Jezi te fè yon sèl fwa a, li pral tounen yon reyalite ki toujou prezan pami nou. Legliz egzekite fidèlman konsiy Granmèt ak Mesye marye li Jezikri. Legliz fè sa Granmèt la te fè. E li fè l avèk menm pawòl yo ; menm pawòl Jezi te di sou pen ak diven pou l te fè yo tounen Kò l ak San l, Repa sa a li te bay patizan l yo kòm gaj lavi toutan an. Legliz la selebre Anamnèz (anamenesis=fè sonje) Soupe sa ki te make Nouvo Kontra a. Men, koute sa byen : lè Legliz la fè menm jès epi li repete menm pawòl Jezi yo, li pa renouvle yon evenman ki pase. Yon bagay ki fèt, li fèt nèt, ou paka refè l. Fòk nou di pito : Sa Jezi te fè nan lannuit Jedi sen an, nan vil Jerizalèm nan, li vin rejwenn nou nan tan nap viv la, kote nap viv la ; li pran yon egzistans aktyèl.

Sa Jezi te fè, sa gen plis pase 2 000 an, nou aktyalize l. Kifè, a chak Lamès, plis pase 2000 an aboli. Se sa ki fè, nou pa di 2021 an aprè Jezikri, men pito 2021 avèk Jezikri. Sa sa k fè tou, gen yon chante ki di « Jezi vivan nan losti, li se wout lavi… » kouplè ki di : « Jezi mete Legliz ap refè sa l te fè» a mande korije, paske Legliz pa refè sa Granmèt Jezi te fè. Li aktyalize sa Jezi, sèl grenn Pè anchèf la te fè a. Wi, sa ki fèt yon fwa pou tout, sa fèt e li pa repete. Sa antre nan etènite Bondye.

Frè m ak sè m yo, lè Legliz fè sa Granmèt Jezi te fè, sa li te vle Legliz la fè e ke Legliz la fè jan Jezi te vle l fè l la, yon fason litijik, sa pèmèt Jezi la nan mitan nou. Li la nan Kò li kòm moun. Li la paske, depi toutan ak tout kote, se Li menm kap ofri sakrifis delivrans la bay Papa a (yo korije an nou kanpe pou nou akeyi prezidan prensipal la, men pito, pou nou akeyi prezidan selebrasyon an). Li la, paske se Li menm ki Viktim kap ofri tèt Li bay nou menm tou dekwa pou selebrasyon nap fè a fè parèt aklè sa Li menm menm te ofri a. Li la kòm Sous eneji kap resouse nou. Li la tankou yon bon Zanmi kap fè wout avèk nou pou li pataje lapenn nou ak soufrans nou, kè kontan nou ak sa kif è nou lapenn, bref, desten nou. E sèl sa lap mande nou, c’est l’amen de notre foi. Se tann lap tann nou reponn a apèl lap fè nou pou nou antre nan plan mistè renmen Li a.

E si nou di wi lap tann nan, yon wi kip a 8 ; si nan chak Lamès nou pa asiste, men nou patisipe, nap entegre nan « Wi » Jezi te di nan Jeden Jetsemani an e ki te fè L antre nan volonte Papa a. Lap fè nou gen yon lespri tounèf, lespri lwanj ak renmen kap fè nou bay Papa laglwa. Lè sa atò, nap tounen vrèman moun kap ofri avèk Jezi ; e sa nap nap ofri a, se pwòp lavi nou. Sakrifis nou an ap rejwenn sèl grenn sakrifis Kris la.

Sa nou fè chak lamès la, se pa yon demonstrasyon. Se manifestasyon yon renmen ki san limit. E renmen sa, nou menm Katolik, nou konnen se pat sèl pou nou. Se pousa nan Lamès, avan konsekrasyon an, Pè a di : « an nou lapriyè ansanm pou Granmèt la kontan lamès ki sevis Legliz li a, » nou reponn : « wi se louanj pou Bondye e se benediksyon pou nou menm ak pou tout moun ». E lè nou fè pwosesyon avèl chak fèt Dye, se di nap di kisa nou ye e kisa kifè fòs nou :

«  Nou menm ki sou tè a, nou se pèleren. Men nan mache nap mache, nou pote avèk nou Sila yo te Krisifye a, men ki leve byen vivan an. Se Li menm ki Konpayon wout nou nan tout chemen lavi nou. Li pa sèlman nan Tabènak la, men nou jwenn li nan tout katye, nan tout tout ri, nan tout kafou egzistans nou, kote yon desten krisifyan ap tann nou ; e se Li menm kap gade nou san ke nou pa menm wè L pa lantremiz zye frè ak sè nou yo nap pase devan yo san nou pa menm pote atansyon a yo » (Pè Karl Raher).

Se pou Selebrasyon sa nap viv jodi a chanje nou, pou l fè nou tounen moun kap pote Jezikri bay lòt yo. Nou pap pote L sèlman ba yo nan Losti a, men pou nou pote L nan nou menm, paske chak fwa nou kominyen, oubyen nou kominyen tout bon, se lè nou « retounen sa nou resevwa a » (Sen Augustin), dekwa pou lavi nou tounen yon mesaj, yon mesaj ki di tout moun kijan nou pa esklav ankò, men nou sove paske Jezi te mouri pou padon peche nou yo ; e nap viv pou lavi toutan an paske lè nou manje Kò Jezikri, nou patisipe nan lavi Trinite a, lavi ki pap janm fini a. Wi, se sa Granmèt la vle fè nou tounen : des vivants pour la vie éternelle.

Bòn Fèt Kò ak San Jezikri ki Sakre anpil la !

 

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 548 481
Publicité