Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
17 mars 2021

Sa m fè, se yo k ap pale pou Mwen

Meditasyon pou Jedi katryèm semèn Karèm

 Jan 5,31-47

mother-theresa


Frè m ak sè m yo, Jezi, se Sila ki gen pou retounen pou jije tout moun nan (Kredo a). E lè L ap jije, Li se Lalwa a menm. Epoutan, yon gwoup Jwif akize L, yo menm ap jije L paske L geri yon pòv malere ki fè 38 an ap soufri ak yon maladi. Yo pa sitou jije L paske L geri moun nan, men paske L geri l yon jou Saba (Yon pretèks pètèt). Men Jezi, Pawòl la ki tounen Moun, jwe yon bèl ti jwèt avèk yo : Li retounen balon an nan pye yo, pandan L ap pwofite montre yo otorite Li : « Kòman n ap fè kwè, nou menm ki renmen laglwa ki soti nan moun ? » Li tou pwofite pou L fè leson yo osijè Labib: « Si nou te kwè nan Moyiz, nou ta kwè nan Mwen, paske se osijè M Moyiz te ekri ».

Men si nou gade byen, n ap wè Jezi mansyone 2 temwen prensipal Li gen, se dabò Janbatis epi Papa l. Lè l fè sa, Li pa fè lot bagay sinon mete L an konfòmite ak sa Moyiz te rekòmande nan dezyèm liv Lalwa yo : « Yon sèl temwen pa ase pou akize yon krim, fòk gen pou pi piti 2 oubyen 3 » (Dt 19,15). Nan diskisyon L avèk Jwif yo, Jezi bay plis pase sa Moyiz te mande a ; non sèlman 2, li bay yon twazyèm : Labib la. E pou L fèmen bouch yo nèt, Li bay yon katryèm : zèv li; sa l reyalize yo. E se la levanjil la enterese nou…

N ap viv nan yon sosyete kote anpil moun ap fè anpil pwomès, yo gen ane ak ane depi y ap fè pwomès, men nou pa janm wè anyen ak 2 na wè nou. Nan langaj fransè, gen yon ekspresyon ki di : « Des grands-parleurs petits-faiseurs ». Yon lòt kote, operasyon sou operasyon… Anpil moun ap met tèt yo kòm avoka pèp, yon pèp ki rejte yo… chak jou n ap tande pale de gwo lajan pou pèp… Men e bilan yo ? Pa gen bilan. Zèv yo paka pale pou yo.
Pitit gason ak pitit fi Bondye yo, Pawòl Bondye pou jodi a envite nou sonje yon pawòl Pap Pòl 6 te di : « Moun jounen jodi a pa koute moun k ap pale anpil ; yo kwè pi vit moun k ap poze aksyon. E si yo koute moun k ap pale anpil, se paske dabò, yo se moun ki poze aksyon » (EN 42). Se okazyon pou nou chak poze tèt nou kesyon, kèlkeswa rèskonsablite nou, kèlkeswa kote m ye : « Kisa ki ka pale pou mwen, si yo ta mande m bilan ? Tropicana te fè yon kanaval, kote yonn nan refren yo te di : « Zansèt nou yo fè 1804, yo te bati Sitadèl, nou menm kisa nou fè ? »

Se pou sa nou bezwen lapriyè ; wi, lapriyè pou nou kite reyalite nou kò m moun k ap pale anpil pou nou tounen moun k ap poze aksyon. Pawòl la di : « Doum vid toujou ap fè bwi / les tonneaux vides font toujours du bruit.» Prezans nou sou tè a, se pou nou poze aksyon ki pou pale pou nou menm lè nou ta pati kite tè sa a. E Karèm se tan konvèsyon. Ann mande Bondye lagras pou nou imite Jezi nan aji byen plis, e pale mwens paske nou gen pou nou rann kont. Jezi envite nou fè pasaj sa a ; si nou tande L, pa fèmen kè nou.

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 547 209
Publicité