Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
6 mars 2021

Se nou menm ki Tanp Bondye a

Meditasyon pou twazyèm Dimanch tan Karèm- B

Jan 2,13-25

Corpus Christi

Frè m ak sè m yo,

Karèm, se yon pèlerinaj n ap fè ak Jezi nan direksyon fèt Pak yo. Men, nan wout ki mennen nan maten fèt Pak la, Jezi fè kèk poz ; li fè, sa nou rele nan langaj vwayaj, kèk èskal. Konsa, apre Li fin ale avèk nou nan dezè a, kote l te dezapwouve Satan, li te monte avèk nou sou tèt mòn Tabò a, kote Li te transfigire devan Moyiz, Eli, Pyè, Jak ak Jan ; konnya se Jerizalèm Li monte avèk nou. E la, yon bagay okenn moun pat atann te pral rive : Li ale nan Tanp la ; lè Li rive, Li te sezi wè sa moun yo te fè Tanp la tounen : yon kote vòlè pase tan yo. Li fache, li chavire tab moun ki tap chanje lajan, li libere tout bèt yo. Disip yo te sezi wè ki kalite lanmou Li gen pou Tanp la.

Nan sa ki rive a, gen, pou pi piti, de (2) bagay pou nou konnen. 1.- Fè komès nan Tanp la, se pat yon bagay ki te rive pou premye fwa. Depi lè wa Ewòd te fin rebati Tanp la, moun yo te gen pratik sa. 2.- Pa kouri konprann komèsan yo te gen movèz fwa. Yo te gen anpil respè pou Tanp la. Sa yo te fè a, se te pou fasilite moun ki soti lwen vin nan pèlerinaj chak ane jwenn sa yo bezwen pou ofri yon sakrifis. Nou sonje nan Levanjil Lik la (chap. 2), Mari ak Jozèf te monte nan Tanp la pou prezante Jezi. Se pòv malere yo te ye. Pètèt, yo menm tou, se nan Tanp la yo te kontan jwenn achte de jenn toutrèl yo te bezwen yo pou ofri, daprè jan Lalwa Moyiz la te mande l la.

Kifè, daprè règleman moman an, machann yo te aji korèk. Men pwoblèm nan, sèke règleman an li menm te gen pwoblèm, li te kòwonpi. Règleman an, se te pwoblèm nan menm. Anvi genyen twòp, move lanvi, se tankou sèvi zidòl, idolatri ; e, vrèman, sa te vin tounen yon fòm adorasyon pou yo, tankou sa di nan Kolosyen 3,5.

Se kalite idolatri sa ki te fè Jezi gen mòd konpòtman sa. E pou remete lòd nan dezòd, Li raple misyon orijinèl Tanp la, li fè apèl a Lalwa a ak Pwofèt yo ; li site Pwofèt Izayi (56,7) : « Ya rele Kay mwen an Kay kote pou moun vin lapriyè nan pye m » (Vèsyon Sen Matye a 21,13); epitou, li site Pwofèt Jeremi (7,11): « Men nou menm, nou fè l tounen yon kachèt pou vòlè, yon boutik kote yo fè komès » (Mt 21,13; Jan 2,16) (Pap Benoit 16, Prèch Dimanch Ramo, 16 mas 2008).

Pa konsekan, nou pap mize sou aksyon Jezi te poze a, men pito sou pawòl Li te itilize pou l pale de Tanp la : « Kay Papa m nan. » An reyalite, se pa premye fwa Li itilize pawòl sa yo. Nou sonje a 12 an, lè L te rete nan Tanp la, Manman l ak papa l t ap chèche l, lè yo te twouve l, se menm pawòl sa yo li te repete : « Lakay Papa m ». Pa lantremiz pawòl sa, Jezi di tout moun ki tap koute l « Mwen se Pitit Bondye ! Mwen se eritye a; sa vle di, Tanp la, ki se Kay Papa m, se Kay Mwen (wè Lik 15,31). Pi devan, Li di moun ki te la yo : « Kraze Tanp la, nan 3 jou M ap rebati l. » Jwif yo pat konnen se de pwòp Tèt li li tap pale. Men tout sa li te vle di yo, se menm pawòl Etyèn, premye disip mati a, te di, kèk minit avan yo te touye l ak kout wòch pou Jezi : « Bondye pa rete nan kay moun fè ak men » (Travay 7,48). Kifè, avèk pawòl sa yo, Jezi te vle di moun yo : depi jodi a, Tanp la pa yon kay, men yon Moun : Mwen menm menm.

 Se sak fè Sen Paul te pral vin di nou kijan, wi, Jezi se nouvo Tanp la, men nou menm tou, gras a beny Batèm nan, nou fè yonn ak Jezi. Kifè, nou se Tanp Bondye, e Lesprisen an fè Kay li nan nou. Pa konsekan, « Kris total la, se Jezi ak Kretyen yo » (Sen Augustin). Nouvo Tanp la, se Kò Kris la ki rasanble chak Dimanch, jou leve byen vivan an, jou Rezireksyon an, pou fè sonje Mistè Pak la. Se sa k fè, li enpòtan pou nou poze tèt nou kèk kesyon, tankou :

Ki konpòtman m genyen lè l al Lamès : se priye m al priye oubyen se nan yon pwogram woutin m ale ? Se Bondye m al rankontre oubyen se kritik m al pote ? Se asiste m al asiste oubyen m al patisipe ? Eske m janm pran tan pou m pale ak Bondye tankou yon Papa, oubyen m ale jis se paske se yon abitid, oubyen pou m ka fè Batèm byen fasil lè m bezwen, oubyen lè m mouri pou m pa pase tout dwat ?

Nou menm ki di nou se Kretyen e menm moun tou senpleman, epizòd sa dwe fè nou reflechi : èske nou konsyan move lanvi ak sèvis yon pakèt zidòl modèn : tankou lajan, plezi, pouvwa, renmen parèt, relativism, egoyis, move enfliyans, lògèy fin pran chè nan kè nou, nan Legliz la ak mond la ? Èske nou pran konsyans zidòl ak move lanvi sa yo fin anpyete sou lafwa nou ?

Eske nou pare pou nou kite Granmèt la antre pou li mete deyò tout sa ki anndan yo, men ki pa pou li, ki pa fè lonè nou kòm moun, kòm disip li, e kòm pèp li ?

An verite, toutotan nou pa pran desizyon sa a, nou pap janm rive akonpli sa Jezi te di Samaritèn nan, nou pap janm rive sèvi Bondye nan lespri ak nan laverite ; sa vle di, sa nap adore a, sa nap pwoklame a, sa nap di nou kwè ladan l nan, sa nap « vann » nan, se ap tout bagay, sof Bondye Papa nou an, sof Bondye Jezikri a. Sa vle di, nou pap janm adoratè tout bon Papa a ap chèche a (Jan 4,23), paske pou nou rankontre Bondye, fòk nou ka aprann wè ak kè nou, tankou Antoine de Saint-Exupéry te di : « Sa ki lesansyèl paka wè ak je ; se ak kè nou wè tout bon vre / l’essentiel est invisible à l’œil nu ; on ne voit bien qu’avec le cœur» (Le Petit Prince).

Kifè, e tankou Sen Paul di : « Nou se Tanp Lesprisen an. » Men èske nou toujou sonje sa, jiskaske nou fè atansyon pou n pa kite nouvo « machann bèt ak moun kap chanje lajan » vin fè komès ladan l, tankou lògèy, laparès, manje anpil, jalouzi, renmen lajan depase, ipokrizi, egoyis, endiferans, ak tout rès yo ? Eske m dakò kite Kris la chase yo nan lavi m ?

Pa konsekan, nou bezwen aprann gade ak kè nou pwòp, ki pa kòwonpi ak prejije, enterè egoyis, move lanvi, renmen pouvwa, kipidite, vanjans, elatriye ; konsa, mond la, peyi nou, Legliz la èspesyalman, e nou chak pèsonèlman, va parèt tout bon vre, nan vrè imaj nou, jan Granmèt Jezi te toujou vle l la.

Nan okazyon 3e Dimanch Karèm nan, Jezi mande nou pran konsyans de sa nou ye e envite nou pou nou veye ; veye pou n pa kite okenn « nouvo machann ak chanjè lajan » vin fè lavi nou tounen mache. Kò nou pa yon plas piblik, non plis, kote nenpòt moun ka vin pran ti van ; kò nou pa yon plaj kote nenpòt moun ka vin benyen ; kò nou pa yon jaden kote nenpòt moun ka antre. Kò nou se Kay kote Bondye rete. Nou koute chè : sèvi ak kò nou yon fason ki fè Bondye plezi, yon fason k ap ba li lagwa.

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 547 209
Publicité