Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
22 mars 2017

RANKONT MANMAN MARI YO AK PITIT LI A JEZIKRI

Jesus et sa mere a Cana

A pied de la croix

 

Nan 2èm gran reyinyon Pap Jan XIII ak Pap Pòl VI te fè ak tout Evèk nan lemonn antye yo nan Eta Vatikan, sa nou rele Konsil Vatikan 2 a, yo te ensiste anpil sou konkou Manman Mari nan delivrans nou Pitit li a Jezikri te pote pou nou an. Yo pale de tout bagay sa yo de kote : premye kote a se nan chapit 8 Konstitisyon dògmatik ki pale de Legliz la, Lumen Gentium, epi 2èm nan menm, se nan nimewo 4 liv ki pale sou patisipasyon fidèl-layik yo nan misyon Legliz la, Apostolicam Actuositatem, ki di konsa : « Nan kad delivrans nou, Mari te toujou rete kole, li te toujou fè yonn ak Pitit li a ; e pèsonn lòt moun pat rive fè sa menm jan avèk li».

Pandan 2 fwa, chapit 8 Lumen Gentium nan di nou kijan patisipasyon Mari a te fèt. Yon premye fwa, li di nou : « Depi lè l fenk ansent, Mari te plen ak lagras Bondye ki te chwazi l nan pami tout moun. Se pousa, selon lòd Bondye te ba li, zanj Gabryèl salye pandan li rele l « ou menm ki plen lagras » (Lik 1,28) ; epi li menm li reponn zanj la « Men sèvant Granmèt la, se pou sa rive jan ou di a » (Lik 1,38). Konsa Manman Mari, Pitit fi Adan, dakò antre nan plan travay Bondye a ki se delivrans nou e li vin tounen Manman Pitit li a ; li vin tounen sèvant Granmèt la nan mistè delivrans la. Kifè, Evèk yo te byen panse, lè yo di « Bondye pat sèvi ak Mari san konsantman l, men se ak tout libète l epi se nan obeyisans li li te aksèpte antre nan delivrans ras lèzòm nan Jezi te pote pou nou an» (Lumen Gentium 56).

Yon dèzyèm kote, Evèk yo tounen pale de patipasyon Mari ankò nan delivrans nou lè yo deklare kijan Mari se Manman Legliz la. An li sa yo di : « Depi avan Bondye te kreye anyen, li te chwazi Mari ki toujou vyèj pou li te kab vin Manman Pitit li a; e nan reyalizasyon delivrans la, Manman Sovè a te asosye ak Pitit li a pi plis pase dènye moun, li menm ki Pòv sèvant li » (LG 61-65).

Tout jès Mari gen rapò ak Jezi ; e li toujou poze yon fason ki èspesyal : nan fason li ansent li, nan fason li akouche l, nan fason li pran swen l, nan fason li prezante l nan Tanp la, nan fason li soufri ak li pandan l tap mouri sou lakwa… Obeyisans Mari, lafwa li, espwa li, renmen li montre kijan patisipasyon li te èspesyal nan reyalizasyon delivrans nou. Se pou sa, nan sa ki gen pou wè ak lagras, nou rele li Manman, paske li se Manman Sila ki toujou ap pote nou sekou a[1].

Nan koze sa, 2èm Konsil Vatikan a mete anpil aksan sou rankont Mari te fè ak Pitit li a pandan ministè li, rankont sa yo nou twouve nan Levanjil sinoptik yo (sen Matye, sen Mak, sen Lik) e, yon fason pi èspesyal, nan Levanjil sen Jan an. Se yon seri de rankont ki dwe atire atansyon nou menm tou ; paske nan tout moun Jezi te rankontre, rankont avèk Manman l yo dwe enteresan nou an premye. Manman Mari te viv yo nan lafwa, paske li menm tou, sitou li menm, premye moun nan tan nouvo yo ki te kwè, li te chemine tankou nou nan lafwa (Wom 1,17) ; li pat rive konprann pwojè Bondye yon sèl kou, se piti piti li te rive konprann li.

 

 

RANKONT MARI AK PITIT LI A NAN LEVANJIL SINOPTIK YO

 

Nan sa ki gen pou wè ak rankont Mari ak Pitit li a, Pè konsilyè yo[2] fè yon deklarasyon ki enpòtan anpil ; men kisa yo di : « Pandan Pitit li a tap preche sou Wayòm nan, Mari te akeyi tout pawòl yo, pawòl kote Jezi tap montre kijan Wayòm nan se pa yon fanmiy chè ak san, yon fanmiy biyolojik, men se tout moun ki koute pawòl la epi ki gade l (Lik 11,27-28 àMc 3,35), tankou jan Manman l te toujou fè sa (Lc 2,19.51) » (LG 58). (Remake byen, se menm Levanjelis la ki pale de tout bagay sa yo).

 

  • Mari ak Pitit li a nan Tanp la (Lik 2,46-50)

            Premye rankont Mari fè ak Jezi deyò lakay yo Nazarèt tonbe daplon ak premye demach piblik Jezi ki te yon timoun toujou. Nou tout nou konnen istwa lè Jezi te sove kite papa l ak manman l nan, lè yo te ale nan pèlerinaj nan lavil Jerizalèm nan. Paran yo te twouve yo nan gwo tèt cho paske yo tap chèche l pandan 3 jou epi yo pat ka jwenn li. Pou Manman l Mari, se sa pwofèt Simeyon te di a ki kòmanse rive (wè Lik 2,35). Se konsa Mari ak Jozèf vin twouve li, Mari di : « Pitit mwen, poukisa ou fè nou sa ? Gade non, se pa de chèche papa w avèk mwen, nou tou angwase, n ap chèche w !» (Lik 2,48) Se le sa a atò Jezi reponn yo : « Nou pa konnen m dwe nan lakay Papa m ? » Tankou Jozèf, Mari pat konprann pawòl sa yo ki t ap soti nan bouch Pitit li a (Lik 2,50) epoutan li te gade yo nan kè li (v. 51) epi li tap medite sou yo (Lik 2,19). Se piti piti Mari te pral vin konprann kijan Pitit li a se Bondye tout bon vre e kijan se tout moun pwojè delivrans li a konsène.

« Poukisa n ap chèche m…. », se yon pawòl ki gen anpil enpòtans pou nou paske se sèl  pawòl Jezi ki te konsève pandan li te timoun. E se pawòl sa a ki pral defini Jezi nan vrè reyalite li : li dirije tout panse li nan direksyon Papa li. Se yon epizòd tou ki anonse mistè lanmò ak leve byen vivan Jezi. Gen anpil bagay ki montre sa. Ni epizòd sa a, ni lanmò ak leve byen vivan Jezi pase Jerizalèm. Toulede dire 3 jou. Pèdi Jezi pèdi a sanble ak yon lanmò ; e kontan paran l yo te kontan jwenn li a sanble ak kè kontan Pak la. Kifè, lè Jezi pale ak Manman l konsa, li pat vle fè lòt bagay, sinon prepare Manman l pou l akeyi nan lafwa reyalizasyon pwofesi Simeyon an, pwofesi kout epe ki gen pou fann kè Mari a.

« Sa fè twa jou depi mwen ak papa w ap chèche w… » Mari pale de Jozèf, papa adòptif Jezi, Jezi li menm reponn pandan l ap pale de Papa li ki nan syèl la. Kounye a nou wè kisa ki fè Mari pat konprann sans pawòl sa yo a. kesyon nou ta kapab poze tèt nou : « Poukisa Jezi pale ak Manman l yon fason pou l pa konprann ? ». Nou pap jwenn lòt repons, sinon : « li te pale avèk Manman l konsa, se paske li te vle fòme l nan lafwa, li te vle prepare li pou l anbrase soufrans li ak lanmò li. Se sa tout epizòd sa a eksplike : volonte Jezi ki vle prepare kè Manman l nan lafwa, pa lantremiz soufrans. Mari pat konprann pawòl sa yo, men li tap medite yo nan kè li. Lespri li pat ka konprann yo, men nanm li te akèyi yo, menm jan tè a louvri pou l resevwa ti grenn nan pou l pèmèt li jèmen. Mari te kwè avan l te chèche konprann ; paske li te sèten se te pawòl Pawòl Bondye ki te vin tounen Moun nan zantray li a.

 

  • Kilès ki manman m… ? (Mt 12,46-50 ; Mc 3,31-35 ; Lc 8,19-31àLik 11,27-28)

(Mari ak parante espirityèl Jezi yo)

Pandan Jezi t ap preche foul moun yo, Manman l ak Frè l yo, sa vle di kouzen l yo, t ap chèche wè l. Sen Lik pa di poukisa yo t ap chèche wè l, men sen Mak li menm li di poukisa : Fanmiy Jezi yo te gen pwoblèm, yo t ap enkyete yo poutèt sa yo t ap tande sou li (Mak 3,21). Kouzen l yo pat konnen sans misyon li, yo te panse l ap pran yon move direksyon, se pou sa yo vin chèche l, paske yo pa t konprann anyen. Mari te konnen yo pat konprann anyen, epoutan li dakò ale avèk yo paske li pat vle Pitit li a antre nan konfli avèk yo.

Sen Matye ak sen Mak mete plis sèl nan fason yo rakonte epizòd sa a. Yo rakonte: “Pandan li t ap pale toujou ak foul yo, men Manman l ak frè l yo te kanpe deyò, y ap chèche pale avèk li. Yon moun te di l : Men Manman w ak frè w yo kanpe deyò, y ap chèchè pale avèk ou. Li menm menm antan l reponn, li te di moun nan ki te pale avèk li a : Kilès ki manman m epi kilès ki frè m ? epi, antan l lonje men l sou disip li yo, li te di : Men manman m nan ak frè m yo. nenpòt moun reyèlman ki fè volonte Papa m ki nan syèl la, se li  menm ki frè m, sè m epi manman m” (Mt 12,46-50; Mak 3,32-35).

Pawòl sa Jezi di a gen anpil fòs. Se tankou lè l t ap mete Sakreman yo. Li fòme gran fanmi espirityèl li a ak tout patizan l yo. Mari pat santi l jennen lè l te tande pawòl sa yo; li se te Manman Jezi sou tè a, li se premye disip Mèt la, premye moun ki te kwè, se pousa li gen premye plas nan fanmiy spirityèl Jezi a. Sen Lik li menm ale nan sen Mak (3,31-35) pou l pale de menm bagay la epi li ale nan parabòl moun k ap simen an pou l fini l : « Moun ki manman m, moun ki frè m…» (Lik 8,21). Paske semans Pawòl Bondye ki tonbe nan bon tè a, se yo ki donnen (Lik 8,15). La ankò, Mari okipe premye plas la paske, beni pase tout fiy, (Lik 1,42), li te gen kè li pi pwòp pase dènye moun ; li te pare kè li pase tout moun pou l te kab akèyi Pawòl vivan Bondye Papa a lè Gabriyèl te vin kote l (Lik 1,38) ; Pawòl sa ki te donnen pi bèl fwi nan vant li a.

Nan chapit 11 vèsè 27 levanjil li a, sen Lik pale de yon fanm ki t ap egzalte Mari. Fanm sa a te di : « Se chans pou Fanm ki te pote w e ki te baw tete a ». Lè sen Lik fè sa, li pa fè lòt bagay sinon fè nou sonje pawòl pwofèt Elizabèt te di sou Mari a (Lik 1,42-45) ak bèl pawòl kantik Mari a (Lik 1,48). Li te vle montre tou kijan Mari beni pi plis toujou paske li te koute pawòl Bondye epi te gade l nan kè li (Lik 11,27). Se pou sa sen Ogisten te di, e li te gen rezon di : « Mari te kontan paske Pitit Bondye a te fèt nan vant li ; men li te plis kontan toujou paske li te toujou kenbe san li pat janm pèdi lafwa sa Pitit li a te vin pote pou nou an[3]».

Si Mari pat Manman Jezi, li patap gen okenn dwa sou li, jis pou l ta mande pou li. Men tou, li pat ankò konnen si li te pral vin Manman tout moun ki deside mache dèyè Pitit li a. li pat ankò pare pou sa. Se pou sa Jezi te reponn konsa. Li te vle fòme lafwa Manman l pandan lap aprann li depase yon senp renmen nan lachè pou l vin Manman tout moun pa pouvwa Lesprisen an, renmen sa ki pral pèmèt li aksèpte vin tounen Manman yon bann pitit la (Jan 19,25-27 ; Ap 12,17 ; Women 8,29 ; Gal 4,4-7). Rankont Mari ak Pitit li a te deja parèt byen klè nan Levanjil sinoptik yo, kounye a nou pral wè nan Levanjil sen Jan an kijan yo parèt pi klè toujou.

 

RANKONT PÈSONÈL MARI AK PITIT LI A NAN LEVANJIL SEN JAN

Nan Levanjil sen Jan an, nou jwenn de (2) pati. Nan premye pati a (Jan 1-12), nou wè Jezi k ap prepare Lè pa li a (Jan 2,4) ; nan dezyèm pati a (Jan 12-21), Jezi reyalize Lè pa li a (Jan 12,23). Nou wè tou kijan nan chak pati sa yo, Mari fè yon rankont ak Pitit li a:

  1. rankont Jezi ak Manman l nan nòs ki t ap fèt nan lavil kana a (Jan 2,1-11)
  2. rankont Jezi ak Manman l nan pye lakwa a (Jan 19,25-28).

 

Premye a voye nou nan dezyèm nan epi dezyèm nan akonpli premye a. premye a jwenn tou sans li nan dezyèm nan.

 

  1. a.        Rankont Jezi ak Manman l nan nòs ki t ap fèt nan lavil Kana a (Jan 2,1-11)

 

-          Lè pa m nan poko rive

Lè sen Jan mete epizòd sa a nan levanjil li a, fòk nou pa panse se wòl Mari li te vle fè wè avan. Non. Avan tout bagay, epizòd sa a konsène Jezi. Sen Jan rele Dlo tounen diven an «  premye mirak Jezi ». « Li fè wè pouvwa li epi disip yo kwè nan li » (Jan 2,11). Depi nan Ansyen Testaman an, tout pwofèt Bondye yo dwe pwouve se Bondye ki voye yo. Pousa, yo bezwen fè yon mirak nan non Bondye (Izayi 7,11). Se konsa tou Jezi dwe pwouve sa li ye bò kote jwif yo ak yon siy, yon mirak. Nikòdèm pral konfese sa: « Nou rekonèt sa: ou se sila ki soti bò kot Bondye a; paske pèsonn pa kapab fè bagay sa yo si Bondye pat avèk li » (Jan 3,2 àJan 6,29-30; 7,3.31; 9,16.33). Jezi oblije fè mirak yon fason pou l envite moun yo kwè nan li (Jan 2,11.23 ; 4,48-54 ; 11,15.42 ; 12,37). Se konsa tou, moun ki refize kwè nan misyon li a, malgre mirak li yo, jije tèt yo e kondane tèt yo yo menm ; paske yo refize soti nan peche yo (Jan 9,41 ; 15,24).

Fòk nou pa bliye tou, Jezi se Pitit Gason Wa a (Bondye) marye ak limanite a (Mat 22,2àAp 19,7-9). Nan peyi Jezi, Lagalile, tankou sa fèt nan peyi nou, se gason ki bay bwason lè gen maryaj. E nou konnen byen se sou lakwa Jezi pral siyen kontra maryaj li a. Bwason li pral bay la se pwòp san li (Mat 26,27-28 ; Mak 14,23-24 ; Lik 22,20). San sila k ap pèmèt nou benefisye lavi nèt ale a (Jan 6,53-56). Se pou sèlman sa Jezi te di Manman l: “ Lè pa m nan poko rive a”; Lè sa Jezi t ap pale de li a, se soufrans ak lanmò li (Jan 7,37 ; 8,20 ; 12,27) ki fè yonn ak lè Bèlte li (Jan 12,23.27.28 ; 13,1 ; 17,1). Kisa ki genyen an kòmen ant mwen menm ak ou ? Se tankou Jezi ta vle di : nou pa genyen menm pwojè ! Ou menm wap jije tankou moun, ou pè pou moun yo pa wont ! Mwen menm, m gen yon misyon sou tè a, e se li ki enterese m ! E misyon m sou tè a, se pote diven tout bon an pou maryaj pou toutan yo. Kifè, sa ki enterese w la, li pa enterese m mwen menm !

 

-          Dlo a tounen diven

Anpil nèg save k ap reflechi sou Labib la epi k ap chèche tout sans mirak Jezi yo (tewolojyen yo) konn fè erè bliye wòl Mari ; menm tewolojyen katolik yo konn pran nan pyèj sa a tou. Lè nou gade Konstitisyon dògmatik Lumen Gentium nan, nou wè se pa sa Pè konsilyè yo panse. Yo pa neglije refleksyon tewolojyen yo, men yo envite nou wè kijan levanjil la plase Mari toupre Jezi nan kad reyalizasyon delivrans nou an. Men kisa yo di : « Pandan lavi piblik Jezi, Manman l parèt aklè depi nan kòmansman, nan maryaj lavil Kana nan peyi Galile a ; kè l te fè l mal pou moun yo e gras a pale l te pale sa ak Jezi, Sovè a fè premye mirak li » (LG 58). Pè konsilyè yo pale de de (2) bagay : yo pale de entèvansyon Mari epi yo pale kijan entèvansyon sa a te pote fwi.

Nan moso levanjil ki rakonte mirak « dlo tounen diven » an nan lavil Kana a nan peyi Galile a, non Mari site twa (3) fwa. Jan menm site non l avan Jezi (Jan 2,1). Se li menm ki te, an premye, al di Jezi nan zòrèy « Moun yo pa gen diven » (Jan 2,3). Se li menm tou ki te di sèvitè yo « fè tout sa li di nou fè » (Jan 2,5). Mari te vle Jezi fè yon mirak (sa montre kijan li te sèten Jezi te soti bò kot Bondye). Men Jezi reponn li: « Kisa ki gen ant mwen menm avèw Madanm? ». Gen anpil moun ki wè nan repons sa yon desepyon. Men nou menm, nou sèten Mari li menm li pat konprann li konsa pliske tousuit li te di sèvitè yo: « Fè tout sa li di nou fè ». li te sèten Pitit li a t ap koute epi pran an konsiderasyon demand li a. E se gras a demand sa a Jezi te rive fè premye mirak li ki te fè disip yo kwè nan li pandan ministè piblik li.

Pandan tan sa, si se te sa vre, si lè pou Jezi te fè premye mirak li ki te pral fè disip yo kwè nan li a te rive vre, poukisa l te oblije montre pa gen anyen ant manman l e li menm? Fòk nou pa bliye, fason Jezi pale avèk manman l nan, se yon fason moun peyi li te konn pale ; e nou jwenn sa nann tou 2 Tèstaman yo : Jij 11,12 ; 2 Sam 16,10 ; 19,23 ; 1Wa 17,18 etc. Mat 8,29 ; Mak 1,24 ; 5,7 ; Lik 4,34 ; 8,28. Se sèlman si nou mete dyalòg la nan kontèks li n ap rive jwenn sans pawòl sa a. Jezi obeyi Manman li pandan l ap sèlman fè l sonje kijan li detanche ak fanmiy lachè li ; se sa Levanjelis sinoptik yo te vle montre nou ; nou jwenn egzanp sa nan Mak 3,33-35. Gen moun k ap reflechi sou pawòl sa yo e yo ede nou konprann kijan lè Jezi di Manman l « Lè pa m nan poko rive », li pa fè lòt bagay, sinon ede Manman l gen menm atitid avèk li e konprann pi byen pwojè li a.

Tout levanjil sen Jan an pale de « Lè Jezi a ». Chapit 1,1-18 se Pwològ la ki tankou yon rezime tout levanjil la sou fòm yon powèm (vèsè 1 pou rive vèsè 13, nou wè Pawòl Bondye, Logòs la, Vèb Bondye a ki desann ; epi nan vèsè 14 pou rive vèsè 18, nou wè menm Pawòl sa ki remonte akote l soti a). Men nan Jan chapit , 1,19 pou rive chapit 12, nou wè Jezi k ap prepare Lè a. E nan chapit 13 pou rive chapit 21, nou wè Jezi ki reyalize Lè li, Lè pou li antre nan laglwa li ki sove n nan[4]. Lè sa a se Lè li ; men li pra l fè l vin tounen Lè Mari an menm tan. Mari te la lè Jezi te fè premye mirak li (dayè se li ki te mande Jezi fè sa), li pral la tou nan Gòlgota, nan pye lakwa a. Lè a potko rive, men Jezi fè premye mirak li, gras a demand Manman li, jis pou l te anonse vini Lè tout bon vre a epi bay Manman l randevou lè Lè sa a rive. Nou sèten Mari pat konprann tousuit sans pawòl Pitit li a, men paske li te akeyil nan lafwa, Lesprisen an pral ede l konprann yo ofi-e-a-mezi.

Pou yon Jwif, se pa nòmal pou yon timoun rele manman l « fanm / madanm», sa pa gen okenn sans ; dayè nou pa janm wè nan Bib la kote yon jenn gason ap rele manman l konsa. Epoutan, lè nou gade nan levanjil sen Jan an, nou wè li gen tout sans li. Nan nòs lavil kana a, Jezi rele Manman l Fanm / Madanm. Nan pye lakwa a, li pral tounen trete Manman l menm jan an ankò e se la li pral bay tit sa a tout sans li : li fè wè wòl Mari pandan lap fè nou sonje Jenèz 3,15 “M ap fè ou menm ak Fanm nan tounen lèdmi, ni pitit ou ak Pitit li ; Wap mode Pitit li nan talon, e li menm l ap kraze tèt ou” Jezi fè Mari tounen premye Madanm nan : Èv tounèf la « Manman tout moun k ap viv ». Èv se te manman tout moun nan ansyen tan yo (Jenèz 3,20), Jezi pral fè Manman l tounen Manman tout moun nan tan tounèf yo (Jan 19,16-27).

Mari mande Pitit li a pou bay moun yo diven pou nòs la, epoutan Pitit la menm t ap fè lide sou diven tout bon an : San li ki pral koule sou bwa lakwa a, lè « Lè a » rive a. lè Jezi di « Lè pa m nan » poko rive a, li pa fè lòt bagay sinon repouse Manman l, men se pou yon ti tan. Li pral vin jwenn vrè plas li a toupre Pitit li a lè « Lè a » rive. Nan repons sa a, Jezi bay Manman l randevou sou mòn kalvè a. Tewolojyen an Oryan yo konprann sa trè byen. Yo tèlman konprann sa, nan litiji yo a, yo mete pawòl sa nan bouch Mari : « Pitit mwen, ou pral retounen nan nòs nan lavil Kana ankò pou w fè dlo tounen diven?[5] »

Nou sonje nan kòmansman epizòd la, sen Jan di «  Manman Jezi te la » (Jan 2,1). Sa ki enterese Evanjelis la, se pa Mari moun Nazarèt la, men Mari Manman Jezi. Manman Jezi sa a ki kite yon bèl tèstaman pou nou. Li pa di anpil bagay. Nan Levanjil sen Jan an, li di sèlman de (2) pawòl. Yonn pou Pitit li a (diven moun yo fini), yonn pou lèzòm (fè tout sa l di nou fè). Se menm pawòl sa nou te tande nan bouch Farawon an (wa Ejip la) ki tap pale ak moun peyi Lejip la ki te vin dèyè manje : « Al jwenn Jozèf, fè tout sa li di nou fè ! » Mari wè nan Pitit li a Jozèf tout bon vre a ki vin ban nou yon manje k ap fè nou pap janm santi grangou ankò si nou manje li, ak yon bwason k ap pase swaf nou pou toutan si nou bwè li (Jan 6,48-58 ; 4,14). « Manman Jezi te la » (Jan 2,1), se yon pawòl ki anonse epi prepare yon lòt pawòl ki sanble ak li tèt koupe ; paske se menm sen Jan an ki rakonte nou « Tou pre kwa Jezi a, Manman Jezi te la… » (Jan 19,25). An nou wè sa pi klè.

 

  1. Rankont Jezi ak Manman l nan pye lakwa a (Jan 19,25-28)

       Premye objèktif levanjil sen Jan an se fè wè mistè Legliz la; nou pa bliye sa. Men tou, Tewolojyen yo fè nou wè kijan Mari gen plas li. Epi paske Mari se figi Legliz la pou jis lè Jezi retounen, yo bay pawòl Jezi te di Manman l yo avan l mouri anpil valè. Levanjil sen Jan an pa pale aklè, se yon levanjil senbolik. Andre Chouraki, premye Jwif ki te tradui Nouvo Testaman an, di konsa : « Se sèlman lè n ap kontanple nan silans n ap kapab li, konprann, kòmante, petèt tradwi Levanjil Jan an[6]».  Yon savan e Pè Legliz la, Orijèn, di yon lòt bèl pawòl : « Pèsonn moun pap pran sans levanjil Jan an, si li pa mete tèt li sou lèstomak Jezi epi si Jezi pat ba li Mari pou Manman[7] ».

       Nan chapit 13 vèsè 35 levanjil li a, sen Jan ekri: « Se nan sa tout moun ap konnen se disip mwen nou ye, si nou gen renmen yonn pou lòt ». Lè nou gade ak anpil atansyon tout levanjil li a, nou wè kijan se konsa sen Jan toujou defini disip Jezi yo. Disip yo se zanmi Jezi (Jan 15,10-13ss); yo rete nan renmen l nan lè yo obsève tout kòmandman l yo (Jan 14,15.21-23). Se menm disip sa yo, zanmi sa yo, Jezi te rele frè apre l te fin leve soti vivan nan lanmò a (Jan 20,17; 21,23). Se pousa, disip Jezi te renmen an (Jan 13,23 ; 19,26 ; 20,2 ; 21,7), se figi, se senbòl tout lòt disip yo. Jan reprezante tout disip Jezi yo, lòt pitit madanm nan, sa vle di tout moun ki dakò obsève kòmandman l yo nan lafwa (Ap 12,17).

       Se menm disip sa, ki reprezante tout lòt disip yo, Jezi te remèt Mari. Sou mòn Kalvè a, kote Jezi, Chèf la, te sove nou an. Lè l te livre Kò li a, Mari te la, e se Bondye Papa a menm ki te vle sa. « Wi » li te di Gabriyèl la (Lik 1,38), te toujou limen nan kè l tankou yon flanm dife. Li pat di « Wi » sèlman pou l te pote Sovè a, men tou, li te dakò fè yonn ak li nan tout bagay ; li te dakò pou kè l fanm ak koup epe a, tankou Simeyon te anonse l sa (Lik 2,35 à Jan 19,25-27) : li patisipe nan travay Pitit li a ki te vini pou sove nou, menm si l pat konprann sa touswuit. Se pousa, nan zafè lagras, li se Manman nou tout.

       Konsa, tèstaman sa a, pawòl sa yo Jezi te di Manman l nan pat ni yon deklarasyon, ni yon lòd, ni yon bagay nouvo, se te sèlman yon revelasyon ki devwale plan Bondye, mistè sa a ki te la depi avan kòmansman tan yo. Nan menm moman Kris la ap kite tè a pou l vin tounen Chèf tout moun, tout nasyon, tout pèp, tout linivè a, gras a leve li leve byen vivan nan lanmò a (Trav 2,36 à Filip 2,6-11), Mari ki toujou Vyèj la, Manman l, li menm tou, te vin tounen Manman tout moun ki kwè yo pa pouvwa Lesprisen an. Sen Ansèlm fè nou wè sa pi byen, lè l di nou :

« Bondye ban nou Pitit li a, sèl grenn fwi kè li, ki te Bondye menm jan avèk li epi li te renmen menm jan li renmen pwòp tèt pa l ; li bay Mari li, e nan zantray Mari, nan kè Mari, li vin tounen Pitit Mari. Se pa yon lòt moun, men se menm Pitit li a ki vin tounen moun, konsa pou menm moun nan vin tounen sèl grenn Pitit li ak sèl grenn Pitit Mari. Tout kreyasyon an se travay Bondye, epoutan Bondye fèt nan vant Mari ! Bondye fè tout bagay, Mari bay Bondye nesans. Bondye ki fòme tout bagay la fòme tèt li nan zantray Mari, konsa li refè tout sa li te fè (2Kor 5,17 ; Ap 21,5). Li menm ki te fè tout bagay avan anyen te egziste, li pat vle refè kreyasyon sa a ki te detwi a san Mari. Kifè, Bondye se Papa tout bagay ki te kreye yo, Mari li menm se Manman tout bagay ki refèt yo. [Li menm se Manman Sila ki fè nou vin sen e vin tounen pitit la (Gal 4,4-7)]. Bondye se Papa tout bagay nan lemonn antye, Mari se Manman tout linivè ki sove a. Paske Bondye fè Sila, san li menm, anyen pa ka bon an. Wi, Granmèt la avèk ou tout bon : li fè w yon kado ki fè tout lanati dwe di w mèsi anpil anpil[8] ».

       Si nou gade byen, n ap wè kijan se pa Mari Jezi konfye a Jan avan, men se disip la Jezi remèt nan men Mari avan. Se Mari ki resevwa misyon an ; yon gran misyon : li remèt Manman l disip la, nan menm moman l ap sove tout moun nan. Anplis de sa, li pa sèlman mande Manman l pou l aji tankou yon Manman, li fè Manman l tounen Manman disip la. Li pa di Manman l « konsidere l tankou pitit ou » ; men li di l « Madanm, men Pitit ou ». Jezi pat di Jan : « konpòte avèk li tankou se te manman w! »,  men li di l : « Pitit, men Manman w ». Se yon pawòl ki reyalize sa li siyifi a, li fè Mari tounen vrè Manman Jan, li fè disip la tounen vrè pitit Mari.

       Se sèlman si nou mete ansanm tout pawòl Mari te konn tande yo n ap konprann vrè sans yo. Lè li te aksèpte vin tounen Manman Jezi jou Gabriyèl te vin kote l la, li pat ka konprann kisa ki te gen dèyè repons li a. li pat konnen kijan lè li te aksèpte tounen Manman yon Sèl la, li te tou dakò vin Manman tout moun. Yon wòl ki pat fasil depi menm nan kòmansman : Simeyon anonse l kijan doulè gen pou fanm kè l tankou yon kout epe. Nan nòs Kana a, Jezi mande pou l pran fòm kòl, li mande l pou asume wòl li, kòm Fanm ki asosye a. Pami tout moun yo, Jezi dil kijan se sèlman parante selon Lespri a li rekonèt, e non parante selon lachè a. Se jis nan pye lakwa a, lè « Lè a te rive a », li te pral vin konprann kijan wòl li a te gran anpil. Li pat fèmen sou li menm, okontrè, nan mitan soufrans ak doulè, li te asime epi adòpte tout limanite nan dakò li te dakò pran Jan pou pitit li. Li nan pye lakwa a, tankou Manman tout moun k ap viv, l ap ofri Pitit li a pou delivrans tout moun. Li menm, pitit Èv « Fanm nan », se Manman Sila ki vin reyalize pwojè Bondye pou nou an. Li se Manman Legliz la, Kò mistik Kris la, Manman tout moun ki dakò refèt nan lagras Jezi pote pou ou an (Jan 3,5à Jan 1,17), Manman tout moun ki pa toujou fidèl, Manman ki pa janm bouke bay pitit nesans sou tè a, fè ledikasyon yo tankou l te fè pou Pitit li a.

[Manman Mari, aprann nou pale pawòlou konn pale pou rakonte jan Bondye bon. Ou se Manman tout pitit Bondye, ban nou ledikasyon pou n kapab rive nan syèl la]

[Pou Bondye vini rankontre ak nou(Jezi), kote li desann ? se nan ou Mari ! li pou nou jwenn li, kote n a prale ? nou pa jwenn li yon lòt kote pase nan ou !]

 

Liv an fransè nou sèvi ak li nan kad reyalizasyon ti travay sa a

  1. Abbé C-A SOHIER, Au fil de l’évangile de Jean, Stavelot, le 22 mai 2000
  2. Clément DILLENSCHNEIDER C.SS.R, Le dynamisme de notre foi, Alsatia, Paris, 1968.
  3. HUYGHE, Mgr Gérard, Conduits par l’Esprit, Cerf, Paris, 1964.
  4. L’Alternative, Revue du Grand Séminaire Notre-Dame d’Haïti, « Famille d’aujourd’hui, que peut-on espérer de toi ? » No 123, Juin 2014, 3ème trimestre.
  5. Vatican II, Les seize documents conciliaires, Cerf, Montréal, 1967.

 



[1] Tradiksyon fransè a fè nou di « Notre-Dame du Perpetuel Secours » ; men vrè fason pou nou di a se « Note-Dame, Mère du Perpetuel Secours » (Mgr Frantz COLIMON)

[2] Pè konsilyè yo se tout Evèk yo ki te patisipe nan Konsil Vatikan II ki te fèt nan lane 1962 pou rive 1965 la.

[3] Nou jwenn pawòl sen Ogisten sa a nan liv Cleman Dilenchinaydè ekri a e ki rele Mouvman lafwa nou. (Clément DILLENSCHNEIDER C.SS.R, Le dynamisme de notre foi, Alsatia, Paris, 1968.)

[4] Abbé C-A SOHIER, Au fil de l’évangile de Jean, Stavelot, le 22 mai 2000, pp. 7-13.

[5] Nou jwenn pawòl sa yo nan Liv Abbé C-A SOHIER, Au fil de l’évangile de Jean, Stavelot, le 22 mai 2000, p. 23.

[6] Nou jwenn pawòl sa yo nan Liv Abe C-A SOHIER, Au fil de l’évangile de Jean, Stavelot, le 22 mai 2000, p. 3.

[7] Nou jwenn pawòl sa yo nan Liv Abe C-A SOHIER, Au fil de l’évangile de Jean, Stavelot, le 22 mai 2000, p. 3.

[8] Saint Anselme, Oratio 52: PL 158.955-956; Liturgia Horarum I; Office de Lecture pour le 8 Décembre; Liturgie des Heures 1,1297.

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 548 426
Publicité