Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
27 janvier 2021

Meditasyon pou 28 Janvye fèt Sen Toma moun Aken

 

St Thomas

 

Yo pa limen lanp pou mete l anba mamit… (Mak 4,21-25)

Frè ak sè m yo,

Jodi a, Legliz la ap fete yonn nan pitit ak zanmi Bondye yo, Toma. Sen Toma sila pat nan pami 12 apot yo ; se pat li menm ki te di : « Si m pa wè, m pap kwè » a. Toma sila, se te yon Pè ki te fè pati Lòd Sen Dominik. Toma de fèt nan chato Wokaseka toupre Aken, toupre Napl, Itali. Li te viv nan epòk Mwayen-aj (28 janvye 1225 – 7 mas 1274), nan yon moman kote anpil kesyon tap poze nan zafè Teyoloji ak Filozofi. Se konsa, nan lide pou l te ka bay Legliz li a yon nouvo sen Pòl, volonte Bondye gide Toma, apre l tap anseye nan inivèsite Nap, jis nan peyi Frans kote li te anseye nan inivèsite Pari ak Kolòy, kote li te rankontre sen Albè le Gran, mèt li. Pou Toma te ekri, li te voye je l sou sa anpil moun save avan li te ekri, pa egzanp sen Pòl, Socrate, Platon, sen Ansèlm, Aveworès, plis èspesyalman Aristòt ak sen Ogisten ; gen nan yo li krisyanize, gen nan yo li korije. Toma d-Aken se patwon filozòf yo. Se pou sa nou pwofite de okazyon an pou n swete tout filozòf : Bòn Fèt !

Nan okazyon fèt gran jeni sa a, Pawòl Bondye a envite nou pou nou pa limen lanp e mete l anba mamit, men sou tab, dekwa pou tout kay la klere. E nan finisman pòsyon Levanjil pou jodi a, Jezi di nou ankò : « Moun ki genyen deja, yap ba li ankò ; e moun ki pa genyen, yap wete nan men l ata tisa l te genyen an ». Se yon kalite pawòl ki tonbe daplon, ki reflete lavi Toma ; paske li pat gaspiye lagras Bondye te depoze nan li. Okontrè, li te mete yo nan sèvis Legliz la ak nan sèvis pwochen li. Nou tout konnen kalite travay Toma te reyalize pou konsolide doktrin Legliz la. Toma ekri yon gwo liv ki rele « Sòm Teyolojik », ladan l, li reponn tout kalite kesyon, menm sou zanj yo. Se pou sa yo rele l Doctor angelicus / Doktè zany yo. Se Toma ki premye di e montre kòman Fwa ak Rezon / Folizofi ak Teyoloji pa lenmi ; okontrè, « yo se de (2) zèl yon menm zwazo » (Sen Jan Pòl 2). Se Bondye ki bay ni lafwa ni larezon pou n rive nan peyi Laverite. Se Toma d-Aken ki ekri bèl Sekans pou Jedi sen an, chante nou konn antone devan Sen Sakreman « Pange Langua », èspesyalman kouple ki di « Tantum ergo Sacramentum / kalite Sous Lagras sila, an nou adore l ajenou… ». Toma ekri anpil bagay, yo tèlman twòp, nou paka rapòte yo iti la.

Pitit gason ak pitit fi Bondye yo, fèt Sen Toma d-Aken di nou kichòy. Wi, fèt sa pale ak nou tout e nou chak etan l ap mande nou : Kisa nou fè e kòman nou sèvi ak lagras Bondye depoze nan nou ? Eskè nou itilize konesans nou pou nou eksplwate pwochen nou, pou nou fè zewo tounen 9, oubyen èske nou sèvi ak li pou nou ede devlope kominote sivil ak èspirityèl nou? Eske Konesans nou ede nou vin pi pòv nan kè nou (humble), oubyen vin awogan, ògeye ? Fèt sa ede n konprann tou kijan si Bondye depoze lagras li nan nou, se paske li konnen nou ka fè l travay pou yon koz ki kòrèk ; si Li limen lanp lentèlijans nou, se pa pou nou mete l nan sèvis aktivite peche, men pou nou tounen yon limyè kap klere e pèmèt lòt yo wè chemen kòrèk. Se pou sa, nan okazyon sa a, an nou lapriyè Bondye. Ann mande l, Li menm ki fè sen Toma tounen yon mòdèl nan mennen yon lavi ki kòrèk e nan angoumen pou chèchè laverite, pou ede n konprann sa Toma tap anseye yo e fè nou suiv egzanp li ; konsa, na gen garanti, nou reyalize, sou tè a, misyon nou kòm moun e kòm kretyen.

Bòn fèt pou nou tout !

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 548 426
Publicité