Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
15 juin 2017

Jezi vivan nan losti, li se wout lavi

Jezi vivan nan losti, li se wout lavi, lavi Bondye. Pitit Bondye kominyen pou yo gen lavi, lavi Bondye.

 

Ostensoir (8)

1.- Losti se kòm yon vwal, li vwale Verite. Men, pa lafwa nou kwè san nou pa wè : Losti a se Jezikri.

 

2.- Se Jezi menm ki di ; e sa li di se vre. Li sèvi pen an dizan : « Se Kò mwen, manje l nou va gen lavi »

 

3.- Jezi di verite, nou asire sou li. Li bay diven an dizan se : « San mwen. Bwè li nou va gen lavi ».

 

4.- Jezi mete Legliz ape fè sa l te fè. Kan losti a konsakre nan Lamès, nou gen Jezi byen vivan.

 

5.- Losti se nouriti, gras a li nou garndi. Lakominyon fè nou yonn ak Jezi, li fè nou yonn antrenou.

 

6.- Nou reyini sou tab e nou manje menm Pen. Nou tout se yon sèl fanmi, yon sèl ras Jezi ki rasanble nou.

 

7.- Poutèt Lakominyon, fò nou yonn renmen lòt ; fò nou kontan wè tout frè ak tout sè ap vi n pi byen jou an jou.

 

8.- Jezi konnen soufrans, li gen yon kè tou dou. Nou kominyen pou n aprann konsole tout moun ki gen dlo nan je.

 

9.- Jezi pa fè lenmi ak moun ki t ap nui li. nou kominyen pou nou konne padone moun ki te fè nou ditò.

 

10.- Kan li te fi n mouri, Jezi leve vivan. Nou kominyen pou nou lwen ak peche : peche ak mouri se menm.

 

11.- Jezi kite al jwi laglwa nan syèl ak li, nou kominyen pou n ale rasanble nan bonè lakay Bondye.

 

12.- Jezi fè yonn ak nou, sa ban nou kè kontan. Mèsi Bondye pou lapè ou ban nou : nou vle toujou viv ak ou

 

NR 158

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 548 687
Publicité