Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
10 avril 2021

Dimanch Kè sansib - Kazimodo

Pa fè kè di, se pou w kwè

Jan 20,19-31

 

Miseris Cordiae

 Frè m ak sè m yo, nou rive nan dezyèm Dimanch Pak la. Litiji Lamès la rele Dimanch sa « Kazimodo », paske li selebre l « prèske menm jan » ak Dimanch Pak la. Men, depi nan ane 2000, Pap Jan-Pòl 2, lè l tap kanonize sent Faustine, te rele Dimanch sa « Fèt Kè sansib Granmèt la » ; e se nan yon vizyon sent Faustine te resevwa mesaj sa nan men Jezi ki te di l : « Se nan zantray fèt Mizerikòd la soti, Mwen vle pou l fete byen fete chak premye Dimanch apre Pak. »

 Zanmi m yo, pandan 8 jou, Litiji a tap ede nou viv e konprann pi byen sa ki te pase menm jou Dimanch Pak la. E jodi a, lap envite nou viv rès istwa ki te kòmanse menm Dimanch Pak la nan aswè : Jezi parèt devan Apot yo, men Toma pat la. 8 jou apre, Jezi parèt ankò ; men fwa sa a, Toma te la. Toma se yonn nan Apot nou pi fasil sonje, paske depi non l site, nou sonje pawòl li te di. E nou renmen di tèt nou : « Mwen se sen Toma, depi m pa wè, m pap kwè ! »

 Anpil moun panse Toma te gen tèt di. Epoutan se pa vre. Toma se yonn nan moun ki te premye konnen kilès Jezi te ye, ki te prè pou bay lavi l pou Jezi, menm avan Simon-Pyè (Jan 11,16). Li te tèlman anvi wè Mèt la, li pat konn sa pou l te di, se konmi l te vle di : « Pa di m anyen, se je m ak men m ki pou di m… » E an reyalite, nan repons Jezi te bay Toma, se ak nou menm Li tap pale. Li te vle raple nou kòman, nou menm kretyen jodi a, nou toujou bezwen mirak ak prèv pou nou kwè. Tankou Toma, Jezi mande nou jodi a pou nou sispann gen kè di, men pou nou kwè, epi gen menm atitid ak lòt Apot yo, pou nou tounen temwen menm jan avèk yo.

 Wi, atitid lòt Apot yo dwe fè nou sonje misyon nou kòm kretyen. Lòt Apot yo te fè eksperyans ak Jezi ki leve byen vivan, Li manje avèk yo, yo kwè. Men bòn nouvèl sa, yo pa kenbe l pou yo, yo pataje l avèk Toma « Nou wè Granmèt la ! » Rezilta a, sèke Toma, li menm tou fè eksperyans li avèk Jezi. Lè li wè L, li rele L : « Granmèt mwen, Bondye Mwen ! » (Menm pawòl nou di nan konsekrasyon, lè Pè a montre Kò ak San Jezikri).

 Se menm eksperyans sa nou te fè ak Jezi lè nou te batize. Nou te plonje nan lanmò Li epi n leve avèk Li. Nou manje Kò Li chak jou nan Lekaristi. Nou tounen apot li nan Lakonfimasyon. E kisa nou fè ak sakreman sa yo ? Èske reyèlman nou selebre nan gwo kè kontan ak fèt «Jou sa Granmèt la fè pou nou an » ? Eske nou janm ranpli misyon nou, nan di vwazen nou, zanmi nou, pwòch nou, kòlèg nou, moun nou rankontre : « Granmèt la vivan, e Li vle prezan nan lavi nou ? » Eske lavi nou se yon temwànyaj ? Lè moun gade nou, èske yo ka di « Bondye vivan, Li nan nou » ? Èske nou gen kouraj pou n mande yo sispann pèdi tan kote ki pa gen gen lavi pou yo vin pase swaf yo nan Sous Kè sansib la, gras a sakreman Larekonsilyasyon an, e nan vrè Sous lavi a, gras a sakreman Lekaristi a ?

 Pitit gason ak pitit fi Bondye yo, Kè sansib Bondye a vle touche mizè nou yo. Se sa menm nou jwenn nan Fèt nap selebre jodi a : Mizerikòd : mizè (nou) ak Kè (Bondye). Li vle repare lavi nou ki fin defigire tèlman nou fè peche ak eksperyans ki sal diyite nou. Li vle padone pase nou, anbeli prezan nou, epi ban nou yon avni garanti. Men lè nou fin resevwa kalite trezò sa, nou dwe tounen, nou menm tou, moun ki gen mizerikòd pou tout lòt yo, kèlkeswa kote nou rankontre yo. Se pou sa menm Granmèt la ap envite nou touche Mizerikòd li a, menm jan li te envite Toma touche twou blese l yo.

Se pou San ak Dlo ki te koule bò kote Jezi tankou yon fontèn Mizerikòd pou nou an tonbe sou nou ! Tonbe sou Ayiti ! Tonbe sou chak fanmiy ! Tonbe sou mond la !

 

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 548 687
Publicité