Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
30 mai 2017

Tou sa n genyen tou sa n ye... Chant d'offrande

Procession d'Ofrrande

Tou sa n genyen, tou sa n ye, se ou ki ban nou yo ; nou vin remèt yo nan men w Granmèt, pran yo pou fè sèvis ou ! tou sa n genyen tou sa n ye, se ou ki ban nou yo, nou vin remèt yo nan men w Granmèt, pran yo pou sove frè n yo !

 1.- Depi avan mwen fèt ou te deja konnen m ; depi nan vant manman m, ou te deja chwazi m. ou gen yon plan pou mwen kif è w mete m ap viv ; si m paf è volonte w, mwen pap janm reyisi l.

2.- Ti pen nap ofri w la, se ou ki ban nou li. Diven nap ofri w la, se nan men w li soti. Anpil moun te travay pou yo jan yo ye a. konsa yo reprezante tou sa ki sou tè a.

3.- ou bann fòs ak lespri pou n kiltive tè a ; se pou sa nap ofri w moso nan rekòt la. Se pa sa pou w gade, men se kontantman kè n, se lavi nap ba ou ak tout renmen k nan kè n.

4.- Ou bann kapasite pou nou donte tè a ; ou fè nou envante yon pakèt gran bagay. Tou sa n reyalize n ta vle pou lwanj ou ; ede n travay sa pou glwa ou kap eklate.

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 548 687
Publicité