Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
15 mai 2017

Mache.- Mgr Frantz Colimon

D+S

Mache, Mache, Mache Is 39, 29; Ps 84,6.

 

1-Chemin an devan m’, map mache san rete.

Chalè ak fredi pa janm jwenn nou sou wout (Is 4, 5-6).

Kote n’pa kapab, nou fè yon ti poze (Ex40, 36-38).

Lè fòs nou refè, nou reprann rout nou an.

 

2-Grangou avèk swaf pa kab fè nou kanpe (Ex 16,1-17 ; Dt8,3). Fatig ak dòmi pap pase nou atè.

Nou mèt ralanti nap pyete, nap rive (Gn 33,14).

Jous kote n’ prale nan bout chemin nou an.

 

3- Nou pap gad dèyè pou n’ pa dekouraje (Gn 19,17).

Se chak jou n’ap jwenn yon bagay ki tou nèf Mt6,34.

Moso pa moso, bout pa bout, pyès pa pyès.

Nap rive kote yo voye nou ale.

 

4-Nou mèt pou kont kò n’, nou konn kote n’ prale.

Nou pap pèdi wout, menm si n’ vire tounen (Ac16,6-10).

Yon jou kòm milan, milan menm kòm yon jou (2P3,8; Ps90,4). Nap trennen, trennen, men nap rive kan menm.

 

5-Feblès, maladi, desepsyon ak echèk.

Anyen pa resi fè n’ lage sou wout la.

Mache nap mache, nou bliye sak dèyè.

Lè so nap pare, se elan nap reprann.

 

6- Pasyans, andirans, louvrit tout pòt pou nou.

Odas ba yon fòs poun mache jous nan bout.

Si n’ chita, n’ kouche, se pou n’ kap al pi lwen.

Pou n’ rive kote n’ap repoze tout bon.

 

7-Manman nou avè n’ sou kote l’ lap pote n’.

Li fè n’ repoze, sou jenou l’ balanse n’.

Li fè n’ bwè kont lèt jous nou byen konsole. Li fè kè n’ kontan, kè n’ ap bat anndan kè l’.

 

8-li mete n’ kouche sou lestomak Papa n’.

Chagren nou fini, tout anvi nou konble.

Ni chè nou, ni san n’ yo jwenn sa yo bezwen.

Lespri n’ satisfè pou tout tan kap gen tan.

 

 

 

Mgr. Frantz Colimon

14 février 2013

Sts Cyrille et Méthode

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 548 751
Publicité