Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
10 février 2021

Notre-Dame de Lourdes

11 Fevrye: N ap sonje Notre-Dam ki te parèt Lourdes (Mak 7,24-30)

NDL

Frè m ak sè m yo, tankou nou konnen – e nou remake sa -, sa fè kèk jou depi n ap tande Pawòl Bondye a daprè sen Mak. Kontrèman a lòt Levanjelis yo, sen Mak prezante nou Jezi tankou yan Doktè k ap mache tout kote, nan tout zòn nan peyi Li, andyè tankou lavil, anndan Kay Reyinyon an (Sinagòg la) tankou sou plas piblik yo, pou L geri tout moun, kèlkeswa maladi yo genyen. Men jodi a, Jezi chanje zòn ; li ale nan rejyon Payen yo. E pandan li rive bò Zòn Tir, yon nan 10 vil Payen yo, yon madanm pran soupriye l : « Mèt, pitit fi m nan gen yon demon sou li ; vini pou w fè demon an kite li. » Sibitman, Jezi, ki te si tèlman gen bon jan ak moun lakay Li, vin chanje atitid. Li pa okipe madanm nan menm. Kesyon n ap poze : Poukisa Jezi chanje atitid? Eske se paske madanm nan pat moun menm kote avèk Li? Eske Jezi vin entoleran? Eske Jezi vin rasis?

Repons la se: non! Jezi pa ditou rasis, ni tankou yon moun ki favorize sèlman baz li, zanmi li ak fanmi li, osinon moun peyi li. Jezi, se Bondye tout moun. Li renmen tout moun menm jan paske se pa lantremiz Li Papa a kreye nou tout, e se pou tout moun li te vini. Se sa ki fè, avan menm madanm nan te vin kote l, Li te konnen kisa li t ap vin mande L, e ki fason Li te pral ba li sa li mande a. Jezi te chanje atitid poutèt li te vle yon sèl bagay : li te vle tèste lafwa ak imilite madanm nan.

Frè m ak sè m yo, pafwa Bondye sonde lafwa nou ; Li pafwa sonde imilite nou. Men kisa imilite vle di? Gen yon Sen ki di: « Imilite, se yon èskalye wap monte pandan w ap desann li. » E nou wè sa ak madanm nan. Toutan l ap fè l piti, se toutan Jezi ap admire l. « L’humilité, c’est la vertu des grands ». Imilite madanm nan kale « rezistans » Jezi a zewo, si byen ke Jezi te « oblije » ba li byen vit sa l t ap chèche a. Wi, David di sa nan Sòm 51 an: « Ou paka reziste anfas yon kè ki fè l tou piti. »

E se sa tou Aparisyon nan Loud la ap envite nou kiltive nan lavi nou. Yo rakonte, nan lane 1858, soti 11 fevrye pou rive 16 jiyè, Mari parèt 18 fwa devan Bernadette, moun andeyò Soubirous, nan peyi Lafrans. Fanmi Bernadette te pòv anpil. Li pat menm byen ka pale pwòp lang li ki se Fransè. Evèk li te panse li t ap bay manti, men li reponn evèk la : « Je l’ai vue de mes propres oeils » (olye de : mes propres yeux). Li te santi l twò pòv pou Manman Granmèt la te parèt devan l ; li te santi li pa merite yon favè konsa. Konsa, yon jou, li di Mari: « Bon, yon timoun pòv tankou m, poukisa se devan m ou chwazi parèt? » Mari reponn : « Si te gen yon timoun ki pi pòv pase w nan tout Lafrans, se devan l m tap parèt.» Sa fè nou sonje yon pawòl Mari te di lè li t ap chante bèl kantik li a : « Li siye dan gwo richa yo, yo fè zewo ; e ti pòv yo menm, li leve yo anlè. »

Pitit gason ak pitit fi Bondye yo, gen yon lòt bagay ankò Mari n ap sonje jodi a raple nou. Lè Mari te kòmanse parèt devan Bernadette, Bernadette pat konnen si sete Mari. Konsa yon jou, li oze mande Madanm nan : « Kòman yo rele w ? » Madanm nan reponn : « Mwen se Imakile Konsepsyon », ki vle di « sila Bondye te prepare pou peche premye paran nou yo paka make a. ». E nou sonje 8 desanm 1854, Pap Pi 9 te deklare Dògm Imakile Konsepsyon an. Mari chwazi yon ti pòv pou konfime gwo verite sa a.

Pè René Laurentin te di : « Nan pami tout moun Jezi sove yo, Mari se premye a ; lè nou gade l, nou deja gen yon lide de ki pwojè Bondye gen pou nou. » E se pwojè sa Memwa sa ap envite nou akeyi : Vin kòrèk, imakile devan Bondye (Efezyen 1,4). Men, kòman nou ka akeyi pwojè sa a ?

Pwojè sa a, zanmi m yo, li fasil pou akèyi. Sèl sa nou bezwen, se kopye sou Mari ; sa vle di, konsakre tout nou menm ak chak pati nan kò nou a Bondye :

Ann konsakre je nou bay Bondye, pa lantremiz Mari, nan refize gade bagay ki pa diy de yon moun ki pote non kretyen, èspesyalman sou entènèt, imaj ak videyo malsen ; nan refize gade pwochen nou tankou yon lénmi, yon baryè, men pito tankou yon frè, yon sè, yon pon ki mennen nou kay Bondye.

Ann konsakre zòrèy nou bay Bondye, nan evite rete kote moun p ap pale de Bondye ak bagay ki bon osijè pwochen yo, peyi yo ak legliz yo.

Ann konsakre pye nou bay Bondye, nan evite ale kote ki pa diy de nou.

Ann konsakre men nou bay Bondye, nan sispann aplodi kòriptè ak moun k ap fè pwomosyon pou medyokrite…

Ann konsakre bouch nou bay Bondye, nan fè konpliman pou Li, nan ankouraje e di sa ki kòrèk osijè pwochen nou ak nan evite di bagay ki ka blese yo, tankou manti ak avilisman.

Ann konsakre kè nou ak tout lavi nou san okenn rezèv, antan n nap louvri a sèlman bagay ki pozitif, epi antan n ap fèmen l pou n pa kite bagay negatif vin tabli katye jeneral yo ladan l, tankou : lògèy, jalouzi, endiferans, rayi…

Se yon konba ki pa piti. Se pousa, si nou mize sou pwòp fòs nou, nou pap kenbe, paske nou se pòv pechè. Men si konte sou konkou Lesprisen an, n ap plen ak favè Bondye, e menm jan ak Mari ki pa sispann lapriyè pou nou, Jezi ap nan nou an plen.

 

 

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 548 751
Publicité