Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
25 mars 2020

Yon ti koze sou Konfesyon nan telefòn…

Mon Pè, konfese m non !

reconciliation

Se konsa yon bon zanmi m te ekri m, pandan nou tap kominike nan maten 23 Mas 2020 an. Chans pou mwen, mwen te fin li yon atik sou entènet (aleteia.org) ki te rafrechi memwa m sou kesyon « tande konfesyon nan telefòn » nan. Se sak fè, otomatikman, m te tou reponn li : « Non ! Sa pa posib.» Se lè sa a atò li mande m, sa k fè sa. Mwen reponn li : « Ma gentan ba w repons la ». Men atandan, rete ak repons sa : « konfesyon nan telefòn pa yon bon lide ».

Mwen te mande l pran pasyans, se paske m rete kwè se yon kesyon ki ka enterese anpil moun, sitou nan moman sa, kote Kovid-19 fòse nou rete lakay nou : nou paka al patisipe nan Lamès, nou pè soti nan lari, paske nou pa vrèman konnen kilès ki enfekte. Li difisil anpil pou nou jwenn yon Pè tande konfesyon nou, paske nou pa vrèman metrize Kowona a. An reyalite, yo pa gen tò ; paske Labib la di : veye, priye. Se pa paske Sòm 91 la di : « Moun ki kache anba zèl Bondye… menm si li bwè pwason, anyen mal pap rive l », pou nap chèche tante Bondye. Pwovèb kreyòl la di : Djab ba w pwen, li pa voye w dòmi nan lari. Pawòl ki klè pa mande diskisyon.

Mwen te panse ekri ti koze sa a, se paske an reyalite, pawòl Sakreman pa lantremiz rezo sosyal yo, se pa yon pawòl ki tounèf, epoutan se pa tout kretyen ki konnen l kòm yon lide ki pa bon. Se te menm kesyon sa ki tap poze lè televizyon te fenk envante. Gen anpil moun ki tap di : Eske nou bezwen ale Lamès, paske nou ka viv lamès la nan televizyon ? Sa fè m sonje tou lè m tap fè èstaj mwen kòm Dyak nan Pawas Katedral Sen Jozèf (Fòlibète) ak lè m tap travay nan Pawas Manman Delivrans (Fòlibète). Anpil fidèl yo te renmen defann yo konsa : - Ti Mari, se pa m pate wè w Lamès ? Kòman w fè wè m pate la, Mon Pè ? M pate la vre non, men m pran tout Mès anm nan Pawòl de Vi (Radyo Dyosèz Fòlibète a)…

Jodi a ankò, sijè a remonte sou tab : Li pa posib pou n soti ale Legliz oubyen nan prèsbitè pou n al konfese, sitou nan tan Karèm nan : èske w pa ka tande konfesyon m nan telefòn ? Mwen m panse sa ka fèt paske Legliz la, anpil Dyosèz ak Pawas gen chèn Televizyon, yo konn difize Lamès. Epi, èspesyalman Dimanch pase a, anpil Pè selebre an prive, men yo difize Lamès la sou Skype ak Facebook: poukisa Konfesyon an paka fèt konsa tou ?

Frè m ak sè m yo, gen anpil rezon ki anpeche sa. Men nan tèks sa a, mwen pral bay nou de (2) pi gwo rezon yo ki fè “Konfese nan telefòn pa yon bon lide”. 1.- Relijyon Jezikri a se yon relijyon « Siy ». 2.- Relijyon Jezikri a se yon relijyon Rankont.

 

1.- Krisyanizm la, se yon Relizyon « Siy »

Nan atik ki ekri sou sit entènet m te pale nou an nan kòmansman an, Pè Bandelier fè nou sonje : « Menm jan (nan tan nòmal à wè nòt anba a) pa gen Batèm si dlo a pa mouye moun nan, pa gen sakreman Malad san Luil sakre a kap koule, pa gen Lakominyon Sakramantèl san Losti konsakre, Pa gen Òdinasyon san mete men sou tèt (ak konsakre men)…, se yon nesesite pou moun ki vle akeyi Rekonsilyasyon Bondye ap ofri a prezan ak tout kò li. Dèyè ekran an, moun nan pa plis ke yon imaj. Konfesyon an pa sèlman pawòl absolisyon yo, gen jès lonje men sou tèt la tou. Sakreman se pawòl plis jès. Eske nou ka vide dlo sou foto yon timoun epi nou di nou batize l ? » Oubyen, eske yon paran ka rele n nan apèl video pou yon batèm, epi nan moman batèm nan kòm tèl, nou jis wouze ekran an ?

 

2.- Krisyanizm la, se yon Relizyon « Renkont »

Kesyon sekrè a, se yonn nan gwo baryè kifè li pa yon bon lide pou nou fè tande konfesyon nou nan telefòn. Anpil bagay ka pase pa lantremiz telefòn nan. Nou konnen byen kòman diskresyon an, konfidansyalite a, se yon gwo koze nan sakreman Larekonsilyasyon an. Dayè, Legliz la prevwa gwo sanksyon pou yon Minis ki ta vyole li (⇒ CIC, can. 1388, §1; CCEO, can. 1456). Epoutan, menm si nou ta pwoteje telefòn nou, nou mete mo-de-pas, yon moun ka toujou pirate l; sa vo pou òdinatè tou.

Kretyen yo, se ras moun ki patizan Rankont, paske yo kwè nan yon Bondye ki se Renkont : lè Li te vle sove ras lèzòm, se pa ni yon lèt li te ekri ; se pat yon sms li te voye ; se pat yon imèl li te adrese n ; se pat yon entèmedyè li te chwazi, men se Pitit li a li te voye vin tounen Moun pou rankontre moun.

E Jezi pat fente. Chak rankont li te fè te tounen okazyon delivrans pou moun li rankontre yo : Nikodèm, Mari-Madlèn, Samaritèn nan, Adiltè a, Sentiryon an (pitit li a), pitit fi Jariyis la, Zache, avèg yo, lepre yo, foul la nan savann nan… Pòl ; kèlkeswa, ak yon rega ki fè yo reviv, yon pawòl ki delivre yo, oubyen yon touche ki remete yo kanpe, li te chèche rankontre yo.

M ka imajine kòman nou ta renmen selebre Sakreman yo, kòman yo manke nou, èspesyalman Lamès ak Lakonfesyon. Tankou premye kretyen yo te konn di l la : « Nou paka viv san Dimanch la ! » Se nòmal ; e se bèl bagay. Bondye li menm pa fòse nou fè jèn èspirityèl sa a ; sitou se pa nou ki chwazi. E lè konsa, lap difisil pou li donnen nan lavi nou kòm kretyen ; lap difisil pou li fè nou grandi èspirityelman. Men, sa nou ka tire nan sa, sèke menm si nou paka rasanble kòm kominote, pou nou selebre lafwa nou, nou kapab konsidere l kòm okazyon pou nou adore Bondye nan lespri ak nan laverite (Jan 4,23).

Se vre, nou ka toujou lapriyè nan telefòn, jwenn gras benediksyon (benediksyon pa yon sakreman). Nou ka swiv Lamès epi Kominyon èspirityèlman ; dayè se sa nap eksperimante nan moman difisil sa. Men, pou Konfesyon an, repons la klè : Non ! Pa gen sakreman nou ka resevwa pa lantremiz teknoloji.

Legliz la bay pozisyon l sou koze sa. Konfesyon an dwè endividyèl, fèt nan sekrè, klè, fòk Minis la tande byen, e fòk li konplè. Nou paka Konfese nan telefòn, poutèt sa sakreman an ye nan li menm : Randevou favè Bondye ak moun, ki gen yon kò ak yon nanm.

Yon Sakreman, se yon rankont ak yon evénman.  Li administre « hic et nunc », sa vle di : la epi konnye a, nan espas kote benefisyè a ak minis la ye a. Sakreman an dwe touche benefisyè a imedyatman, sa vle di, pa dwe gen okenn medyasyon vityèl (ekran). Se yon pawòl ki bay lavi kap pwononse, e Minis la akonpànye l ak yon jès ki rive jwenn benefisyè a dirèkteman.

Fòk nou di tou, nan peyi Lafrans ak Lejip, se yon bagay ki egziste. Men se pa ni Konferans Evèk Frans la, ni Patriyach Kòpt la (Ejip) ki bay pouvwa fè sa. Dayè Konferans Evèk Frans la di se yon bagay ki envalib, yo kondane sa epi Patriyach la entèdi sa. Konferans Evèk yo nan peyi Pewou entèdi sa tou. Olye de Konfese an liy, li ta pi bon pou nou di: se yon senp sekrè ki pataje. Pa plis ke sa. Mgr Bernard Podvin di : « Konfese nan telefòn se yon bagay prive. Se pa Legliz Frans la ki bay pèmisyon. Nan konfesyon, se yon nesesite pou Pè a la, menm kote ak penitan an, sinon pa yon sakreman ».

Men, jan nou wè teknoloji a ap vanse la, nap mande èske pa gen anpil bagay kap posib avèk entènèt? Men, sa ki sèten, sèke Sakreman batèm, Konfimasyon, Lekaristi, Lòd ak Malad pa janm posib nan tèlefòn, ou tout aparèy ekran ; paske, fòk dlo a koule sou batize a, fòk moun kap kominyen an manje Kò Kris la, fòk yo mete men sou tèt Òdinan an epi konsakre men li, fòk moun malad la fiksyonnen.

-------------------------

(Nòt : gen plizyè fason nou ka batize. Pa egzanp :

 Gen Batèm san : Apot yo : yonn menm pat plonje nan dlo, men yo bay tèt yo pou Jezi ak koz Levanjil la.

Gen Batèm dezi : Si yon moun anvi batize, men li pa jwenn Minis, depi li pwofese sa Kredo Legliz la, li se yon batize. Yon lòt ka ankò : si pa egzanp moun nan sou wout pou l al batize, epi l fè yon aksidan, li mouri, li konsidere kòm yon moun ki batize.

Gen Batèm sikonstans : 

Se lè moun nan, pa egzanp devan danje lanmò, epi l deside tounen Kretyen. Nan ka sa, nenpòt moun ka batize l. Moun ki batize l la pa oblije Kretyen ; sa pa enpòtan. Sa ki enpòtan, se lafwa moun ki resevwa Sakreman an. Li dwe fè sa daprè entansyon Legliz : fòk gen dlo epi fòk li kwè li batize nan non Papa, ak Pitit la, ak Lesprisen an. E Batèm sa bon paske gras la pa soti bò kot okenn moun, men bò kot Bondye ki se Sous tout favè.

 

Sous :

Abbé Pierre Amar, www.aleteia.org, 20 mars 2020.

Dwa Kanon, Liv IV, Sakreman yo, 1983.

www.cybercure.fr/je-celebre-les-sacrements/Reconciliation, la confession des péchés, 22-03-2020, 3:00PM.

 

 

Se Pè Emmanuel Fénélus ki prepare epi pataje ti koze sa ap nou.

Dyosèz Fòlibète / emanley12.canalblog.com

25 mas 2019

Jou fèt Anonsyasyon Granmèt la

 

(Silvouplè, pa retire, pa mete)

 

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 547 209
Publicité