Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
1 mai 2021

Kole sou Mwen na donnen fwi

Meditasyon pou senkyèm Dimanch Pak – Jan 15,1-8

 

La vraie Vigne

Gen anpil moun, ki batize, ki panse yon kretyen, se senpleman ale Legliz, resevwa sakreman yo, evite fè peche mòtèl, konfese peche venyèl yo, antre nan yon gwoup oubyen yon koral, ale nan jén ak chemen lakwa, fè chaplè, elatriye, epi yo se fini. Epoutan se pa sa yo ditou kòm bagay pi enpòtan Jezi ap tann nan men yon vrè disip li. Plizyè fwa Jezi ap prezante pwofil patizan l, Li prezante yo, non pa tankou yon figye ki pa donnen, men tankou yon ledven ki leve pat la, yon grenn ble ki tonbe nan tè, ki mouri e ki donnen fri, yon kout senn ki pran anpil pwason, yon ti grenn senevre... E nan okazyon senkyèm Dimanch Pak la, Jezi wè nan yon vrè disip, yon moun ki donnen fwi.

An reyalite, yon vrè patizan Jezi, se yon moun ki donnen fwi. E pou sa, li dwe branche sou Jezi, e Jezi sèl. Jezi deklare sa Li menm : « Mwen se Pye rezen an, nou menm se branch yo ; kole sou mwen na donnen anpil ». E lè L di sa, Li pa twonpe L. Lojikman, si Jezi di Li se Pye rezen tout bon vre a, sèke, e nou kapab konstate sa nan reyalite lavi nou, genyen kèk pyebwa ki pa pye rezen tout bon vre ; e anpil fwa, nou se branch pyebwa sa yo. Kifè, se okazyon pou nou tout e nou chak pou nou gade byen ki fo pye rezen, sou ki pyebwa ki sanble pye rezen men an reyalite ki pa sa tout bon vre, nou kole kò nou, e ki fè nou donnen fwi, men fwi ki pa fè Bondye Papa a plezi ? Lajan ? Plezi ? Pouvwa Konesans ? Djòb ? Yon biznis ? Yon kandida ? Yon patwon ? Yon metye ? Ki pyebwa sa a ? Pafwa, li difisil pou nou idantifye pyebwa sa a ; se pou sa, Sòm 139,24 montre nou priyè sa kap ede nou detache nou de tout move rasin : « Granmèt, gade si gen wout ki pa vo anyen nan mwen, kondui m nan chemen tout tan an !»

Jodi a, se Granmèt la Li menm k ap raple nou kòman, etan branch, nou patisipe nan lavi li kòm Bondye, paske Li se pyebwa nou kole sou Li a. Gras a beny Baptèm nan, Bondye pran nou kòm pitit li, nou vin tounen pitit gason ak pitit fi Bondye. Nou pataje ADN Bondye, si nou ka di l konsa, nan langaj aktyèl la ; sèv Bondye a ap koule nan nou. E nan pòsyon Levanjil sa, Jezi envite nou pou rete nan grefaj sa a.

Si nal konte, nap wè mo « kole / rete» a repete 8 fwa. Men nan tout moso Levanjil la, kote Jezi ap di Li se Pye rezen an(1-16), mo sa repete 11 fwa. Pa bliye kote yo te ye e nan ki moman: lavèy jou lanmò Li. Jida te gentan al fè konplo pou l bay Jezi. Rete 11 disip, e Jezi repete mo sa 11 fwa. Se konmsi li fè yon envitasyon pèsonèl a chak disip ki te prezan pou yo rete soude nan Li. E se sa Lap fè ankò nan moman sa. Nou chak k ap li kòmantè sa, ki di nou se disip Li, Jezi mande nou pou nou rete kole sou Li. Li mande nou lè nou rive lakay la, nan baz la, nan travay la, nan kominote misyon an, nan mache a, nan jaden an, pou nou di chak moun nou rankontre : Jezi vle pou nou rete soude nan Li, paske se sèlman lè nou kole sou Li, nap kapab donnen fwi ki fè Bondye Papa a plezi. Men, nan koze rete soude sou Jezi a, gen yon kesyon ki gendwa vin nan tèt nou (antouka mwen, li vin nan tèt mwen). Rete kole / soude sou Jezi, wi. Men, kòman, kòman nou kapab sèten ke n fè rankont avèk li ?

Se fwi yo, se bon aksyon e non bèl pawòl kap pèmèt yo idantifye nou kòm disip Jezi.  Si nou kole kò nou sou Jezi, si nou kite Lesprisen an klere nou, nap donnen anpil fwi. Sen Pòl di nou, fwi Lesprisen an fè nou donnen, se renmen, kè kontan, kè poze, bonte, dousè, pasyans, fidelite, tandrès ; Lesprisen an fè nou vin gen kapasite pou nou kontwole kòlè nou… Donnen fwi, se bay yon kout men a yon pwochen ki malad, ki andikape ou ki jis nan bezwen ; se vizite ti granmoun yo ki souvan pou kont yo ; se ede sila yo kap soufri yo ; se pran tan pou nou koute epi ankouraje ti frè a, ti sè a kap viv yon sitiyasyon difisil; se padone moun ki fè nou kichòy ; fè yon ti kout benevola ; se vre, moun pat voye nou lekòl, moun pat ede n aprann nou pwofesyon, men pou Bondye, poze yon aksyon gratis… donnen fri, se patisipe nan lavi pawas la ; se pataje ak moun ki nan bezwen…

Donnen fwi, se patisipe nan kreye yon mond ki pi bon : kote moun rèspèkte moun, kote moun viv tankou frè ak sè tout bon vre, nan renmen. Se pou sa dayè Jezi ap rele nou tout e nou chak. Wi, Li bezwen men nou, pye nou, kè nou nan yon mond kote pa gen kenn konsiderasyon ankò pou sila yo ki pi vilnerab yo ; yon mond, yon peyi kote, sanble malere pap chape. E ou menm, si w tande vwa Li, pa fèmen kè ou.

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 548 384
Publicité