Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
15 mai 2021

Meditasyon pou setyèm Dimanch Pak

-.Gade Jezi, e na pran kouraj.-

Jan 17, 11-19

 

Levant les yeux vers le ciel

Frè m ak sè m yo, Jedi pase, se nan gwo kè kontan nou tap selebre Lasansyon Granmèt Jezi ki monte nan syèl, Kay Papa a. Men lè Jezi tap tounen Kay Papa a, ki souvni Li te kite pou Apot yo ak tout lòt disip yo ? Sa ki klè, sèke lè Jezi tap monte, se pat yon Bib Li te kite pou nou ; Li pat menm ban nou Lesprisen an touswit. Kado Jezi te kite pou nou, se Legliz la. Se 10 jou pita Li menm ak Papa l te pral vin voye Lesprisen an, ki pèmèt Legliz la manifèste l nan je nasyon yo. E se jis apre, bò lane 48-50, lè Apot yo ak moun ki te wè Jezi ak je yo, ki te touche L ak men yo (wè 1 Jan 1, 1-3) te kòmanse vin ap mouri, epi anpil kominote te vin ap fòme, yo te vin wè nesesite pou yo ekri lansèyman ak mirak Jezi yo, Nouvo Testaman Bib la. E nan pòsyon levanjil pou setyèm Dimanch Pak la, nou wè byen se pou Legliz sa menm Jezi, Pè anchèf la, ap lapriyè. E kisa Li di ?

Avan menm nou rive sou sa Jezi di, li enpòtan pou nou sezi wè kòman Li fè yon bagay Li pat konn fè. Avan, se bò kote Papa a Li te konn pran volonte pou revele bay patizan L yo ; men jodi a, se bò kote patizan L yo Li pran doleyans pou Li mete devan Papa a. Sen Augustin gen yon fason byen enteresan li eksplike nou sa : « Granmèt nou Jezikri, Pitit Bondye a, se Sila ki, an menm tan, lapriyè pou nou, lapriyè nan nou, epi Sila nou lapriyè a. Li lapriyè pou nou antanke Pè nou (Entèmedyè nou) ; Li lapriyè nan nou antanke Chèf nou ; nou lapriyè Li antanke Bondye nou. » E nan lapriyè Li jodi a, antake Pè an chèf nou, kisa Li mande pou nou ? Konsekrasyon nan laverite ak linite.

Frè m ak sè m yo, si nou gade byen nan sosyete n ap viv la, nap wè kòman gen yon gwo kanpay kont Legliz la kap mennen, tousenpleman paske li ap chèche rèspèkte Testaman Mèt la. Jounen jodi a, tout sa ki pa monden, oubyen depi se bagay ki gen pou wè ak Legliz, moun gen tandans pase yo nan betiz ; yo twouve l pa itil, yo vle elimine yo. Menm kretyen santi yo paka chita anndan Legliz pandan 120 minit (menm si yo ka fè yon jounen nan telefòn, tout lannuit ap danse bal, ou tou senpleman mete tèt ak lòt pou pale moun mal…) Kifè, Legliz la pa janm sispann rankontre defi, pèsekisyon – anpil fwa ki rèd. Dèfwa, menm manm Legliz la konn soti pou egare pi fèb yo, nan chèche fè bagay ki pa nòmal pase pou bagay nòmal. 

Jezi te wè tout defi ak pèsekisyon sa yo depi davans ; se poutèt sa Li lapriyè Papa a pou konsakre Legliz la nan laverite. Legliz la toujou ap rankontre defi ; men li pap janm sispann batay jiskaske laverite triyonfe. Sa fè, tankou Kadinal Newman te di l, se yon Legliz kap chante « Te Deum, » paske Mèt li ranpòte laviktwa sou fòs fè mal yo, men, pandan l poko menm fin chante « Te Deum » nan, li deja kòmanse ap chante « miserere » akòz pwòp pitit li yo ki tranpe nan twòp sa ki pa bon.

Kifè, defi Legliz la afèkte sosyete nou yo, fanmiy yo, enstitisyon nou yo ak lavi nou chak pèsonèlman. Nou pa konn si pou nou kouri agoch, si pou nou kouri adwat. Tankou Salmis la, nap mande : « Ki kote sekou nou ap soti ? » (Sòm 120). Se nan sans sa a, Legliz la ki se Manman nou ak Edikatris nou envite nou pran menm atitid ak Jezi ki te pran menm atitid ak Salmis la ki te di : « M leve je m gade syèl la, paske se bò kote Granmèt ki fè syèl la ak tè a sekou m ap soti » (Sòm 120 ; Jan 17,1).

Se agzakteman menm atitid sa Pè a – kap aji nan Non Kris la ki se Tèt Kò a - envite nou pran, lè, nan Lamès, li di : « An nou leve Kè nou byen wo ! » epi nou reponn : « Nou deja devan Granmèt la ! » Granmèt Jezi montre nou leve je nou, sitou kè nou, nan direksyon syèl la, yon fason pou L montre nou kòman anyen sou tè a paka ban nou vrè kè kontan an, e okenn difikilte pa dwe fè nou sispann konsakre lavi nou bay Bondye, nan rete fidèl ak laverite. Se tankou Pap Benwa 16 te di : « Nou bezwen gade syèl la lè n ap lapriyè, konsa mal la pap gen privilèj antre nan nou pa latremiz je nou. Pi plis toujou, nou lapriyè pou n kapab gen je ki wè laverite, limyè ak sa ki bon ; konsa, nap kapab wè prezans Bondye nan mond la. Nou lapriyè konsa pou nou gen kapasite gade mond la ak je ki kapab renmen, je Jezikri Li menm menm, ki wè frè a ak sè a ki bezwen nou, kap tann yon pawòl konsolasyon nan men nou,e sitou yon bon aksyon » (Prèch Lamès Jedi Sen 2009).

Pitit gason ak pitit fi Bondye yo, nan moman sa kote nap tann Lesprisen an, nou bezwen lapriyè anpil, tankou premye Kretyen yo, paske san Li, nou pakab fè anyen ; Nou pa menm konn kòman pou nou lapriyè ; nou fèb, nou pa konn kisa pou nou mande Bondye. Se Li kap vin ede nou, kap lapriyè pou nou. L ap pouse gwo soupi moun paka esplike (Women 8,26). Nan gwo demach sa tou, nou bezwen entèsesyon Manman nou Mari, Manman Legliz la. An reyalite, kilès moun ki ka konnen pwen sansib yon moun pi byen ke Manman li ? Kilès, depi nan Nòs Kana pou rive jounen Jodi a, an pasan pa jou Lapennkót la, ki toujou ap lapriyè pou pa kite nou pran wont?

Mari ou sen, ou se Manman Bondye, Lapriyè pou nou, pòv pechè, jodi a, ak lè nou prèt pou parèt devan Papa a. Amèn !

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 548 687
Publicité