Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
27 mars 2021

Meditasyon pou Dimanch Ramo ak Soufrans Granmèt la

Mak 14,1—15,47

Careme (5)

Meditasyon pou Dimanch Ramo ak Soufrans Granmèt la

Mak 14,1—15,47

Frè m ak sè m yo, chak ane, nan Dimanch ki vini avan Dimanch Pak la, nou tout rasanble pou m reviv yon evénman ki alafwa litijik epi istorik. Litijik paske se konsa Wa David envite nou pwoche devan Lotèl Granmèt la : « Granmèt la se Bondye li ye. Li wete nou nan fènwa kote nou te ye a. Avèk branch bwa nan men nou, ranje nou pou nou fè tout tou lotèl la» (Ps 118,27). Istorik paske, yon jou, nan Israyèl, sa gen plis pase 2000 an, se konsa Pèp la te kanpe pou akeyi Jezi ki, nan tout imilite Li, te kontan al resevwa lanmò L libreman paske Lè a te rive; lanmò pou moun depi Adam jis dènyè moun k ap fòme nan vant manman l nan, an pasan pa mwen menm ak ou menm.

Jezi te kontan al pran lanmò L, non pa paske Li renmen lanmò ni paske Papa l pran plezi nan moun kap simen lanmò, men se senpleman paske Li renmen nou jis nan bout (Jan 13,1). Li wè kijan nou pa vle frennen machin vyolans, trayizon, divizyon, kipidite, renmen pouvwa twòp, jalouzi, egoyis, machann peyi an… sa fè Li te oblije pran sou zepòl li tout barbari, tout sovajri, tout mechanste nou yo. Sa ede nou konprann kòman Bondye pa lage nou, kèlkeswa sitiyasyon nap viv la, antanke endividi ou kòm pèp. Li prezan nan mitan tout mati n ap sibi yo, nan mitan tout sa nap pase, pa atanke moun kap jije, men antanke viktim, tankoul te gentan montre nan jan ak kote li te dakò fèt la, yon fason pou, nan plas rayi ak lanmò, Li mete lavi ak padon.

E padon sa a, nou tout, san wete nan mete, bezwen l, paske depi lè Jezi tap antre Jerizalèm, pase Jètsemani, rive sou tèt Gòlgota a, nou tout te la. Wi, nou tout te la, e pou nou pran konsyans ke n te la, nou bezwen gade pi pre kèk nan moun ki te la yo.

Nan moman sa, te gen foul la ; yon foul ki te tankou kameleyon : Dimanch Ramo, yo rele : Ozana, viv Pitit David la, men Vandredi sen, yo menm ankò rele kloure l sou yon kwa, pandan yap mande libere yon asansen, ki se Barabas. Kilès moun Ayiti, de 86 a jodi a, ki pa asiste reyalite sa ? Gen anpil moun, lè 1000 goud la tonbe nan men yo, yo rele viv ! Men depi menm kote y ap plase sila yo tap rele viv pou li a, yo kòmanse rele aba ; ale pou l ale, se li k pwoblèm nan… Konbyen fwa yap rele anmwe sekou akoz tout kalite gang, kap fè yo pase pati e menm kite kote yap viv, epoutan, menm yo menm ankò ap aklame menm gang sa sa yo kòm wa yo, kap mande liberasyon ak tout kalite privilèj pou yo.

Pilat : Li wè Jezi te inosan, men pou l te satisfè pèp la, e pou l pat pèdi pouvwa l, li te dakò kondane Jezi. Jodi a, kilès moun ki ka di yo pa wè klè kilès k ap kondi machin tout dezòd k ap pase nan peyi a, nan sosyete a, ak nan mond la. Men kilès ki oze al kriye nan kay mò a ? Kilès ki oze denonse piyajè yo ? Okontrè, tout sa nou vle, se kondane yon n-nyèm fwa moun ki deja viktim yo, e kap chèche louvri je nou, yon fason pou n pa pèdi djòb nou, privilèj nou, ak bout viza a ou ti moso papye a, e pou yo pa depòte fanmiy yo. Tankou Pons Pilat, nou pa toujou pare pou n pèdi avantaj.

Simon-Pyè : Li te gen bòn volonte ; li jire fidelite. Li menm pare pou l mouri pou konviksyon li. Nou rankontre sa tou chak jou… Anpil moun, anpil peyi pwomèt yo se bon zanmi, men se toutan sa bon ; toutan yo jwenn privilèj eksplwate. Jou sa pa bon, premye moun ki lage pye yo, se yo menm… premye moun k ap renye sa ki evidan, trayi Konstitisyon an, chèche pwouve sa ki pa kòrèt, se yo menm. Ke Bondye gen pitye pou nou !

Juda : Li te fè pati moun ki te toujou ak Jezi : manje ansanm, dòmi ansanm, pran menas lanmò ansanm… Se te menm li ki te konn kenbe kès la. Men lajan fè l trayi Jezi ak lòt kondisip li yo. Jodi a, tout moun k ap chanje kan, tout moun k ap mande tèt lòt sou griyotin, tout moun k ap antre nan zak malonèt, se pou lajan ; sitou lajan pèp la ki m al separe antre yo. Len ap akize lòt. Len ap sal repitasyon lòt. Depi se pou lajan, yo pare pou fè tout bagay. Lajan menm fè yo bliye sa yo ye ; e nan sa, menm kretyen pa epanye ; menm moun ki ta sipoze sèvi egzanp pa epanye. Jezi te di sa. Veye nou pou lajan pa fè nou pèdi imanite nou ; veye pou lajan pa fè nou vann nannm nou ; veye pou lajan pa fè nou sal diyite nou ; veye pou lajan pa fè nou pèdi entegrite nou.

Gwoup moun ki te kanpe lwen ki t ap gade yo : Se vre, yo pat akize Jezi, yo pat kloure l, men yo te la, epi yo fè silans. Sa se yon èskandal. Konbyen fwa nou konsyan batiman peyi a, fanmi an, amitye a, travay la… ap pran move direksyon, lap koule, epi nou leve ti dwèt nou ? Se te tris pou n ap gade dènyeman jij kap fè manifestasyon mande jistis. E sak pi mal la, pou nou jistifye move atitid sa a, nou tonbe pale Fransè ; o wi « Le silence est d’or ! » Wi, silans se lò ; men, tankou Kery James chante : « Le silence est d'or mais parfois il est lâche, corrompu et coupable, complice de ce qu’il cache. Quand la justice est muette ; aveuglée de lâcheté, le désespoir guette, le pire peut arriver, le pire va arriver ». Gade eta peyi a. Se pa lòt bagay ki mete l la, se sitou silans konplis nou yo. Menm nan relasyon nou yo, anpil fwa se paske nou pa gen kouraj pale nan senserite kifè yo brize, aloske yo te gen bèl avni. Wi, lè konsa, nou konplis akoz silans nou ; sitou si se nan men nou pitit Bondye yo ap tann yon pawòl akourajman ak limyè.

Ane sa ankò, Granmèt la envite nou pran Ramo nou pou n avanse jis bò Lotèl li a ; e Li vle pou se 2 lide ki anime nou : Konpliman ak rekonesans, pandan lap envite nou adòpte 4 atitid :

1.- Simon, moun peyi Sirèn nan ki te ede L pote kwa a. Li pat gen anyen pou wè ak sa k tap rive Jezi a. Li pat menm gen pwojè ede Jezi ; men kou yo mande l sa, san ezitasyon li dakò, paske se yon frè li nan limanite ki te bezwen asistans. Pa lantremiz jès sa a, Simon envite nou ede lòt yo pote kwa lavi a ba yo pote : nan lapriyè n ap fè pou yo, nan asiste nap asiste yo, nan yon ti jès sèvis, nan yon ti souri ki kab pote limyè ak moso kè poze pou yo. 2.- Granmèt la vle tou pou, tankou ti bourik ki te kondui l Jerizalèm nan, pou nou anonse renmen Li tout kote nou pase pandan n ap bay bon jan temwanyaj. 3.- Li envite nou aji tankou Nikodèm ki te kite renmen gide li, ki pat kite Lalwa sèvi l pretèks pou pa fè sa li dwe fè ; an menm tan, Li vle tou pou nou vire je nou nan direksyon moun Jerizalèm yo te kite lakay yo pou y al akeyi L... Nou menm tou, Granmèt la ap mande nou nou libere nou de tout sa ki fèmen nou, pou n al mache devan Li la pandan nap rele byen fò, avèk Jerizalèm anwo a : Ozana, Viv Pitit David la !

E se nou rive plase tèt nou nan 4 Karaktè sa yo, nap rive kote Jezi vle nou rive tout bon vre a, ki se idantifye nou ak Santiryon an, sa vle di Kapitèn lame Womèn nan. Antanke yon chèf lame yon peyi puisan – Wòm - ki tap okipe yon lòt ti peyi – Palèstin -, nou ka imajine ki kalite kè di mouche sa te gen. Li pat gen menm kwayans ak Jwif yo. Zafè Sovè ki te gen pou vini an pat enterese l ; dayè kòm Women, li te gen pwòp kwayans li. Epoutan, li fè yon konsta. Fason l wè Jezi mouri te oblije fè l wete chapo l. Pa lantremiz atititid sa a, chèf lame Women sa montre nou kòman anfas kalite jès renmen sa a, mèye atitid nou ka montre, se imilite e mande Bondye kòman nou ka akeyi e transmèt renmen sila.

Men sa ki pi enteresan ak kapitèn lame sa a, se kalite deklarasyon lafwa li te fè a. Li wè Jezi te inosan, e se paske li renmen jouk nan bout kifè li te dakò sakrifye tèt li. Li wè nan Jezi yon Nonm ki te puisan anpil ; e kalite puisans sa a, se sèlman Bondye ki ka gen l ; e se pou sa li konkli konsa : « Tout bon, Nonm sa a, se Pitit Bondye ! »

E nou menm kap reviv èspirityèlman kalite evénman sa a : eske nou gen kouraj pou nou fè menm kalite deklarasyon sa a ? Eske nou gen kouraj mache avèk Jezi ? Eske nou gen kouraj ale jouk nan bout pou lòt yo, o non renmen nou gen pou yo ?

Bòn Semèn Sent pou nou tout !

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 548 751
Publicité