Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
23 février 2019

7e Dimanch, Tan Senp, ane C - Renmen lénmi nou yo, lapriyè pou sila yo kap pèsekite nou yo

23 fevrye 2019

28janv5


Frè ak sè m yo,
Lè nou gade Litiji Lapawòl lanmès maten an, nou ta kapab rele dimanch jodi a « dimanche de la miséricorde ». Paske tout 3 lèktu yo, nan sans pa yo envite nou reflechi sou kè sansib Bondye genyen pou nou, e sou kè sansib nou dwe genyen yonn pou lòt.


Nan selebrasyon lafwa sa a nou vin viv la, Pawòl Bondye a ap mande nou pou nou refuze vanjans, antan nap chèche viv nan renmen chak jou. Se temwanyaj sa a nou trouve nan premyè lèktu a. Nou te tande kòman jalouzi te fè Sayul tap chèche elimine David. E David te trouve okazyon pou li te touye Sayul, men li te padonnen l. Paske David te rekonèt ke vanjans pa regle anyen, vanjans pap mennen pyès kote. Sinon, lap plonje nou plis « dans l’abime », pi plus « dans le kraze, brize ».


Frè ak sè m yo, premyè lèktu a dwe entèpele nou chak ak nou tout. Pou nou kapab rive konprann, kòman lè nou refuze vanjans, menm jan ak David, nou pote laviktwa sou vyolans, pou nou debouche sou renmen. E, si nou vle tout bonvre konstwi yon sosyete ki chita sou renmen, nou dwe chèche travay chak jou pi plus pou nou elimine, dechouke, kraze vyolans sou wout nou. Paske vyolans la pap regle anyen. Kifè, nou pa dwe mande mal pou moun ki pa vle wè nou ; nou pa dwe mande mal, pou moun ki pa vle nou avanse ; nou pa dwe mande mal pou moun ki vle touye nou. Okontrè, si yon moun ta va ap fouye yon twou pou li touye nou, se pou nou chèche ede l konprann enpòtans lavi; koman l dwe prezèvel paske se yon bagay ki sakre.


Nan Levanjil la, Jezu envite nou, pou nou renmen tout moun alawonnbadè. Paske renmen an se idantite kretyen an li ye. Men gendelè, frè m ak sè m yo, olye nou pran tan pou nou konjuge vèb renmen chak jou nan lavi nou, nou pito pran plezi nan kritike, nan pale lòt la mal, nan taye rad mete sou li. Mais, nous ne devons jamais oublier, comme nous dit l’Evangile d’aujourd’hui, la mesure que nous utilisons pour les autres, servira aussi pour nous. Mezi nap sèvi pou lòt yo, ap sèvi pou nou tou. (Lc 6,38).
Levanjil la envite nou pou nou genyen kè sansib, menm jan Bondye Papa nou genyen kè sansib. E Bondye tèlman genyen kè sansib pou nou, li pran pasyans pou l renmen nou. ( Se tankou chante a di l spesyalman nan refren l nan…Bondye gen kè sansib pou nou….).


Frè ak sè m yo, tout nannan Pawòl Bondye a, se yon envitasyon pou nou genyen kè sansib yonn pou lòt. Men, sen Luk, comme étant l’évangéliste de la miséricorde, nan lanmès maten an, ap ede nou dekouvri, e viv anmenm tan sans kè sansib Bondye a. Yon Bondye ki vle pou nou tout alawonnbadè sove. Se sa ki fè, li fè nou kado sèl grenn Pitit li a pou vin montre nou chemen kap mennen nou nan kay renmen an. E, sen Pòl nan dezyèm lèktu a, ap pale nou de premye ak dènye Adan an. Premye Adan an te fèt ak tè, e li te pechè. Nouvo e dènye Adan an, se Kris la, Sila a ki sòti nan Lespri a, Lespri Bondye a. Se gras a nouvo Adan an, ki se Kris la, nou vin genyen yon pwen kòmen ki se kretyen. Se gras a li, nou kapab rele lòt frè ak sè. E si nou se frè ak sè, nou aple e nou kondane pou nou viv nan renmen. Nou dwe sispann viv chen manje chen ; nou dwe sispann di, chak koukouy klere pou je l ; nou dwe sispann di : rann sèvis bay chagren ; nou dwe sispann di : kou pou kou Bondye kontan. Vye pwovèb sa yo, se bak yap fè nou fè nan fason nap viv pwojè kretyen nou. Kidonk, frè m ak sè m yo, nou dwe toujou uni, pou nou yonn soutni lòt. E, se lè nap viv nan tèt ansanm, nap rive pote laviktwa sou tout fòs mal ; se lè nap viv nan tèt ansanm lènmi an pap kapab fè nou anyen. Parce que quand nous sommes unis, nos ennemis deviennent notre nourriture.


Frè m ak sè m yo, tout litiji lanmès la, espesyalman litiji lapawòl la, se yon envitasyon Bondye fè nou chak ak nou tout pou nou kiltive plus renmen, e se lokazyon pou nou di « aba vanjans, aba kòlè », paske kòlè lèzòm pa regle justis Bondye (Jc 1,20). Nan lanmès maten an, ak pandan tout lavi nou, an nou mande Bondye, ba nou lagras pou nou viv pi plis nan renmen yonn pou lòt. Konsa, nou va santi tout bon vre kòman Wayòm nap travay pou li an, déjà prezan nan mitan nou sou tè, jodi a e pou tout tan gen tan.

 

Pè Paulin Jean, Vikè Katedral sen Jozèf

Fòlibète, Ayiti

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 548 687
Publicité