Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
15 mai 2017

Kredo: Wi Bondye mwen kwè… Nan tout Pawòl ou yo.- NR

credo 1

(Wi Bondye mwen kwè… Nan tout Pawòl ou yo !)

Kredo, Bondye wi mwen kwè, mwen kwè nan tout sa ou di, mwen tande Pawòl ou a : sou li mwen jwe lavi m.

1.- Mwen kwè gen yon sèl Bondye, Papa ki ge tout pouvwa; li fè syèl la ak tè a, ni sa n wè ni sa n pa wè. Mwen kwè gen yon sèl Granmèt, Jezikri, sèl Pitit li. Li se Pitit Papa a depi avan tout tan ; li Bondye tout bon vre. Wi Bondye mwen kwè nan tout pawòl ou yo.

2.- Mwen kwè Jezi se Limyè, Limyè ki sot nan Limyè. Mwen kwè Jezi se Bondye, li sot nan vrè Bondye a. Jezi se Pitit Bondye, ni se pa fè yo fè li. Li Bondye tankou Papa-a e se ak pouvwa li dènye bagay kreye. Wi Bondye mwen kwè nan tout pawòl ou yo.

3.- Mwen kwè pou l sove tout moun, Jezi desann sot nan syèl, gras pouvwa Lesprisen an, Jezi vin genyen yon kò ; wi nan vant Mari ki Vyèj, se la li tounen yon moun. Li soufri sou Pons-Pilat ; yo kloure l sou yon kwa e yo antere li. Wi Bondye mwen kwè nan tout pawòl ou yo.

4.- Mwen kwè sou twa jou l leve, jan Labib te anonse ; li monte anwo nan syèl ; li chita adwat Papa-a. Li gen pou li retounen nan kantite bèlte li, pou l jije tout moun vivan ak tout moun ki mouri ; e li va Wa pou tout tan. Wi Bondye mwen kwè nan tout pawòl ou yo.

5.- Mwen kwè gen Lesprisen an, li Granmèt, li bay Lavi. Se Lespri Bondye Papa, se Lespri Pitit la tou. Yo adore l ak Papa ansanm ak Pitit la tou. Li jwenn menm Louanj ak yo. Se li ki t ap pale lè Pwofèt yo tap pale. Wi Bondye mwen kwè nan tout pawòl ou yo.

6.- Mwen kwè gen yon sèl Legliz ; ki fè yon sèl kòt fanmi. Li sen, li la pou tout moun, sou Apot yo li bati. Mwen kwè gen yon sèl Batèm pou lave peche nou yo. M ap tann tout mò leve ; map tann lavi kap vini an : mèsi Bondye. Amèn. Wi Bondye mwen kwè nan tout pawòl ou yo.

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 547 147
Publicité